< Deteronòm 2 >
1 “Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
“此后,我们转回,从红海的路往旷野去,是照耶和华所吩咐我的。我们在西珥山绕行了许多日子。
2 “Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di:
耶和华对我说:
3 ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a.
‘你们绕行这山的日子够了,要转向北去。
4 Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon.
你吩咐百姓说:你们弟兄以扫的子孙住在西珥,你们要经过他们的境界。他们必惧怕你们,所以你们要分外谨慎。
5 Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.
不可与他们争战;他们的地,连脚掌可踏之处,我都不给你们,因我已将西珥山赐给以扫为业。
6 Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”
你们要用钱向他们买粮吃,也要用钱向他们买水喝。
7 “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
因为耶和华—你的 神在你手里所办的一切事上已赐福与你。你走这大旷野,他都知道了。这四十年,耶和华—你的 神常与你同在,故此你一无所缺。’
8 “Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
“于是,我们离了我们弟兄以扫子孙所住的西珥,从亚拉巴的路,经过以拉他、以旬·迦别,转向摩押旷野的路去。
9 “Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’
耶和华吩咐我说:‘不可扰害摩押人,也不可与他们争战。他们的地,我不赐给你为业,因我已将亚珥赐给罗得的子孙为业。’
10 “(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo).
先前,有以米人住在那里,民数众多,身体高大,像亚衲人一样。
11 Tankou Anakim yo, yo konnen kòm Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim.
这以米人像亚衲人;也算为利乏音人;摩押人称他们为以米人。
12 Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
先前,何利人也住在西珥,但以扫的子孙将他们除灭,得了他们的地,接着居住,就如以色列在耶和华赐给他为业之地所行的一样。
13 “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
现在,起来过撒烈溪!于是我们过了撒烈溪。
14 “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.
自从离开加低斯·巴尼亚,到过了撒烈溪的时候,共有三十八年,等那世代的兵丁都从营中灭尽,正如耶和华向他们所起的誓。
15 Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
耶和华的手也攻击他们,将他们从营中除灭,直到灭尽。
16 “Epi li te vin rive ke lè tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la,
“兵丁从民中都灭尽死亡以后,
17 ke SENYÈ a te pale avè m e te di:
耶和华吩咐我说:
18 ‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la.
‘你今天要从摩押的境界亚珥经过,
19 Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’
走近亚扪人之地,不可扰害他们,也不可与他们争战。亚扪人的地,我不赐给你们为业,因我已将那地赐给罗得的子孙为业。’
20 “(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim,
那地也算为利乏音人之地,先前利乏音人住在那里,亚扪人称他们为散送冥。
21 yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo,
那民众多,身体高大,像亚衲人一样,但耶和华从亚扪人面前除灭他们,亚扪人就得了他们的地,接着居住。
22 jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.
正如耶和华从前为住西珥的以扫子孙将何利人从他们面前除灭、他们得了何利人的地、接着居住一样,直到今日。
23 Epi Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
从迦斐托出来的迦斐托人将先前住在乡村直到迦萨的亚卫人除灭,接着居住。
24 “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè.
你们起来前往,过亚嫩谷;我已将亚摩利人希实本王西宏和他的地交在你手中,你要与他争战,得他的地为业。
25 Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”
从今日起,我要使天下万民听见你的名声都惊恐惧怕,且因你发颤伤恸。”
26 “Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di:
“我从基底莫的旷野差遣使者去见希实本王西宏,用和睦的话说:
27 ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch.
‘求你容我从你的地经过,只走大道,不偏左右。
28 Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. Sèlman, kite mwen pase ladann a pye,
你可以卖粮给我吃,也可以卖水给我喝,只要容我步行过去,
29 jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
就如住西珥的以扫子孙和住亚珥的摩押人待我一样,等我过了约旦河,好进入耶和华—我们 神所赐给我们的地。’
30 “Men Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
但希实本王西宏不容我们从他那里经过;因为耶和华—你的 神使他心中刚硬,性情顽梗,为要将他交在你手中,像今日一样。
31 “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
耶和华对我说:‘从此起首,我要将西宏和他的地交给你;你要得他的地为业。’
32 “Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la.
那时,西宏和他的众民出来攻击我们,在雅杂与我们交战。
33 SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a.
耶和华—我们的 神将他交给我们,我们就把他和他的儿子,并他的众民,都击杀了。
34 Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan.
我们夺了他的一切城邑,将有人烟的各城,连女人带孩子,尽都毁灭,没有留下一个。
35 Se sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
惟有牲畜和所夺的各城,并其中的财物,都取为自己的掠物。
36 “Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.
从亚嫩谷边的亚罗珥和谷中的城,直到基列,耶和华—我们的 神都交给我们了,没有一座城高得使我们不能攻取的。
37 Sèlman, nou pa t pwoche teritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te enpeche nou antre.”
惟有亚扪人之地,凡靠近雅博河的地,并山地的城邑,与耶和华—我们 神所禁止我们去的地方,都没有挨近。”