< Kolòs 1 >

1 Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an
Paul an Apostle of Iesus Christ, by the will of God, and Timotheus our brother,
2 A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
To them which are at Colosse, Saintes and faithfull brethren in Christ: Grace bee with you, and peace from God our Father, and from the Lord Iesus Christ.
3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou.
We giue thankes to God euen ye Father of our Lord Iesus Christ, alway praying for you:
4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo;
Since wee heard of your faith in Christ Iesus, and of your loue toward all Saintes,
5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,
For the hopes sake, which is laide vp for you in heauen, whereof yee haue heard before by the word of trueth, which is the Gospel,
6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;
Which is come vnto you, eue as it is vnto al the world, and is fruitful, as it is also amog you, from ye day that ye heard and truely knew ye grace of God,
7 menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,
As yee also learned of Epaphras our deare fellowe seruaunt, which is for you a faithfull minister of Christ:
8 ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.
Who hath also declared vnto vs your loue in the Spirit.
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann,
For this cause wee also, since the day wee heard of it, cease not to pray for you, and to desire that ye might be fulfilled with knowledge of his will in all wisdome, and spirituall vnderstanding,
10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,
That ye might walke worthy of the Lord, and please him in all things, being fruitefull in all good workes, and increasing in the knowledge of God,
11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,
Strengthened with all might through his glorious power, vnto all patience, and long suffering with ioyfulnesse,
12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.
Giuing thankes vnto the Father, which hath made vs meete to be partakers of the inheritance of the Saintes in light,
13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.
Who hath deliuered vs from the power of darkenesse, and hath translated vs into the kingdome of his deare Sonne,
14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
In whome we haue redemption through his blood, that is, the forgiuenesse of sinnes,
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an.
Who is the image of the inuisible God, the first begotten of euery creature.
16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm.
For by him were all things created, which are in heauen, and which are in earth, thinges visible and inuisible: whether they be Thrones or Dominions, or Principalities, or Powers, all things were created by him, and for him,
17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.
And hee is before all things, and in him all things consist.
18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.
And hee is the head of the body of the Church: he is the beginning, and the first begotten of the dead, that in all thinges hee might haue the preeminence.
19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li,
For it pleased the Father, that in him should all fulnesse dwell,
20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
And through peace made by that blood of that his crosse, to reconcile to himselfe through him, through him, I say, all thinges, both which are in earth, and which are in heauen.
21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak,
And you which were in times past strangers and enemies, because your mindes were set in euill workes, hath he nowe also reconciled,
22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—
In that body of his flesh through death, to make you holy, and vnblameable and without fault in his sight,
23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.
If ye continue, grounded and stablished in the faith, and be not moued away from the hope of the Gospel, whereof ye haue heard, and which hath bene preached to euery creature which is vnder heauen, whereof I Paul am a minister.
24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.
Now reioyce I in my suffrings for you, and fulfill the rest of the afflictions of Christ in my flesh, for his bodies sake, which is the Church,
25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a,
Whereof I am a minister, according to the dispensation of God, which is giuen mee vnto you ward, to fulfill the word of God,
26 ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. (aiōn g165)
Which is the mysterie hid since the world began, and from all ages, but nowe is made manifest to his Saintes, (aiōn g165)
27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a.
To whome God woulde make knowen what is the riches of his glorious mysterie among the Gentiles, which riches is Christ in you, the hope of glory,
28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.
Whome we preache, admonishing euery man, and teaching euery man in all wisdome, that we may present euery man perfect in Christ Iesus,
29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
Whereunto I also labour and striue, according to his working which worketh in me mightily.

< Kolòs 1 >