< Danyèl 7 >
1 Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.
In the first year of Belshazzar the king of Babylon, Daniel saw a dream and the visions of his head while on his couch: afterward he wrote down the dream, relating the principal things.
2 Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.
Daniel commenced and said, I saw in my vision by night, and, behold, the four winds of heaven blew fiercely on the great sea.
3 Epi kat gran bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.
And four great beasts came up from the sea, differing one from another.
4 “Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a, pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
the first was like a lion, and had eagle's wings: I looked till its wings were plucked out, and it was lifted up from the earth, and was placed upon its feet as a man, and a human heart was given to it.
5 “Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’
And behold there was another, a second beast, like a bear, and on one side was it placed, with three ribs in its mouth between its teeth: and thus they said unto it, Arise, eat much flesh.
6 “Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
After this I looked, and lo there was another, like a leopard; and it had four wings of a bird on its back: the beast had also four heads; and dominion was given unto it.
7 “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.
After this I looked in the night visions, and behold there was a fourth beast, dreadful and terrible, and strong exceedingly; and it had great iron teeth: it devoured and ground up, and what was left it stamped with its feet; and it was different from all the beasts that were before it; and it had ten horns.
8 “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.
I looked carefully at the horns, and, behold, another little horn came up between them, and three of the first horns were plucked up by the roots before the same; and, behold, there were eyes like the eyes of man in this horn, with a mouth speaking presumptuous things.
9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase. Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. Abiman Li te tankou lanèj blan, e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. Twòn Li te briyan akoz flanm yo, e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
I was looking until chairs were set down, and an Ancient of days seated himself, whose garment was white as snow, and the hair of whose head was like clean wool; his chair was like flames of fire, and his wheels like fire that burnt;
10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.
A stream of fire issued and came forth from before him; thousand times thousands ministered unto him, and myriad times myriads stood before him: they sat down to hold judgment, and the books were opened.
11 “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a dife ki t ap brile a.
I looked then, because of the sound of the presumptuous words which the horn had spoken, —I looked till the beast was slain, and its body destroyed, and given over to the burning fire.
12 Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.
But concerning the rest of the beasts, they had their dominion taken away: yet a longer duration of life was given unto them until the time and period.
13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè.
I looked in the nightly visions, and, behold, with the clouds of heaven came one like a son of man, and he attained as far as the Ancient of days, and they brought him near before him.
14 A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
And there were given him dominion, and dignity, and government, and all people, nations, and languages had to serve him: his dominion is an everlasting dominion, which shall not pass away, and his kingdom is one which shall never be destroyed.
15 “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m gwo laperèz.
My spirit was deeply shaken within me, Daniel, in the midst of its tenement, and the visions of my head troubled me.
16 Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo.
I came near unto one of those that stood by, and asked him something certain concerning all this: and he spoke to me, and made known unto me the interpretation of the things.
17 ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a.
These great beasts, of which there are four, are four kings, who are to arise on the earth.
18 Men sen yo a Sila Ki Pi Wo a, va resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’
But the saints of the Most High will obtain the kingdom, and possess the kingdom to eternity, even to all eternity for ever.
19 “Epi mwen te dezire konnen kisa Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li;
Then I desired what is certain concerning the fourth beast, which was different from all these others, exceedingly dreadful, whose teeth were of iron, and whose nails of copper; which devoured, ground up, and stamped with its feet what was left;
20 epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo.
And concerning the ten horns that were in its head, and concerning the other which came up, and before which three fell down, even concerning that horn which had eyes, and a mouth which spoke presumptuous things, and whose appearance was greater than that of its companions.
21 Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo.
I had seen how the same horn had made war with the saints, and had prevailed against them:
22 Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.
Until the Ancient of days came, and procured justice unto the saints of the Most High; and the time came and the saints took possession of the kingdom.
23 “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso.
Thus said he, The fourth beast [signifieth that] a fourth kingdom will be upon earth, which is to be different from all kingdoms, and will devour all the earth, and will tread it down, and grind it up.
24 E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo.
And the ten horns out of this kingdom [signify] that ten kings will arise; and another will rise after them, and he will be different from the first, and three kings will he bring low.
25 Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
And he will speak words against the Most High, and the saints of the Most High will he oppress, and think to change the festivals and the law: and they will be given up into his hand until a time and times and half a time.
26 “‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan.
But they will sit down to hold judgment, and they will take away his dominion, to destroy and to annihilate it unto the end.
27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’
And the kingdom and the dominion, and the power over the kingdoms under the whole heaven, will be given to the people of the saints of the Most High, whose kingdom is an everlasting kingdom, and all governments are to worship and obey him.
28 “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”
Thus far is the end of the speech. As for me Daniel, my reflections troubled me greatly, and my color was changed on me; but I kept the speech in my heart.