< Danyèl 11 >

1 “Nan premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li.
Ego autem ab anno primo Darii Medi stabam ut confortaretur et roboraretur
2 “Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Grèce la.
Et nunc veritatem annunciabo tibi Ecce adhuc tres reges stabunt in Perside et quartus ditabitur opibus nimiis super omnes et cum invaluerit divitiis suis concitabit omnes adversum regnum Graeciae
3 Konsa, yon wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito.
Surget vero rex fortis et dominabitur potestate multa et faciet quod placuerit ei
4 Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm.
Et cum steterit conteretur regnum eius et dividetur in quattuor ventos caeli sed non in posteros eius neque secundum potentiam illius qua dominatus est lacerabitur enim regnum eius etiam in externos exceptis his
5 “Epi wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran.
Et confortabitur rex Austri et de principibus eius praevalebit super eum et dominabitur ditione multa enim dominatio eius
6 Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.
Et post finem annorum foederabuntur filiaque regis Austri veniet ad regem Aquilonis facere amicitiam et non obtinebit fortitudinem brachii nec stabit semen eius et tradetur ipsa et qui adduxerunt eam adolescentes eius et qui confortabant eam in temporibus
7 “Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vankre yo.
Et stabit de germine radicum eius plantatio et veniet cum exercitu et ingredietur provinciam regis Aquilonis et abutetur eis et obtinebit
8 Anplis dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane.
Insuper et deos eorum et sculptilia vasa quoque pretiosa argenti et auri captiva ducet in Aegyptum ipse praevalebit adversus regem Aquilonis
9 Li va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li.
Et intrabit in regnum rex Austri et revertetur ad terram suam
10 Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.
Filii autem eius provocabuntur et congregabunt multitudinem exercituum plurimorum et veniet properans et inundans et revertetur et concitabitur et congredietur cum robere eius
11 “Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a.
Et provocatus rex Austri egredietur et pugnabit adversus regem Aquilonis et praeparabit multitudinem nimiam et dabitur multitudo in manu eius
12 Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.
Et capiet multitudinem et exaltabitur cor eius et deiiciet multa millia sed non praevalebit
13 Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an. Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon.
Convertetur enim rex Aquilonis et praeparabit multitudinem multo maiorem quam prius et in fine temporum annorumque veniet properans cum exercitu magno et opibus nimiis
14 “Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la. Sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe.
Et in temporibus illis multi consurgent adversus regem Austri filii quoque praevaricatorum populi tui extollentur ut impleant visionem et corruent
15 Epi wa Nò a va vini, li va monte yon teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè solda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe.
Et venit rex Aquilonis et comportabit aggerem et capiet urbes munitissimas et brachia Austri non sustinebunt et consurgent electi eius ad resistendum et non erit fortitudo
16 Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.
Et faciet veniens super eum iuxta placitum suum et non erit qui stet contra faciem eius et stabit in terra inclyta et consumetur in manu eius
17 Li va mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen.
Et ponet faciem suam ut veniat ad tenendum universum regnum eius et recta faciet cum eo et filiam feminarum dabit ei ut evertat illud et non stabit nec illius erit
18 Apre sa li va vire fas li vè peyi kot yo, e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè repwòch li a sispann. Anplis, li va fè l peye pou ensolans li.
Et convertet faciem suam ad insulas et capiet multas et cessare faciet principem opprobrii sui et opprobrium eius convertetur in eum
19 Konsa, li va vire fas li vè fòterès pwòp peyi li a, men li va glise tonbe, e li p ap ka releve ankò.
Et convertet faciem suam ad imperium terrae suae et impinget et corruet et non invenietur
20 “Epi nan plas li a, yon moun va koze yon mèt kontribisyon a travèse wayòm nan pou kontwole glwa li. Malgre sa, nan kèk jou, li va vin detwi, malgre se pa ni nan kòlè, ni nan batay.
Et stabit in loco eius vilissimus et indignus decore regio et in paucis diebus conteretur non in furore nec in praelio
21 “Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun.
Et stabit in loco eius despectus et non tribuetur ei honor regius et veniet clam et obtinebit regnum in fraudulentia
22 Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a.
Et brachia pugnantis expugnabuntur a facie eius et conterentur insuper et dux foederis
23 Apre yon akò lapè fin fèt ak li, li va fè travay desepsyon. Li va monte reyisi pran pouvwa a ak yon ti ekip tou piti.
Et post amicitias cum eo faciet dolum et ascendet et superabit in modico populo
24 Nan tan lapè a, li va antre nan pati wayòm ki pi rich la, e li va fè sa ke zansèt li yo pa t janm fè, ni zansèt zansèt li yo. Li va distribye piyaj ak byen yo pami yo. Konsa, li va fòme yon plan kont sitadèl yo, men sèlman pou yon ti tan.
Et abundantes et uberes urbes ingredietur et faciet quae non fecerunt patres eius et patres patrum eius rapinas et praedam et divinitas eorum dissipabit et contra firmissimas cogitationes inibit et hoc usque ad tempus
25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li.
