< Danyèl 2 >

1 Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi.
Wa Nèbikadneza t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l' anpil. Li pa t' ka dòmi.
2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a.
Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.
3 Wa a te di yo: “Mwen te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”
Wa a di yo konsa: -Mwen fè yon rèv k'ap boulvèse m' anpil. Mwen ta renmen nou fè m' konnen sa li vle di.
4 Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
Mesye yo reponn wa a nan lang arameyen. Yo di l' konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! Se sèvitè ou nou ye. Rakonte nou rèv la, n'a esplike ou sa l' vle di.
5 Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè.
Wa a reponn, li di mesye yo: -Mwen deside se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a, lèfini, pou nou fè m' konnen sa li vle di. Si nou pa kapab, m'ap fè yo depatcha nou, m'ap fè yo kraze kay nou ra pye tè.
6 Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.”
Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di.
7 Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.”
Mesye yo reponn wa a yon dezyèm fwa: -Si monwa ta vle rakonte nou rèv la, n'a fè l' konnen sa li vle di.
8 Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli.
Wa a di: -Mwen sèten nou soti pou n' fè lè, paske nou konnen mwen fin deside
9 Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.”
si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di.
10 Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen.
Nèg save yo reponn wa a, yo di l' konsa: -Pa gen pesonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l' gran, li te mèt gen pouvwa pase sa n' pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.
11 Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”
Sa monwa ap mande la a se yon bagay ki difisil anpil. Pa gen moun sou latè ki ka fè l' pou ou. Se bondye yo ase ki ka fè sa. Men, bondye yo pa rete nan mitan moun.
12 Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.
Lè wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn.
13 Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache Daniel ak zanmi li yo pou touye yo.
Se konsa yo fè tout moun nan peyi a konnen yo tapral touye tout nèg save yo. Y' al chache Danyèl ak zanmi l' yo pou touye yo tou.
14 Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo.
Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou li al touye nèg save yo. Li pran san li pou l' pale byen avè l'.
15 Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la.
Li di Ajòk, ofisye wa a: -Poukisa wa a bay lòd sevè sa a? Ajòk rakonte Danyèl sa ki pase.
16 Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a.
Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l' ka fè wa a konnen sa rèv la vle di.
17 Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a,
Apre sa, Danyèl al lakay li, epi li di Ananya, Michayèl ak Azarya, zanmi l' yo, sa ki genyen.
18 pou yo ta kapab fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo.
Li mande pou yo lapriyè Bondye ki nan syèl la pou li gen pitye pou yo, pou li fè yo konprann rèv la, konsa yo p'ap touye ni yo menm ni lòt nèg save lavil Babilòn yo.
19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lanwit la.
Menm jou lannwit sa a, Bondye fè Danyèl konprann rèv la nan yon vizyon. Lè sa a, Danyèl fè lwanj Bondye ki nan syèl la.
20 Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.
Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.
Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.
22 Se Li menm ki revele sekre pwofond yo. Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, e se limyè a ki rete avè L.
Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase.
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo, mwen remèsi Ou. Mwen bay Ou lwanj, paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa. Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa ke nou te mande Ou a, Paske Ou te revele a nou menm pwoblem a wa a.”
Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.
24 Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”
Lamenm, Danyèl al jwenn Ajòk, nonm wa a te bay lòd al touye tout nèg save lavil Babilòn yo. Li di l' konsa: -Pa touye nèg save lavil Babilòn yo. Mennen m' bò kote wa a, m'a di l' sa rèv li te fè a vle di.
25 Konsa, Ajoc te mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.”
Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di: -Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di.
26 Wa a te di a Daniel, ki te rele Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”
Wa a di Danyèl yo te rele Beltechaza a: -Eske ou ka di m' rèv mwen te fè a? Eske ou ka fè m' konnen sa l' vle di?
27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.
Danyèl reponn: -Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa.
28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:
Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.
29 “Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo.
Lè sa a, monwa t'ap dòmi, tèt ou pran travay sou sa ki gen pou rive pita. Epi Bondye ki devwale tout sekrè fè ou konnen sa ki pral rive.
30 Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann refleksyon a panse ou yo.
Konnen byen, monwa, se pa paske mwen gen plis konprann pase tout moun ki fè m' rive konnen sekrè sa a. Men, se pou wa a ka rive konnen sans rèv li te fè a, pou l' ka konprann tout lide sa yo ki t'ap travay nan tèt li a.
31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan.
Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m' pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil.
32 Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz,
Tèt li te fèt an lò, lestonmak li ak de bra l' yo te fèt an ajan, vant li ak de kwis li yo te fèt an kwiv,
33 janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil.
de janm li yo te fèt an fè, pye l' yo menm te mwatye an fè, mwatye an tè krich.
34 Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso.
Antan ou t'ap gade l' konsa, yon wòch pran woule desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', li vin frape estati a nan pye l' yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso.
35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.
Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.
36 “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a.
Sa se rèv ou te fè a. Koulye a, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di.
37 Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.
Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.
38 Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.
Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a.
39 “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè.
Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.
40 Epi va gen yon katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso.
Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè.
41 Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la.
Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.
42 Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil.
Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb.
43 Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.
Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pa t' pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache.
44 “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan.
Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
45 Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”
Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.
46 Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon.
Lè sa a, wa Nèbikadneza tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Danyèl, epi li bay lòd pou yo fè ofrann bèt pou touye ak lòt ofrann ba li.
47 Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”
Wa a di Danyèl konsa: -Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m' konprann sans rèv mwen te fè a.
48 Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.
Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.
49 Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a.
Danyèl mande wa a pou li mete Chadrak, Mechak ak Abèdnego reskonsab òganize travay gouvènman an nan pwovens Babilòn lan. Danyèl menm te rete nan palè wa a.

< Danyèl 2 >