< Amòs 2 >
1 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te brile zo a wa Édom nan pou l fè lacho.
Ainsi a dit l'Eternel: à cause de trois crimes de Moab, même à cause de quatre, je ne rappellerai point cela; [mais je le ferai] parce qu'il a brûlé les os du Roi d'Edom, jusqu'à les calciner.
2 Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e li va devore sitadèl Kérijoth yo. Moab va mouri nan mitan gwo zen, kri lagè ak son a twonpèt.
Et j'enverrai le feu en Moab, et il dévorera les palais de Kérijoth; et Moab mourra dans le tumulte, dans l'alarme, et au bruit du cor.
3 Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo, e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
Et j'exterminerai les Gouverneurs du milieu de son pays; et je tuerai ensemble avec lui tous les principaux du pays, a dit l'Eternel.
4 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
Ainsi a dit l'Eternel: à cause de trois crimes de Juda, même à cause de quatre, je ne rappellerai point cela; [mais je le ferai] parce qu'ils ont rejeté la Loi de l'Eternel, et n'ont point gardé ses statuts; mais leurs mensonges, lesquels leurs pères avaient suivis, les ont fait égarer.
5 Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, e li va devore palè a Jérusalem yo.”
Et j'enverrai le feu en Juda, et il dévorera les palais de Jérusalem.
6 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.
Ainsi a dit l'Eternel: à cause de trois crimes d'Israël, même à cause de quatre, je ne rappellerai point cela; [mais je le ferai] parce qu'ils ont vendu le juste pour de l'argent, et le pauvre pour une paire de souliers;
7 Sila yo k ap foule tèt a malere a, jis pou l rive nan pousyè, k ap refi bay jistis a oprimen an. Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
Soupirant après la poussière de la terre pour la jeter sur la tête des chétifs; et ils pervertissent la voie des débonnaires; et le fils et le père s'en vont à une même jeune fille, pour profaner le Nom de ma sainteté.
8 Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.
Et se couchent près de tout autel, sur les vêtements qu'ils ont pris en gage, et boivent dans la maison de leurs dieux le vin des condamnés.
9 Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
J'ai pourtant détruit devant eux l'Amorrhéen, dont la hauteur était comme la hauteur des cèdres, et qui était fort comme les chênes; et j'ai ruiné son fruit par-dessus, et ses racines par-dessous.
10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti peyi Égypte la. E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan, pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.
Je vous ai aussi tirés du pays d'Egypte, et je vous ai conduits par le désert durant quarante ans, afin que vous possédassiez le pays de l'Amorrhéen.
11 Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt, e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen. Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
Davantage, j'ai suscité quelques-uns d'entre vos fils pour être Prophètes, et quelques-uns d'entre vos jeunes gens pour être Nazariens; n'est-il pas ainsi, enfants d'Israël; dit l'Eternel?
12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”
Mais vous avez fait boire du vin aux Nazariens, et vous avez commandé aux Prophètes, et leur avez dit: Ne prophétisez plus.
13 Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj, kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
Voici, je m'en vais fouler le lieu où vous habitez, comme un chariot plein de gerbes foule [tout par où il passe].
14 Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; Sila ki dyanm lan, p ap ka ranfòse fòs li, ni sila ki pwisan an, p ap ka delivre tèt li.
Tellement que l'homme léger ne pourra point fuir, et le fort ne pourra pas faire usage de sa vigueur, et le vaillant ne sauvera point sa vie.
15 Ni sila ki fò ak banza a, p ap ka kanpe. Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li. Sila ki konn monte cheval la p ap chape.
Et celui qui manie l'arc, ne pourra point demeurer ferme; et celui qui est léger à la course n'échappera point; et l'homme de cheval ne sauvera point sa vie.
16 Menm pi brav pami gèrye yo va chape poul yo toutouni nan jou sa a”, di SENYÈ a.
Et le plus courageux entre les [hommes] forts s'enfuira tout nu en ce jour-là, dit l'Eternel.