< Deteronòm 23 >
1 “Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a.
No man injured by crushing or cutting off may enter the assembly of Yahweh.
2 Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a.
No illegitimate child may belong to the assembly of Yahweh; as far as to the tenth generation of his descendants, none of them may belong to the assembly of Yahweh.
3 Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a,
An Ammonite or a Moabite may not belong to the assembly of Yahweh; as far as to the tenth generation of his descendants, none of them may belong to the assembly of Yahweh.
4 akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou.
This is because they did not meet you with bread and with water on the road when you had come out of Egypt, and because they hired against you Balaam son of Beor from Pethor in Aram Naharaim, to curse you.
5 Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou.
But Yahweh your God would not listen to Balaam; instead, Yahweh your God turned the curse into a blessing for you, because Yahweh your God loved you.
6 Nou pa pou chache lapè pou yo, ni pwosperite yo pandan tout jou nou yo.
You must never seek their peace or prosperity, during all your days.
7 Nou pa pou meprize yon Edomit, paske li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li.
You must not detest an Edomite, for he is your brother; you must not abhor an Egyptian, because you were a foreigner in his land.
8 Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a.
The descendants of the third generation that are born to them may belong to the assembly of Yahweh.
9 Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay.
When you march out as an army against your enemies, then you must keep yourselves from every evil thing.
10 Si gen pami nou, yon nonm ki pa pwòp akoz li ejakile nan lannwit; alò, li oblije ale deyò kan an. Li pa kapab reantre nan kan an,
If there is among you any man who is unclean because of what happened to him at night, then he must go out of the army's camp; he must not come back into the camp.
11 men li va fèt ke lè aswè rive, li va benyen tèt li avèk dlo. Konsa, lè solèy kouche, li kapab reantre nan kan an.
When evening comes, he must bathe himself in water; when the sun goes down, he will come back inside the camp.
12 Ou va, osi, gen yon kote deyò kan an; epi se la ou gen pou ou ale pou eliminen pèsonèl.
You must have a place also outside the camp to which you will go;
13 Konsa, nou va genyen yon pèl pami zouti nou yo, epi li va fèt ke lè nou chita deyò a, nou va fouye avèk li, e nou va kouvri poupou nou.
and you will have something among your tools to dig with; when you squat down to relieve yourself, you must dig with it and then put back the earth and cover up what has come out from you.
14 Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.
For Yahweh your God walks in the midst of your camp to give you victory and to give your enemies into your hand. Therefore your camp must be holy, so that he may not see any unclean thing among you and turn away from you.
15 Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou.
You must not give back to his master a slave who has escaped from his master.
16 Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. Nou pa pou maltrete li.
Let him live with you, in whatever town he chooses. Do not oppress him.
17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo.
There must be no cultic prostitute among any of the daughters of Israel, neither must there be a cultic prostitute among the sons of Israel.
18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
You must not bring the wages of a prostitute or the wages of a dog into the house of Yahweh your God for any vow; for both these are abominations to Yahweh your God.
19 Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè.
You must not lend on interest to your fellow Israelite—interest of money, interest of food, or the interest of anything that is lent on interest.
20 Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
To a foreigner you may lend on interest; but to your fellow Israelite you must not lend on interest, so that Yahweh your God may bless you in all that you put your hand to, in the land which you are going in to possess.
21 Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou.
When you make a vow to Yahweh your God, you must not be slow in fulfilling it, for Yahweh your God will surely require it of you; it would be sin for you not to fulfill it.
22 Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou.
But if you will refrain from making a vow, it will be no sin for you.
23 Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
That which has gone out from your lips you must observe and do; according as you have vowed to Yahweh your God, anything that you have freely promised with your mouth.
24 Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou.
When you go into your neighbor's vineyard, you may eat as many grapes as you desire, but do not put any in your basket.
25 Lè nou antre nan chan sereyal ki pou vwazen nou, nou gen dwa rekòlte tèt grenn yo avèk men nou; men nou pa kapab voye kouto a nan rekòlt sereyal a vwazen nou an.
When you go into your neighbor's ripe grain, you may pluck the heads of grain with your hand, but do not put a sickle to your neighbor's ripe grain.