< Amòs 7 >

1 Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.
主耶和華指示我一件事:為王割菜之後,菜又發生;剛發生的時候,主造蝗蟲。
2 Epi li te vin rive lè li te fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
蝗蟲吃盡那地的青物,我就說:「主耶和華啊,求你赦免;因為雅各微弱,他怎能站立得住呢?」
3 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.
耶和華就後悔說:「這災可以免了。」
4 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan.
主耶和華又指示我一件事:他命火來懲罰以色列,火就吞滅深淵,險些將地燒滅。
5 Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
我就說:「主耶和華啊,求你止息;因為雅各微弱,他怎能站立得住呢?」
6 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
耶和華就後悔說:「這災也可免了。」
7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L.
他又指示我一件事:有一道牆是按準繩建築的,主手拿準繩站在其上。
8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” Mwen te di: “Yon filaplon.” Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò.
耶和華對我說:「阿摩司啊,你看見甚麼?」我說:「看見準繩。」主說:「我要吊起準繩在我民以色列中,我必不再寬恕他們。
9 Wo plas Isaac yo va vin abandone, e sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
以撒的邱壇必然淒涼;以色列的聖所必然荒廢。我必興起,用刀攻擊耶羅波安的家。」
10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.
伯特利的祭司亞瑪謝打發人到以色列王耶羅波安那裏,說:「阿摩司在以色列家中圖謀背叛你;他所說的一切話,這國擔當不起;
11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’”
因為阿摩司如此說:『耶羅波安必被刀殺;以色列民定被擄去離開本地。』」
12 Amatsia te di a Amos: “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la!
亞瑪謝又對阿摩司說:「你這先見哪,要逃往猶大地去,在那裏糊口,在那裏說預言,
13 Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans la a wa a!”
卻不要在伯特利再說預言;因為這裏有王的聖所,有王的宮殿。」
14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.
阿摩司對亞瑪謝說:「我原不是先知,也不是先知的門徒。我是牧人,又是修理桑樹的。
15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’
耶和華選召我,使我不跟從羊群,對我說:『你去向我民以色列說預言。』
16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’
亞瑪謝啊,現在你要聽耶和華的話。你說:『不要向以色列說預言,也不要向以撒家滴下預言。』
17 Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”
所以耶和華如此說:『你的妻子必在城中作妓女;你的兒女必倒在刀下。你的地必有人用繩子量了分取;你自己必死在污穢之地。以色列民定被擄去離開本地。』」

< Amòs 7 >