< Kolòs 3 >
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.
Idan irji shbeyi babah Almasihu, tobikawandi ahemishu. Idan Almasihu kuniwokorli Urji.
2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.
Rlimre ikewandi aheni shu'a, anani tuikpe wandi a henimemena.
3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.
Tobikyumba, ivrkimbi ari ni Almasihu nimiirji.
4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
Tunda ahetoki Almasihu yetrerju niwa ndi iki isronbu, ahetoki biyime bi wludeniwu ni wrzi wandi ahe'a ni bu'u soma.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
Ki kparisu niyo shishi nikpi bin gbungbluii-wambandi walilohrzji hamasoh rziarziame, memeyoshishi nyemenikpi memenandyime niku shishi, bakima ba louchi ni birji.
6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
Nitu kima inturji ni gyirji nitubiandu bana wo'uana.
7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo.
Nimyikpi ba'ah bisizre towandandi binasohaimyinba.
8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.
Tunda aheitoki seikika-ka infu taga memesro'a taga, memetia taga, mrenzji taga, ni memetre biandi barzunyumbu'a
9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
Natiche tikpanbi na donbi chichenji ni sroma rjukpanba.
10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vrè konesans selon imaj a Kreyatè, li.
Bila sruh njiriisama hi myitowa nitu ihlan dyiwandia tiu.
11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
Iwirji kimaii baheline nahena imbaba yahude, iduwandi afunju niwandi ana funjuna, bitsri, baubawa, ni basikitiye, igrah niiwandi achusimarju kitode ahi Almasihu pepeme alahemyi wawuu.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans;
Nimyibininkoh iwandi bahlayiniurjia, biandi bahe iyaryameh nibandi ba nyebe niba'a sruh losroh, tikpibindidima situh, vusroh nilosroh.
13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
Kivu sronnikpanmbuh, kitati kpendidi nikpabu idan vayime tikpa unfu niwu uka karji niwuh yanda itimbu'a karji tawu'a.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
Ikpeiwandi azabaki mpempeme'a ahi kikbatibi nyebe, kimamba utikogye gyrengyreme.
15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
Kindu sisro'u Almasihu du sonisronbuh. nitu wayi sisro'i bayoyi nimyi kpariri ngyri yi.
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
Katre trehurji chuwo kusonimyi sronbi babra. nitokle to kima, niwronkpanbi nise ubrerji niseni ugbrerjisah awandi ani kba sronbi hi'ni Rji. Utimbu'a.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
Angardi idan ikpewandi bitre konduwandi biti bikatiu nimyinde. Itimbu Vrerji nila trongyribi nirji itimbu.
18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
Imba katukabi nibalombi, nitunkowandi irji ninyeme.
19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
Lilon, kpanyeme nimbambi na henidi nibawuna.
20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Dongye, tawotre batimbi konitah nitu kima Irji nihe nikla sroh.
21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
Biyi batii, natikpe unfu “nimirimbi nindi nglemba kyuna.
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.
Igrah, katu kabi nitikon bi nimyikpa nitun koba wawu'u, nati iwandi shishin megye bato na hemi kin wa sroa na ndu heni srome riiri klu sisri Rji.
23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.
Mpepeme nimyi ikpiwandu bisiti ti kongyeji nimyi sronbi don irji na nitu njina.
24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
Bitondi, bikpa inyu isandu binirji nitu kimah bitondi bisiti nitimburji.
25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
Nitukima idan una tindindi mana ukpasa iwandi utianahi ndidi maana, isotunahena.