< Amòs 9 >

1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.
I saw the Lord standing upon the altar; and he said, Smite the capital, that the sills may quake; and break them in pieces over the head of all of them; and their posterity will I slay with the sword: there shall not flee away from them one that fleeth, and there shall not escape from them one that is saved.
2 Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. (Sheol h7585)
Though they were to creep down into the nether world, thence would my hand fetch them; and though they were to climb up to the heavens, thence would I bring them down; (Sheol h7585)
3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo.
And though they were to hide themselves on the top of Carmel, thence would I search and take them out; and though they were to conceal themselves from before my eyes in the bottom of the sea, thence would I command the serpent, that he should bite them;
4 Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.
And though they were to go into captivity before their enemies, thence would I command the sword, that it should slay them: and I will set my eye upon them for evil, and not for good.
5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.
And the Lord Eternal of hosts it is that toucheth the earth, and she melteth away, and all that dwell thereon shall mourn; and she riseth up like a stream wholly; and she sinketh like the stream of Egypt;
6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.
That buildeth in the heavens his steps, and hath founded his vault over the earth; that calleth for the waters of the sea, and poureth them out over the face of the earth: The Lord is his name.
7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?
Are ye not like the children of the Ethiopians unto me, O children of Israel? saith the Lord: have I not brought up Israel out of the land of Egypt? and the Philistines from Caphtor, and the Syrians from Kir?
8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a.
Behold, the eyes of the Lord Eternal are upon the sinful kingdom, and I will destroy it from off the face of the earth; save only that I will not utterly destroy the house of Jacob, saith the Lord.
9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.
For, lo, I will give the command, and I will shake about among all the nations the house of Israel, as one shaketh things in a sieve, while not the least piece falleth down upon the earth.
10 Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’
By the sword shall die all the sinners of my people, who say, The evil will not come near [us], nor hasten along for our sake.
11 Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;
On that day will I raise up the tabernacle of David which is fallen; and I will close up its breaches; and its ruins will I raise up, and I will rebuild it as in days of old:
12 pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
In order that they may take possession of the remnant of Edom, and of all the nations, which are called by my name, saith the Lord that doth this.
13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
Behold, days are coming, saith the Lord, when the ploughman shall come close up to the harvester, and the treader of the grapes to the one that scattereth the seed: and the mountains shall drop with sweet new wine, and all the hills shall melt away.
14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an, Israël, ki an kaptivite a, e yo va rebati vil ki kraze nèt yo pou yo viv ladan yo. Anplis, yo va plante chan rezen yo pou bwè diven yo; epi fè jaden pou manje fwi yo.
And I will bring back the captivity of my people Israel, and they shall build the wasted cities, and dwell therein; and they shall plant vineyards, and drink their wine; and they shall lay out gardens, and eat their fruit.
15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo, e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a, Bondye Ou a.
And I will plant them upon their own soil, and they shall not be pulled up any more out of their land which I have given unto them, saith the Lord thy God.

< Amòs 9 >