< Deteronòm 21 >

1 “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li,
If one be found slain in the land which the LORD your God gives you to possess it, lying in the field, and it be not known who has slain him:
2 alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.
Then your elders and your judges shall come forth, and they shall measure unto the cities which are round about him that is slain:
3 “Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj.
And it shall be, that the city which is next unto the slain man, even the elders of that city shall take an heifer, which has not been wrought with, and which has not drawn in the yoke;
4 Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
And the elders of that city shall bring down the heifer unto a rough valley, which is neither eared nor sown, and shall strike off the heifer's neck there in the valley:
5 “Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo.
And the priests the sons of Levi shall come near; for them the LORD your God has chosen to minister unto him, and to bless in the name of the LORD; and by their word shall every controversy and every stroke be tried:
6 Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a.
And all the elders of that city, that are next unto the slain man, shall wash their hands over the heifer that is beheaded in the valley:
7 Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li.
And they shall answer and say, Our hands have not shed this blood, neither have our eyes seen it.
8 Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone.
Be merciful, O LORD, unto your people Israel, whom you have redeemed, and lay not innocent blood unto your people of Israel's charge. And the blood shall be forgiven them.
9 Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
So shall you put away the guilt of innocent blood from among you, when you shall do that which is right in the sight of the LORD.
10 “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite,
When you go forth to war against your enemies, and the LORD your God has delivered them into your hands, and you have taken them captive,
11 epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm,
And see among the captives a beautiful woman, and have a desire unto her, that you would have her to your wife;
12 alò, nou va mennen li lakay nou. Li va pase razwa sou tèt li, e taye zong li.
Then you shall bring her home to your house, and she shall shave her head, and trim her nails;
13 Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou.
And she shall put the raiment of her captivity from off her, and shall remain in your house, and mourn for her father and her mother a full month: and after that you shall go in unto her, and be her husband, and she shall be your wife.
14 Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te imilye li.
And it shall be, if you have no delight in her, then you shall let her go where she will; but you shall not sell her at all for money, you shall not make merchandise of her, because you have humbled her.
15 “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an,
If a man have two wives, one beloved, and another hated, and they have born him children, both the beloved and the hated; and if the firstborn son be hers that was hated:
16 epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a.
Then it shall be, when he makes his sons to inherit that which he has, that he may not make the son of the beloved firstborn before the son of the hated, which is indeed the firstborn:
17 Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. A li devni dwa a premye ne a.
But he shall acknowledge the son of the hated for the firstborn, by giving him a double portion of all that he has: for he is the beginning of his strength; the right of the firstborn is his.
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo,
If a man have a stubborn and rebellious son, which will not obey the voice of his father, or the voice of his mother, and that, when they have chastened him, will not hearken unto them:
19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a.
Then shall his father and his mother lay hold on him, and bring him out unto the elders of his city, and unto the gate of his place;
20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’
And they shall say unto the elders of his city, This our son is stubborn and rebellious, he will not obey our voice; he is a glutton, and a drunkard.
21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
And all the men of his city shall stone him with stones, that he die: so shall you put evil away from among you; and all Israel shall hear, and fear.
22 “Si yon nonm te fè yon peche ki merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa,
And if a man have committed a sin worthy of death, and he be to be put to death, and you hang him on a tree:
23 kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.
His body shall not remain all night upon the tree, but you shall in any way bury him that day; (for he that is hanged is accursed of God; ) that your land be not defiled, which the LORD your God gives you for an inheritance.

< Deteronòm 21 >