< Danyèl 8 >
1 Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a.
В третата година от царуването на цар Валтасара видение ми се яви, на мене Даниила, подир онова, което бе ми се явило по-напред.
2 Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.
Видях във видението, (а когато видях, бях в замъка Суса, който е в областта Елам; и когато видях във видението бях при потока Улай),
3 Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e sa ki pi long lan ki te leve an dènye.
прочее повдигнах очите си и видях, и, ето, стоеше пред реката един овен, който имаше два рога; роговете бяха високи, но единият по-висок от другия; и по-високият беше израснал по-после.
4 Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.
Видях, овенът че бодеше към запад, към север, и към юг; и никой звяр не можеше да устои пред него, и нямаше кой да избави от силата му; но постъпваше по волята си, и се носеше горделиво.
5 Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn parèt byen klè antre zye li.
А като размишлявах, ето, козел идеше от запад по лицето на целия свят, без да се допира до земята; и козелът имаше бележит рог между очите си.
6 Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li.
Той дойде до овена, който имаше двата рога, който видях да стои пред потока, и завтече се върху него с устремителната си сила.
7 Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.
И видях, че се приближи при овена и се разсвирепи против него, и като удари овена счупи двата му рога; и нямаше сила в овена да устои пред него; но го хвърли на земята и го стъпка; и нямаше кой да отърве овена от силата му.
8 Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè kat van syèl yo.
За това, козелът се възвеличи много; а когато заякна, големият му рог се счупи, вместо който излязоха четири бележити рога към четирите небесни ветрища.
9 Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a.
И из единия от тях излезе един малък рог, който наголемя твърде много към юг, към изток и към славната земя.
10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.
Той се възвеличи дори до небесната войска, и хвърли на земята част от множеството и от звездите и ги стъпка.
11 Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba.
Да! Възвеличи се дори до началника на множеството, и отне от него всегдашната жертва; и мястото на светилището му се съсипа.
12 Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.
И множеството биде предадено нему заедно с всегдашната жертва, поради престъплението им; и той тръшна на земята истината, стори по волята си, и успя.
13 Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”
Тогава чух един свет да говори; и друг свет рече на тогоз, който говореше: Докога се простира видението за всегдашната жертва, и за престъплението, което докарва запустение, когато светилището и множеството ще бъдат потъпквани?
14 Li te di mwen: “Pandan de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”
И каза ми: До две хиляди и триста денонощия; тогава светилището ще се очисти.
15 Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun.
И когато аз, аз Даниил, видях видението, поисках да го разбера. И, ето, застана пред мене нещо като човешки образ;
16 Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”
и чух човешки глас, който извика изсред бреговете на Улай и рече: Гаврииле, направи тоя човек да разбере видението.
17 Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”
И така, той се приближи дето стоях; и когато дойде аз се уплаших и паднах на лицето си; а той ми рече: Разбери, сине човешки; защото видението се отнася до последните времена.
18 Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te touche mwen, e te fè m kanpe dwat.
И като ми говореше, аз паднах в несвяст с лицето си на земята; но той се допря до мене и ме изправи.
19 Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.
И рече: Ето, аз ще те науча що има да се случи в последните гневни времена; защото видението се отнася до определеното последно време.
20 Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo.
Двата рога на овена, които си видял, са царете на Мидия и на Персия.
21 Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a.
Буйният козел е гръцкият цар; и големият рог между очите му е първият цар.
22 Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.
А дето се строшил той и излезли четири вместо него, значи, че четири царе ще се издигнат от тоя народ, но не със сила като неговата.
23 “Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa va leve ki fiwos, e plen devinèt koken.
И в послешните времена на царуването им, когато беззаконниците стигнат до върха на беззаконието си, ще се издигне цар с жестоко лице и вещ в лукавщини.
24 Pouvwa li a va trè pwisan, men se pa ak pwòp pouvwa li. Konsa, li va detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo.
И силата му ще бъде голяма, но не като силата на другия; и ще погубва чудесно, ще успява и върши по волята си, и ще поквари силните и светите люде.
25 Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.
Чрез коварството си ще направи да успява измамата в ръката му, ще се надигне в сърцето си, и ще погуби мнозина в спокойствието им; ще въстане и против Началника на началниците; но ще бъде смазан, не с ръка.
26 “Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil jou ki gen pou vini.”
А казаното видение за денонощията е вярно; все пак обаче запечатай видението, защото се отнася до далечни дни.
27 Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.
Тогава аз Даниил премрях, и боледувах няколко дни; после станах и вършех царевите работи. А чудех се за видението, защото никой не го разбираше.