Et concitabitur fortitudo eius et cor eius adversum regem Austri in exercitu magno et rex Austri provocabitur ad bellum multis auxiliis et fortibus nimis et non stabunt quia inibunt adversus eum consilia
26 Sila ki te kon manje pi bon manje nan men l, va detwi li, epi lame li a va bale nèt. Konsa, anpil moun va tonbe mouri.
Et comedentes panem cum eo conterent illum exercitusque eius opprimetur et cadent interfecti plurimi
27 Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.
Duorum quoque regnum cor erit ut malefaciant et ad mensam unam mendacium loquentur et non proficient quia adhuc finis in aliud tempus
28 Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li.
Et revertetur in terram suam cum opibus multis et cor eius adversum testamentum sanctum et faciet et revertetur in terram suam
29 “Nan lè apwente a, li va retounen antre nan Sid la. Men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an.
Statuto tempore revertetur et veniet ad Austrum et non erit priori simile novissimum
30 Paske bato a Kittim yo va vini kont li. Akoz sa, li va vin gen chagren. Li va retounen byen anraje kont akò sen an, e li va aji. Konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo.
Et veniet super eum Trieres et Romani et percutietur et revertetur et indignabitur contra testamentum sanctuarii et faciet reverteturque et cogitabit adversum eos qui dereliquerunt testamentum sanctuarii
31 “Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.
Et brachia ex eo stabunt et polluent sanctuarium fortitudinis et auferent iuge sacrificium et dabunt abominationem in desolationem
32 Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va kanpe fèm pou aji.
Et impii in testamentum simulabunt fraudulenter populus autem sciens Deum suum obtinebit et faciet
33 “Sila ki gen bon konprann pami pèp la va bay konesans a anpil moun. Malgre sa, yo va tonbe pa nepe, pa dife, pa kaptivite e pa piyaj pandan anpil jou.
Et docti in populo docebunt plurimos et ruent in gladio et in flamma et in captivitate et in rapina dierum
34 Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti èd, men anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an ipokrizi.
Cumque corruerint sublevabuntur auxilio parvulo et applicabuntur eis plurimi fraudulenter
35 Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine pirifye, e fè yo blan, jis menm lè dènye tan an rive. Akoz li toujou gen pou vini nan lè apwente a.
Et de eruditis ruent ut conflentur et eligantur et dealbentur usque ad tempus praefinitum quia adhuc aliud tempus erit
36 “Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.
Et faciet iuxta voluntatem suam rex et elevabitur et magnificabitur adversus omnem deum et adversus Deum deorum loquetur magnifica et dirigetur donec compleatur iracundia perpetrata quippe est definitio
37 Li p ap montre okenn respè pou dye a zansèt li yo, ni pou dezi fanm, ni li p ap gen respè pou okenn lòt dye. Paske li va leve tèt li ak glwa pi wo ke yo tout.
Et Deum patrum suorum non reputabit et erit in concupiscentiis feminarum nec quemquam deorum curabit quia adversum universa consurget
38 Men olye de sa, li va bay glwa a dye a fòterès yo. Yon dye ke zansèt li yo pa t konnen, li va bay glwa ak lò, ajan, pyè presye ak trezò.
Deum autem Maozim in loco suo venerabitur et Deum quem ignoraverunt patres eius colet auro et argento et lapide pretioso rebusque pretiosis
39 Li va aji kont fòterès ki pi fò yo ak soutyen a yon dye etranje. Nenpòt moun ki rekonèt li, li va ogmante yo ak glwa, e li va fè yo domine sou anpil, e va divize teritwa a pou yon pri.
Et faciet ut muniat Maozim cum Deo alieno quem cognovit et multiplicabit gloriam et dabit eis potestatem in multis et terram dividet gratuito
40 “Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.
Et in tempore praefinito praeliabitur adversus eum rex Austri et quasi tempestas veniet contra illum rex Aquilonis in curribus et in equitibus et in classe magna et ingredietur terras et conteret et pertransiet
41 Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Moab, ak premye nan fis a Ammon yo.
Et introibit in terram gloriosam et multae corruent hae autem solae salvabuntur de manu eius Edom et Moab et principium filiorum Ammon
42 Anplis, li va lonje men li kont lòt peyi yo, e peyi Egypte la p ap chape.
Et mittet manum suam in terras et Terra Aegypti non effugiet
43 Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo.
Et dominabitur thesaurorum auri et argenti et in omnibus pretiosis Aegypti per Libyam quoque et Aethiopiam transibit
44 Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt.
Et fama turbabit eum ab Oriente et ab Aquilone et veniet in multitudine magna ut conterat et interficiat plurimos
45 Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.
Et figet tabernaculum suum Apadno inter maria super montem inclytum et sanctum et veniet usque ad summitatem eius et nemo auxiliabitur ei

< Danyèl 11 >