< Deteronòm 10 >

1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e fè yon lach an bwa pou kont ou.
At that time the Lord said unto me, Hew for thyself two tables of stone like unto the first, and come up unto me into the mount; and make thyself an ark of wood.
2 Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’
And I will write on the tables the words that were on the first tables which thou hast broken; and thou shalt put them in the ark.
3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m.
And I made an ark of shittim-wood, and hewed two tables of stone like unto the first; and I went up into the mount, with the two tables in my hand.
4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, Dis Kòmanman ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo.
And he wrote on the tables, like the first writing, the ten commandments, which the Lord had spoken unto you on the mount out of the midst of the fire on the day of the assembly; and the Lord gave them unto me.
5 Konsa, mwen te vire desann kite mòn nan. Mwen te mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”
And I turned myself and came down from the mount, and I put the tables in the ark which I had made; and they have remained there, as the Lord hath commanded me.
6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li.
And the children of Israel took their journey from the wells of the children of Ya'akan to Mosserah: there Aaron died, and he was buried there; and Elazar his son became priest in his stead.
7 Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo.
From there they journeyed unto Gudgodah; and from Gudgodah to Yotbatha, a land of brooks of waters.
8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.
At that time did the Lord separate the tribe of Levi, to bear the ark of the covenant of the Lord, to stand before the Lord to minister unto him, and to bless in his name, unto this day.
9 Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.
Therefore was not assigned unto Levi any portion or inheritance with his brethren: the Lord is his inheritance, as the Lord thy God hath spoken to him.
10 “Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou.
And I stayed on the mount, like the first days, forty days and forty nights; and the Lord hearkened unto me also at that time, the Lord would not destroy thee.
11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’
And the Lord said unto me, Arise, go on the journey before the people, that they may go in and take possession of the land, which I have sworn unto their fathers to give unto them.
12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,
And now, Israel, what doth the Lord thy God require of thee, but to fear the Lord thy God, to walk in all his ways, and to love him, and to serve the Lord thy God with all thy heart and with all thy soul,
13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
To keep the commandments of the Lord, and his statutes, which I command thee this day, for thy own good?
14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann.
Behold, to the Lord thy God belong the heavens and the heavens of heavens, and the earth with all that is thereon;
15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.
Yet only in thy fathers had the Lord delight, to love them; he chose, therefore, their seed after them, namely you, from all the nations, as it is this day.
16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
Remove therefore the obduracy of your heart, and be no more stiff-necked.
17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.
For the Lord your God is the God of gods, and the Lord of lords, the great, the mighty, and the terrible God, who hath no regard to persons, and taketh no bribe;
18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.
Who executeth justice for the fatherless and the widow, and loveth the stranger, to give him food and raiment.
19 Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.
Love ye then the stranger; for you have been strangers in the land of Egypt.
20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.
The Lord thy God shalt thou fear: him shalt thou serve, and to him shalt thou cleave, and by his name shalt thou swear.
21 Se Li menm ki lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.
He is thy praise, and he is thy God, who hath done for thee these great and fearful things, which thy own eyes have seen.
22 Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.
With seventy persons did thy fathers go down into Egypt; and now the Lord thy God hath made thee like the stars of heaven in multitude.

< Deteronòm 10 >