< Deteronòm 24 >
1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li.
Jeśli mężczyzna poślubi kobietę i zostanie jej mężem, a potem zdarzy się, że nie znajdzie ona upodobania w jego oczach, gdyż znalazł u niej coś nieprzyzwoitego, wtedy wypisze jej list rozwodowy, wręczy go jej i odprawi ją ze swego domu.
2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye.
A gdy ona opuści jego dom, może wyjść za mąż za innego.
3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri,
A jeśli drugi mąż ją znienawidzi, wypisze jej list rozwodowy, wręczy go jej i odprawi ją ze swego domu, albo jeśli umrze ten drugi mąż, który pojął ją za żonę;
4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a. “Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
To ten pierwszy mąż, który ją odprawił, nie będzie mógł powtórnie pojąć jej za żonę, gdyż jest ona splugawiona; to bowiem jest obrzydliwością przed PANEM. Nie dopuszczaj do popełnienia takiego grzechu w ziemi, którą PAN, twój Bóg, daje ci w dziedzictwo.
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
Mężczyzna, który niedawno się ożenił, nie pójdzie na wojnę ani nie będzie obciążony żadnym obowiązkiem pracy. Będzie wolny w swym domu przez jeden rok i będzie cieszyć się swoją żoną, którą pojął.
6 “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite.
Nikt nie weźmie w zastaw kamienia młyńskiego górnego ani dolnego, gdyż to brałby [jakby] jego życie w zastaw.
7 “Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
Jeśli znajdzie się człowiek, który porwał kogoś ze swych braci, z synów Izraela, i handluje nim lub go sprzedał, to ten złodziej poniesie śmierć; tak usuniesz zło spośród siebie.
8 “Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè.
Uważaj na plagę trądu, aby pilnie przestrzegać i czynić wszystko, czego was uczą kapłani Lewici. Dopilnujcie wypełnienia tego, co im nakazałem.
9 Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
Pamiętaj o tym, co PAN, twój Bóg, uczynił Miriam w drodze, gdy wyszliście z Egiptu.
10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti.
Gdy coś pożyczysz swemu bliźniemu, nie wchodź do jego domu, aby wziąć od niego zastaw.
11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou.
Będziesz stał na dworze, a człowiek, któremu pożyczyłeś, wyniesie do ciebie zastaw przed dom.
12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li.
A jeśli ten człowiek jest ubogi, nie położysz się spać z jego zastawem.
13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
Koniecznie zwrócisz mu zastaw o zachodzie słońca, żeby mógł spać w swojej odzieży i błogosławić cię. To zostanie ci poczytane za sprawiedliwość przed PANEM, twoim Bogiem.
14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo.
Nie wyrządzisz krzywdy ubogiemu i nędznemu najemnikowi spośród swoich braci lub obcych, którzy są w twojej ziemi, w obrębie twoich bram.
15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
Tego samego dnia dasz mu jego zapłatę, przed zachodem słońca. Jest bowiem ubogi i z tego się żywi; by nie wołał do PANA przeciwko tobie, a to obciążyło cię grzechem.
16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
Ojcowie nie poniosą śmierci za dzieci ani dzieci nie poniosą śmierci za ojców. Każdy za swój grzech poniesie śmierć.
17 “Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti.
Nie naginaj sądu obcego ani sieroty i nie bierz w zastaw odzieży wdowy;
18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
Ale pamiętaj, że byłeś niewolnikiem w Egipcie i że PAN, twój Bóg, wybawił cię stamtąd. Dlatego nakazuję ci, abyś to czynił.
19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo.
Gdy będziesz żął zboże na swoim polu i zapomnisz snopka na polu, to nie wracaj, aby go wziąć. Będzie to dla obcego, sieroty i wdowy, aby ci błogosławił PAN, twój Bóg, w każdym dziele twoich rąk.
20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
Gdy będziesz otrząsał swoje drzewo oliwne, nie przeglądaj drugi raz gałązek. Będzie to dla obcego, sieroty i wdowy.
21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
Gdy będziesz zbierał winogrona ze swojej winnicy, nie zbieraj pozostałych gron. Będzie to dla obcego, sieroty i wdowy.
22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
I pamiętaj, że byłeś niewolnikiem w ziemi Egiptu. Dlatego nakazuję ci, abyś to czynił.