< Deteronòm 19 >

1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo,
Lorsque le Seigneur votre Dieu aura effacé les nations dont il vous donne le territoire, et que vous aurez recueilli leur héritage, vous demeurerez en leurs villes et en leurs maisons.
2 “Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a.
Vous séparerez vous-mêmes trois villes au milieu de la terre que le Seigneur vous donne.
3 Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati teritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.
Dispose pour toi la voie, fais trois parts du territoire que le Seigneur ton Dieu te donne en héritage, et que dans chacune il y ait un refuge pour le meurtrier.
4 “Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——
Voici la loi concernant le meurtrier qui s'y sera réfugié: il vivra, s'il a commis un meurtre involontairement, sans aucune haine précédente.
5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv.
Celui qui sera entré après son prochain en une forêt de chênes pour y couper du bois, et dont la main, en coupant du bois, aura laissé échapper la hache, de sorte que le fer, se séparant du manche, ait atteint son prochain, et lui ait donné la mort, se réfugiera dans l'une de ces villes, et il vivra.
6 Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.
De peur que le vengeur du sang, le cœur enflammé ne le poursuive et ne le surprenne, faisant une longue route, et ne le frappe à mort, quoiqu'il ne soit pas condamné à périr, puisqu'il n'avait aucune précédente haine contre le défunt.
7 Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
C'est pourquoi je te donne ce commandement, et je dis: Pour toi-même, sépare trois villes.
8 “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè teritwa nou an vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo;
Et si le Seigneur ton Dieu dilate tes limites, comme il l'a promis à tes pères, et s'il te donne toute la terre qu'il a promis à tes pères de te donner,
9 epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm.
Si tu écoutes et si tu mets en pratique ces commandements que je t'intime aujourd'hui: d'aimer le Seigneur ton Dieu, de marcher tous les jours en toutes ses voies; tu ajouteras, de toi-même, trois villes à ces trois villes.
10 Jis pou san inosan pa vèse nan mitan teritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.
Et le sang innocent ne sera pas répandu en la terre que le Seigneur te donne pour héritage, et nul chez toi ne sera coupable de ce sang versé.
11 “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo,
Mais, s'il existe chez toi un homme haïssant son prochain, s'il l'a guetté, s'il s'est levé contre lui, s'il l'a frappé à mort; si l'autre a succombé et si lui-même se réfugie dans l'une de ces villes,
12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri.
Les anciens de sa ville enverront après lui, et on l'y saisira, et on le livrera aux mains du vengeur du sang, et il mourra.
13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
Ton œil ne prendra pas en pitié cet homme, et tu purifieras Israël du sang innocent versé, et tu prospèreras.
14 “Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.
Tu ne déplaceras pas les bornes que tes pères auront posées au lot qui te sera échut en partage en la terre que le Seigneur ton Dieu te donne pour que tu la possèdes.
15 “Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.
Un seul témoin ne suffira pas contre un homme au sujet de quelque iniquité, de quelque faute, de quelque péché que celui-ci aurait commis; le jugement s'appuiera sur deux ou trois témoignages.
16 “Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè,
Et si un témoin inique s'est levé contre un homme, l'accusant d'impiété,
17 alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
On amènera les deux hommes, entre lesquels il y aura contestation devant le Seigneur, et devant les prêtres, et devant les juges qu'il y aura en ces jours-là;
18 “Jij yo va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l,
Les juges examineront avec soin, et s'ils voient que c'est un témoin inique qui s'est levé contre son frère pour porter de faux témoignages,
19 alò, nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an.
Vous lui ferez subir le châtiment qu'il aurait attiré sur son frère, et vous déracinerez le mal parmi vous.
20 Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou.
Ceux qui auraient fait de même auront crainte, et ils ne continueront plus de commettre cette mauvaise action parmi vous.
21 Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
Ton œil ne prendra pas en pitié un tel homme: vie pour vie, œil pour œil, dent pour dent, main pour main, pied pour pied.

< Deteronòm 19 >