< Deteronòm 17 >
1 “Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
“凡有残疾,或有什么恶病的牛羊,你都不可献给耶和华—你的 神,因为这是耶和华—你 神所憎恶的。
2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a,
“在你们中间,在耶和华—你 神所赐你的诸城中,无论哪座城里,若有人,或男或女,行耶和华—你 神眼中看为恶的事,违背了他的约,
3 epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande,
去事奉敬拜别神,或拜日头,或拜月亮,或拜天象,是主不曾吩咐的;
4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vrè, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël,
有人告诉你,你也听见了,就要细细地探听,果然是真,准有这可憎恶的事行在以色列中,
5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
你就要将行这恶事的男人或女人拉到城门外,用石头将他打死。
6 “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
要凭两三个人的口作见证将那当死的人治死;不可凭一个人的口作见证将他治死。
7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.
见证人要先下手,然后众民也下手将他治死。这样,就把那恶从你们中间除掉。
8 “Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
“你城中若起了争讼的事,或因流血,或因争竞,或因殴打,是你难断的案件,你就当起来,往耶和华—你 神所选择的地方
9 “Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a.
去见祭司利未人,并当时的审判官,求问他们,他们必将判语指示你。
10 Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou.
他们在耶和华所选择的地方指示你的判语,你必照着他们所指教你的一切话谨守遵行。
11 Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch.
要按他们所指教你的律法,照他们所断定的去行;他们所指示你的判语,你不可偏离左右。
12 “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël.
若有人擅敢不听从那侍立在耶和华—你 神面前的祭司,或不听从审判官,那人就必治死;这样,便将那恶从以色列中除掉。
13 Epi tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò.
众百姓都要听见害怕,不再擅敢行事。”
14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’.
“到了耶和华—你 神所赐你的地,得了那地居住的时候,若说:‘我要立王治理我,像四围的国一样。’
15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.
你总要立耶和华—你 神所拣选的人为王。必从你弟兄中立一人;不可立你弟兄以外的人为王。
16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’
只是王不可为自己加添马匹,也不可使百姓回埃及去,为要加添他的马匹,因耶和华曾吩咐你们说:‘不可再回那条路去。’
17 Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
他也不可为自己多立妃嫔,恐怕他的心偏邪;也不可为自己多积金银。
18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo.
他登了国位,就要将祭司利未人面前的这律法书,为自己抄录一本,
19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo;
存在他那里,要平生诵读,好学习敬畏耶和华—他的 神,谨守遵行这律法书上的一切言语和这些律例,
20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
免得他向弟兄心高气傲,偏左偏右,离了这诫命。这样,他和他的子孙便可在以色列中,在国位上年长日久。”