< Amòs 3 >
1 Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
以色列人哪,你们全家是我从埃及地领上来的,当听耶和华攻击你们的话:
2 “Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”
在地上万族中,我只认识你们; 因此,我必追讨你们的一切罪孽。
3 Èske de mache ansanm, san yo pa antann yo?
二人若不同心,岂能同行呢?
4 Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
狮子若非抓食,岂能在林中咆哮呢? 少壮狮子若无所得,岂能从洞中发声呢?
5 Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?
若没有机槛,雀鸟岂能陷在网罗里呢? 网罗若无所得,岂能从地上翻起呢?
6 Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?
城中若吹角,百姓岂不惊恐呢? 灾祸若临到一城,岂非耶和华所降的吗?
7 Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
主耶和华若不将奥秘指示他的仆人—众先知, 就一无所行。
8 Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?
狮子吼叫,谁不惧怕呢? 主耶和华发命,谁能不说预言呢?
9 Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.
要在亚实突的宫殿中 和埃及地的宫殿里传扬说: 你们要聚集在撒马利亚的山上, 就看见城中有何等大的扰乱与欺压的事。
10 “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
那些以强暴抢夺财物、 积蓄在自己家中的人 不知道行正直的事。 这是耶和华说的。
11 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon lènmi va ranvwaye peyi a. Li va rale desann barikad ou yo, episitadèl ou yo va piyaje.”
所以主耶和华如此说: 敌人必来围攻这地, 使你的势力衰微, 抢掠你的家宅。
12 Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.
耶和华如此说:“牧人怎样从狮子口中抢回两条羊腿或半个耳朵,住撒马利亚的以色列人躺卧在床角上或铺绣花毯的榻上,他们得救也不过如此。”
13 “Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.
主耶和华—万军之 神说: 当听这话,警戒雅各家。
14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.
我讨以色列罪的日子,也要讨伯特利祭坛的罪; 坛角必被砍下,坠落于地。
15 Kay sezon livè a, Mwen va frape ansanm avèk kay sezon lete a. Kay livwa yo va vin peri, e gran mezon yo p ap la ankò,” di Senyè a.
我要拆毁过冬和过夏的房屋。 象牙的房屋也必毁灭; 高大的房屋都归无有。 这是耶和华说的。