< Amòs 4 >

1 Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
Det skal høyra på dette ordet, de Basans kyr, som er på Samariafjellet, de som piner dei små og dei arme mun slå, som segjer til dykkar herrar: «Lat oss få so me kann drikka!»
2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
Herren, Herren, svor ved sin heilagdom: Sjå, dagar det koma skal yver dykk då med hakar dei hentar dykk fram og resten med krokar dreg upp.
3 Nou va sòti atravè brèch miray yo, nou chak tou dwat devan li a, e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.
Gjenom sprunger i muren fer det, ei um senn, og kastar gudarne burt, segjer Herren.
4 “Antre nan Béthel pou fè peche; nan Guilgal pou miltipliye peche yo! Pote sakrifis nou yo chak maten, dim nou yo chak twa jou.
Kom til Betel og gjer synd, til Gilgal og synda enn meir; kvar morgon slagtoffer ber fram, kvar tridje dagen tiend,
5 Ofri yon ofrann remèsiman, sitou sa ki gen ledven ladan, epi pwoklame ofrann bòn volonte yo. Fè l parèt wo pou moun wè! Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.
Til takkoffer syra brød brenn, lys ut at de fri-offer gjer. For slikt mun de lika, de Israels born, segjer Herren, Herren.
6 “Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye nan tout vil nou yo, ak mank pen tout kote. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Det var eg som let dykk i kvar ein by vanta maten i munn, brødløysa gav eg i kvar ein heim. Og De vende’kje um til meg, segjer Herren.
7 Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.
Det var eg som heldt regnet attende tri månader fyre skurden. Eg gav regn til den eine byen, den andre byen fekk ingen ting. Den eine åkren fekk regn, og den åkren som ikkje fekk regn, han turka burt.
8 Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.
Og tvo, tri byar gjekk til ein by til ein vatsdrykk å få, og dei fekk ikkje nok. Men de vende’kje um til meg, segjer Herren.
9 Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Kornet eg slo med sotbrand og rust, og hagarne mange og vinbergi og fike- og oljetrei. Deim åt grashoppen upp. Men de vende’kje um til meg, segjer Herren.
10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Eg sende sotti på dykk liksom i Egypt. Eg drap dykkar gutar med sverd. Hestarn’ vart herfang. Eg let dykk illtev frå valen i nasarne få. Men de vende’kje um til meg, segjer Herren.
11 “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.
Eg gjorde ein omstøyt ibland dykk, som då Gud støytte ned Sodoma og Gomorra. Og de vart som ein brand berga or eld. Men de vende’kje um til meg, segjer Herren.
12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! Paske se sa Mwen va fè ou; prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.
Difor gjer eg med deg, Israel, so. Sidan eg gjerne vil gjera so med deg, bu deg til å møta din Gud, Israel.
13 Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”
For sjå: Han som lagar fjelli og skaper vinden, og ein mann sine tankar fortel, og myrker bryt til morgonljos, han som stig på jordheims haugar - Herren, allhers drott, er namnet hans.

< Amòs 4 >