< Amòs 8 >
1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
主耶和华又指示我一件事:我看见一筐夏天的果子。
2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.
他说:“阿摩司啊,你看见什么?”我说:“看见一筐夏天的果子。”耶和华说:“我民以色列的结局到了,我必不再宽恕他们。”
3 Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
主耶和华说:“那日,殿中的诗歌变为哀号;必有许多尸首在各处抛弃,无人作声。”
4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt, pou mete fen a tout pòv yo,
你们这些要吞吃穷乏人、 使困苦人衰败的,当听我的话!
5 ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
你们说:月朔几时过去, 我们好卖粮; 安息日几时过去, 我们好摆开麦子; 卖出用小升斗, 收银用大戥子, 用诡诈的天平欺哄人,
6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan, ak malere a pou de grenn sapat. Menm balizaj ble a n ap vann!’”
好用银子买贫寒人, 用一双鞋换穷乏人, 将坏了的麦子卖给人。
7 SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.
耶和华指着雅各的荣耀起誓说: 他们的一切行为,我必永远不忘。
8 Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
地岂不因这事震动? 其上的居民不也悲哀吗? 地必全然像尼罗河涨起, 如同埃及河涌上落下。
9 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
主耶和华说:到那日, 我必使日头在午间落下, 使地在白昼黑暗。
10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.
我必使你们的节期变为悲哀, 歌曲变为哀歌。 众人腰束麻布,头上光秃, 使这场悲哀如丧独生子, 至终如痛苦的日子一样。
11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a, “lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a, pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, men pou koute pawòl SENYÈ a.
主耶和华说:日子将到, 我必命饥荒降在地上。 人饥饿非因无饼,干渴非因无水, 乃因不听耶和华的话。
12 Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.
他们必飘流,从这海到那海, 从北边到东边,往来奔跑, 寻求耶和华的话,却寻不着。
13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.
当那日,美貌的处女 和少年的男子必因干渴发昏。
14 Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
那指着撒马利亚牛犊起誓的说: 但哪,我们指着你那里的活神起誓; 又说:我们指着别是巴的神道起誓。 这些人都必仆倒,永不再起来。