< Kolòs 4 >

1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
Páni spravedlivě a slušně s služebníky svými nakládejte, vědouce, že i vy Pána máte v nebesích.
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman.
Na modlitbě buďtež ustaviční, bdíce v tom s díků činěním,
3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,
Modléce se spolu i za nás, aby Bůh otevřel nám dveře slova, k mluvení o tajemství Kristovu, pro něž i v vězení jsem,
4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
Abych je zjevoval, tak jakž mi náleží mluviti.
5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.
Choďtež v moudrosti před těmi, kteříž jsou vně, čas kupujíce.
6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
Řeč vaše vždycky budiž příjemná, ozdobená solí, tak abyste věděli, kterak byste měli jednomu každému odpovědíti.
7 Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.
O věcech mých o všech oznámí vám Tychikus, bratr milý, a věrný slouha Kristův a spoluslužebník v Pánu;
8 Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ankouraje kè nou.
Kteréhož jsem poslal k vám naschvál, aby zvěděl, co se děje u vás, a potěšil srdcí vašich,
9 Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
S Onezimem, věrným a milým bratrem, kterýž jest tam od vás. Tiť vám všecko oznámí, co se děje u nás.
10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen).
Pozdravuje vás Aristarchus, spoluvězeň můj, a Marek, sestřenec Barnabášův, (o kterémž jsem vám poručil, přišel-li by k vám, přijmětež jej; )
11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
A Jezus, kterýž slove Justus, kteřížto jsou Židé. Ti toliko jsou pomocníci moji v kázání o království Božím; tiť mi byli ku potěšení.
12 Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.
Pozdravuje vás Epafras, kterýž od vás jest, slouha Kristův, kterýž vždycky úsilně pracuje na modlitbách za vás, abyste stáli dokonalí a plní ve vší vůli Boží.
13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Laodicée ak Hiérapolis yo.
Nebo svědectví jemu vydávám, žeť vás velmi horlivě miluje, a též i ty, kteříž jsou v Laodicii, i kteříž jsou v Hierapoli.
14 Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou.
Pozdravuje vás Lukáš, lékař, bratr milý, a Démas.
15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak legliz ki lakay li a.
Pozdravte bratří Laodicenských, i Nymfy, i té církve, kteráž jest v domu jeho.
16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a.
A když bude přečten u vás tento list, spravtež to, ať jest i v Laodicenském sboru čten; a ten, kterýž jest psán z Laodicie, i vy také přečtěte,
17 Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
A rcete Archippovi: Viz, abys služebnost, kterouž jsi přijal od Pána, vyplnil.
18 Mwen, Paul, mwen ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
Pozdravení mou rukou Pavlovou. Pamatujtež na mé vězení. Milost Boží budiž s vámi. Amen. List tento psán k Kolossenským z Říma po Tychikovi a Onezimovi.

< Kolòs 4 >