< Danyèl 1 >
1 Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.
Године треће царовања Јоакима, цара Јудиног дође Навуходоносор, цар вавилонски на Јерусалим, и опколи га.
2 Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.
И Господ му даде у руку Јоакима, цара Јудиног и део судова дома Божијег, и однесе их у земљу Сенар у дом бога свог, и метну судове у ризницу бога свог.
3 Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan fanmi wayal la ak kèk nan prens yo:
И рече цар Асфеназу старешини својих дворана да доведе између синова Израиљевих, и од царског семена и од кнезова,
4 jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo.
Младиће на којима нема мане, и који су лепог лица и научени свакој мудрости и вешти знању и разумни и који могу стајати у царском двору, па да их учи књигу и језик халдејски.
5 Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
И одреди им цар оброк на дан од јела царског и од вина које он пијаше, да се хране три године, а после да стоје пред царем.
6 Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria.
А међу њима беху од синова Јудиних Данило, Ананија, Мисаило и Азарија.
7 Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.
А старешина над дворанима даде им имена, и Данилу наде име Валтасар, а Ананији Седрах, а Мисаилу Мисах, а Азарији Авденаго.
8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
Али Данило науми да се не скврни оброком јела царевог и вином које он пијаше, и замоли се старешини над дворанима да се не скврни.
9 Alò, Bondye te bay Daniel favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo.
И даде Бог Данилу те нађе милост и љубав у старешине над дворанима.
10 Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.”
И рече старешина над дворанима Данилу: Бојим се господара свог цара, који вам је одредио јело и пиће; јер кад цар види лица ваша лошија него у осталих младића, ваших врсника, зашто да ми учините да будем главом крив цару?
11 Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a,
А Данило рече Амелсару, ког старешина над дворанима постави над Данилом, Ананијом, Мисаилом и Азаријом:
12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè.
Огледај слуге своје за десет дана, нека нам се даје вариво да једемо и вода да пијемо.
13 Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.”
Па онда нека нам се виде лица пред тобом и лица младића који једу царско јело, па како видиш, онако чини са слугама својим.
14 Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou.
И послуша их у том, и огледа их за десет дана.
15 Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a.
А после десет дана лица им дођоше лепша и меснатија него у свих младића који јеђаху царско јело.
16 Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye bay yo legim yo.
И Амелсар узимаше јело њихово и вино које њима требаше пити, и даваше им варива.
17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
И даде Бог свој четворици младића знање и разум у свакој књизи и мудрости; а Данилу даде да разуме сваку утвару и сне.
18 Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar.
И кад прође време по коме цар беше рекао да их изведу, изведе их старешина над дворанима пред Навуходоносора.
19 Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
И говори цар с њима, и не нађе се међу свима њима ни један као Данило, Ананија, Мисаило и Азарија; и стајаху пред царем.
20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.
И у свему чему треба мудрост и разум, за шта их цар запита, нађе да су десет пута бољи од свих врача и звездара што их беше у свему царству његовом.
21 Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.
И оста Данило до прве године цара Кира.