< Deteronòm 16 >

1 “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.
“你要注意亚笔月,向耶和华—你的 神守逾越节,因为耶和华—你的 神在亚笔月夜间领你出埃及。
2 Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.
你当在耶和华所选择要立为他名的居所,从牛群羊群中,将逾越节的祭牲献给耶和华—你的 神。
3 “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la.
你吃这祭牲,不可吃有酵的饼;七日之内要吃无酵饼,就是困苦饼—你本是急忙出了埃及地—要叫你一生一世记念你从埃及地出来的日子。
4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout teritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.
在你四境之内,七日不可见面酵,头一日晚上所献的肉,一点不可留到早晨。
5 “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo,
在耶和华—你 神所赐的各城中,你不可献逾越节的祭;
6 men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la.
只当在耶和华—你 神所选择要立为他名的居所,晚上日落的时候,乃是你出埃及的时候,献逾越节的祭。
7 Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo.
当在耶和华—你 神所选择的地方把肉烤了吃,次日早晨就回到你的帐棚去。
8 Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.
你要吃无酵饼六日,第七日要向耶和华—你的 神守严肃会,不可做工。”
9 “Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.
“你要计算七七日:从你开镰收割禾稼时算起,共计七七日。
10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou.
你要照耶和华—你 神所赐你的福,手里拿着甘心祭,献在耶和华—你的 神面前,守七七节。
11 Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.
你和你儿女、仆婢,并住在你城里的利未人,以及在你们中间寄居的与孤儿寡妇,都要在耶和华—你 神所选择立为他名的居所,在耶和华—你的 神面前欢乐。
12 Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.
你也要记念你在埃及作过奴仆。你要谨守遵行这些律例。”
13 “Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an.
“你把禾场的谷、酒榨的酒收藏以后,就要守住棚节七日。
14 Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo.
守节的时候,你和你儿女、仆婢,并住在你城里的利未人,以及寄居的与孤儿寡妇,都要欢乐。
15 Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.
在耶和华所选择的地方,你当向耶和华—你的 神守节七日;因为耶和华—你 神在你一切的土产上和你手里所办的事上要赐福与你,你就非常地欢乐。
16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.
你一切的男丁要在除酵节、七七节、住棚节,一年三次,在耶和华—你 神所选择的地方朝见他,却不可空手朝见。
17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.
各人要按自己的力量,照耶和华—你 神所赐的福分,奉献礼物。”
18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.
“你要在耶和华—你 神所赐的各城里,按着各支派设立审判官和官长。他们必按公义的审判判断百姓。
19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.
不可屈枉正直;不可看人的外貌。也不可受贿赂;因为贿赂能叫智慧人的眼变瞎了,又能颠倒义人的话。
20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.
你要追求至公至义,好叫你存活,承受耶和华—你 神所赐你的地。
21 “Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou.
“你为耶和华—你的 神筑坛,不可在坛旁栽什么树木作为木偶。
22 Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.
也不可为自己设立柱像;这是耶和华—你 神所恨恶的。

< Deteronòm 16 >