< Danyèl 12 >

1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la.
«و در آن زمان میکائیل، امیر عظیمی که برای پسران قوم تو ایستاده است خواهد برخاست و چنان زمان تنگی خواهد شدکه از حینی که امتی به وجود آمده است تا امروزنبوده و در آنزمان هر یک از قوم تو که در دفترمکتوب یافت شود رستگار خواهد شد.۱
2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
وبسیاری از آنانی که در خاک زمین خوابیده اندبیدار خواهند شد، اما اینان به جهت حیات جاودانی و آنان به جهت خجالت و حقارت جاودانی.۲
3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
و حکیمان مثل روشنایی افلاک خواهند درخشید و آنانی که بسیاری را به راه عدالت رهبری می‌نمایند مانند ستارگان خواهندبود تا ابدالاباد.۳
4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
اما تو‌ای دانیال کلام را مخفی دار و کتاب را تا زمان آخر مهر کن. بسیاری بسرعت تردد خواهند نمود و علم افزوده خواهدگردید.»۴
5 Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a.
پس من دانیال نظر کردم و اینک دو نفر دیگریکی به اینطرف و دیگری به آنطرف نهر ایستاده بودند.۵
6 Konsa youn te di a mesye abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
و یکی از ایشان به آن مرد ملبس به کتان که بالای آبهای نهر ایستاده بود گفت: «انتهای این عجایب تا بکی خواهد بود؟»۶
7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
و آن مرد ملبس به کتان را که بالای آبهای نهر ایستاده بود شنیدم که دست راست و دست چپ خود را بسوی آسمان برافراشته، به حی ابدی قسم خورد که برای زمانی و دو زمان و نصف زمان خواهد بود و چون پراکندگی قوت قوم مقدس به انجام رسد، آنگاه همه این امور به اتمام خواهد رسید.۷
8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
و من شنیدم اما درک نکردم پس گفتم: «ای آقایم آخر این امور چه خواهد بود؟»۸
9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an.
او جواب داد که «ای دانیال برو زیرا این کلام تا زمان آخرمخفی و مختوم شده است.۹
10 Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
بسیاری طاهر وسفید و مصفی خواهند گردید و شریران شرارت خواهند ورزید و هیچ کدام از شریران نخواهندفهمید لیکن حکیمان خواهند فهمید.۱۰
11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis jou.
و ازهنگام موقوف شدن قربانی دایمی و نصب نمودن رجاست ویرانی، هزار و دویست و نود روزخواهد بود.۱۱
12 Beni se sila ki va tann, e rive jis nan Mil-twa-san-trann-senk jou yo.
خوشابه‌حال آنکه انتظار کشد و به هزار و سیصد و سی و پنج روز برسد.۱۲
13 “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
اما تو تابه آخرت برو زیرا که مستریح خواهی شد و درآخر این ایام در نصیب خود قایم خواهی بود.»۱۳

< Danyèl 12 >