< Amòs 5 >
1 Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:
イスラエルの家よ、わたしが悲しみの歌をもって、あなたがたについて宣べるこの言葉を聞け、
2 Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.
「おとめイスラエルは倒れて、また起き上がらず、彼女はおのれの地に投げ倒されてこれを起す者がない」。
3 Paske, konsa pale Senyè BONDYE a: “Vil ki te gen mil sòlda soti, va gen san ki rete, e sila ki gen san ki ale yo, va gen dis ki rete pou lakay Israël.”
主なる神はこう言われる、「イスラエルの家では、千人出た町は百人残り、百人出た町は十人残る」。
4 Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël: “Chache Mwen pou nou ka viv.
主はイスラエルの家にこう言われる、「あなたがたはわたしを求めよ、そして生きよ。
5 Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.
ベテルを求めるな、ギルガルに行くな。ベエルシバにおもむくな。ギルガルは必ず捕えられて行き、ベテルは無に帰するからである」。
6 Chache SENYÈ a pou nou ka viv, sinon Li va eklate kon dife nan lakay Joseph, e li va devore san pa gen okenn moun ki pou etenn li Béthel.
あなたがたは主を求めよ、そして生きよ。さもないと主は火のようにヨセフの家に落ち下られる。火はこれを焼くが、ベテルのためにこれを消す者はひとりもない。
7 Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,
あなたがた、公道をにがよもぎに変え、正義を地に投げ捨てる者よ。
8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.
プレアデスおよびオリオンを造り、暗黒を朝に変じ、昼を暗くして夜となし、海の水を呼んで、地のおもてに注がれる者、その名は主という。
9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon sou moun pwisan yo, jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
主は滅びをたちまち強い者に臨ませられるので、滅びはついに城に臨む。
10 Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
彼らは門にいて戒める者を憎み、真実を語る者を忌みきらう。
11 Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan blè sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.
あなたがたは貧しい者を踏みつけ、彼から麦の贈り物をとるゆえ、あなたがたは切り石の家を建てても、その中に住むことはできない。美しいぶどう畑を作っても、その酒を飲むことはできない。
12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.
わたしは知る、あなたがたのとがは多く、あなたがたの罪は大きいからである。あなたがたは正しい者をしえたげ、まいないを取り、門で貧しい者を退ける。
13 Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
それゆえ、このような時には賢い者は沈黙する、これは悪い時だからである。
14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal, pou nou ka viv; epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou, jis jan nou te pale a!
善を求めよ、悪を求めるな。そうすればあなたがたは生きることができる。またあなたがたが言うように、万軍の神、主はあなたがたと共におられる。
15 Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”
悪を憎み、善を愛し、門で公義を立てよ。万軍の神、主は、あるいはヨセフの残りの者をあわれまれるであろう。
16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di: “Va gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, yo va peye moun pou l fè lamantasyon.
それゆえ、主なる万軍の神、主はこう言われる、「すべての広場で泣くことがあろう。すべてのちまたで人々は『悲しいかな、悲しいかな』と言う。また彼らは農夫を呼んできて嘆かせ、巧みな泣き女を招いて泣かせ、
17 Epi nan tout chan rezen yo, va gen gwo kri, paske Mwen va pase nan mitan nou”, di SENYÈ a.
またすべてのぶどう畑にも泣くことがあろう。それはわたしがあなたがたの中を通るからである」と主は言われる。
18 Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a! Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a? Li va yon jou tenèb olye limyè.
わざわいなるかな、主の日を望む者よ、あなたがたは何ゆえ主の日を望むのか。これは暗くて光がない。
19 Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.
人がししの前を逃れてもくまに出会い、また家にはいって、手を壁につけると、へびにかまれるようなものである。
20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou tenèb olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
主の日は暗くて、光がなく、薄暗くて輝きがないではないか。
21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo, ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
わたしはあなたがたの祭を憎み、かつ卑しめる。わたしはまた、あなたがたの聖会を喜ばない。
22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo.
たといあなたがたは燔祭や素祭をささげても、わたしはこれを受けいれない。あなたがたの肥えた獣の酬恩祭はわたしはこれを顧みない。
23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo; Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
あなたがたの歌の騒がしい音をわたしの前から断て。あなたがたの琴の音は、わたしはこれを聞かない。
24 Men kite jistis koule desann tankou dlo, e ladwati tankou yon gwo larivyè,
公道を水のように、正義をつきない川のように流れさせよ。
25 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël?
「イスラエルの家よ、あなたがたは四十年の間、荒野でわたしに犠牲と供え物をささげたか。
26 Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo.
かえってあなたがたの王シクテをにない、あなたがたが自分で作ったあなたがたの偶像、星の神、キウンをになった。
27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.
それゆえわたしはあなたがたをダマスコのかなたに捕え移す」と、その名を万軍の神ととなえられる主は言われる。