< Deteronòm 22 >

1 “Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an.
non videbis bovem fratris tui aut ovem errantem et praeteribis sed reduces fratri tuo
2 Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm.
etiam si non est propinquus tuus frater nec nosti eum duces in domum tuam et erunt apud te quamdiu quaerat ea frater tuus et recipiat
3 Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
similiter facies de asino et de vestimento et de omni re fratris tui quae perierit si inveneris eam ne neglegas quasi alienam
4 “Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
si videris asinum fratris tui aut bovem cecidisse in via non despicies sed sublevabis cum eo
5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
non induetur mulier veste virili nec vir utetur veste feminea abominabilis enim apud Deum est qui facit haec
6 “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo.
si ambulans per viam in arbore vel in terra nidum avis inveneris et matrem pullis vel ovis desuper incubantem non tenebis eam cum filiis
7 Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
sed abire patieris captos tenens filios ut bene sit tibi et longo vivas tempore
8 “Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
cum aedificaveris domum novam facies murum tecti per circuitum ne effundatur sanguis in domo tua et sis reus labente alio et in praeceps ruente
9 “Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
non seres vineam tuam altero semine ne et sementis quam sevisti et quae nascuntur ex vinea pariter sanctificentur
10 “Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
non arabis in bove simul et asino
11 “Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm.
non indueris vestimento quod ex lana linoque contextum est
12 Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
funiculos in fimbriis facies per quattuor angulos pallii tui quo operieris
13 “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li
si duxerit vir uxorem et postea eam odio habuerit
14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’
quaesieritque occasiones quibus dimittat eam obiciens ei nomen pessimum et dixerit uxorem hanc accepi et ingressus ad eam non inveni virginem
15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la.
tollent eam pater et mater eius et ferent secum signa virginitatis eius ad seniores urbis qui in porta sunt
16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li.
et dicet pater filiam meam dedi huic uxorem quam quia odit
17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.
inponet ei nomen pessimum ut dicat non inveni filiam tuam virginem et ecce haec sunt signa virginitatis filiae meae expandent vestimentum coram senibus civitatis
18 Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman.
adprehendentque senes urbis illius virum et verberabunt illum
19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
condemnantes insuper centum siclis argenti quos dabit patri puellae quoniam diffamavit nomen pessimum super virginem Israhel habebitque eam uxorem et non poterit dimittere omni tempore vitae suae
20 “Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj,
quod si verum est quod obicit et non est in puella inventa virginitas
21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
eicient eam extra fores domus patris sui et lapidibus obruent viri civitatis eius et morietur quoniam fecit nefas in Israhel ut fornicaretur in domo patris sui et auferes malum de medio tui
22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
si dormierit vir cum uxore alterius uterque morientur id est adulter et adultera et auferes malum de Israhel
23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li,
si puellam virginem desponderit vir et invenerit eam aliquis in civitate et concubuerit cum illa
24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
educes utrumque ad portam civitatis illius et lapidibus obruentur puella quia non clamavit cum esset in civitate vir quia humiliavit uxorem proximi sui et auferes malum de medio tui
25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri.
sin autem in agro reppererit vir puellam quae desponsata est et adprehendens concubuerit cum illa ipse morietur solus
26 Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye.
puella nihil patietur nec est rea mortis quoniam sicut latro consurgit contra fratrem suum et occidit animam eius ita et puella perpessa est
27 Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
sola erat in agro clamavit et nullus adfuit qui liberaret eam
28 “Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri,
si invenerit vir puellam virginem quae non habet sponsum et adprehendens concubuerit cum ea et res ad iudicium venerit
29 alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.
dabit qui dormivit cum ea patri puellae quinquaginta siclos argenti et habebit eam uxorem quia humiliavit illam non poterit dimittere cunctis diebus vitae suae
30 Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.
non accipiet homo uxorem patris sui nec revelabit operimentum eius

< Deteronòm 22 >