< Deteronòm 14 >
1 “Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.
너희는 너희 하나님 여호와의 자녀니 죽은 자를 위하여 자기 몸을 베지 말며 눈썹 사이 이마 위의 털을 밀지 말라
2 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
너는 너의 하나님 여호와의 성민이라 여호와께서 지상 만민 중에서 너를 택하여 자기의 기업의 백성을 삼으셨느니라
3 “Nou pa pou manje okenn bagay abominab.
너는 가증한 물건은 무엇이든지 먹지 말라
4 Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit,
너희의 먹을 만한 짐승은 이러하니 곧 소와 양과 염소와
5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn.
사슴과 노루와 불그스럼한 사슴과 산염소와 볼기 흰 노루와 뿔 긴 사슴과 산양들
6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
무릇 짐승 중에 굽이 갈라져 쪽발도 되고 새김질도 하는 것은 너희가 먹을 것이니라
7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou.
다만 새김질을 하거나 굽이 갈라진 짐승 중에도 너희가 먹지 못할 것은 이것이니 곧 약대와 토끼와 사반 그것들은 새김질을 하나 굽이 갈라지지 아니하였으니 너희에게 부정하고
8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
돼지는 굽은 갈라졌으나 새김질을 못하므로 너희에게 부정하니 너희는 이런 것의 고기를 먹지 말 것이며 그 사체도 만지지 말 것이니라
9 “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal,
물에 있는 어족 중에 이런 것은 너희가 먹을 것이니 무릇 지느러미와 비늘 있는 것은 너희가 먹을 것이요
10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
무릇 지느러미와 비늘이 없는 것은 너희가 먹지 말지니 이는 너희에게 부정하니라
11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
무릇 정한 새는 너희가 먹으려니와
12 Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè,
이런 것은 너희가 먹지 못할지니 곧 독수리와 솔개와 어응과
13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo,
매와 새매와 매의 종류와
14 kòbo ak tout kalite parèy yo,
까마귀 종류와
15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo,
타조와 다호마스와 갈매기와 새매 종류와
16 koukou, frize, gwo kana mawon blan,
올빼미와 부엉이와 따오기와
17 grangozye, plonjon, chwèt,
당아와 올응과 노자와
18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
학과 황새 종류와 대승과 박쥐며
19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje.
또 무릇 날기도 하고 기어 다니기도 하는 것은 너희에게 부정하니 너희는 먹지 말 것이나
20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
무릇 정한 새는 너희가 먹을지니라
21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
너희는 너희 하나님 여호와의 성민이라 무릇 스스로 죽은 것은 먹지 말 것이니 그것을 성중에 우거하는 객에게 주어 먹게 하거나 이방인에게 팔아도 가하니라 너는 염소 새끼를 그 어미의 젖에 삶지 말지니라
22 “Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.
너는 마땅히 매년에 토지 소산의 십일조를 드릴 것이며
23 Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
네 하나님 여호와 앞 곧 여호와께서 그 이름을 두시려고 택하신 곳에서 네 곡식과 포도주와 기름의 십일조를 먹으며 또 네 우양의 처음 난 것을 먹고 네 하나님 여호와 경외하기를 항상 배울 것이니라
24 “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou,
그러나 네 하나님 여호와께서 그 이름을 두시려고 택하신 곳이 네게서 너무 멀고 행로가 어려워서 그 풍부히 주신 것을 가지고 갈 수 없거든
25 alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
그것을 돈으로 바꾸어 그 돈을 싸서 가지고 네 하나님 여호와의 택하신 곳으로 가서
26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou.
무릇 네 마음에 좋아하는 것을 그 돈으로 사되 우양이나 포도주나 독주 등 무릇 네 마음에 원하는 것을 구하고 거기 네 하나님 여호와의 앞에서 너와 네 권속이 함께 먹고 즐거워할 것이며
27 Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
네 성읍에 거하는 레위인은 너희 중에 분깃이나 기업이 없는 자니 또한 저버리지 말지니라
28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an.
매 삼년 끝에 그 해 소산의 십분 일을 다 내어 네 성읍에 저축하여
29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
너희 중에 분깃이나 기업이 없는 레위인과 네 성중에 우거하는 객과 및 고아와 과부들로 와서 먹어 배부르게 하라 그리하면 네 하나님 여호와께서 너의 손으로 하는 범사에 네게 축복을 주시리라