< Amòs 1 >
1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.
Riječi Amosa, pastira iz Tekoe. Njegova viđenja o Izraelu u doba judejskoga kralja Uzije i Jeroboama, sina Joaša, izraelskoga kralja, dvije godine prije potresa.
2 Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
Veli on: “Jahve grmi sa Siona, iz Jeruzalema glas mu se ori; stočarski pašnjaci tuže i suši se vrh Karmela.”
3 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
Ovako govori Jahve: “Za tri zločina Damaska, za četiri zločina, odluka je neopoziva: jer su vrhli Gilead cijepom željeznim,
4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.
pustit ću oganj na dom Hazaelov da sažeže Ben-Hadadove dvorce;
5 Anplis, Mwen va kase baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.
polomit ću zasune Damaska, istrijebiti živalj Bikat Avena i žezlonošu iz Bet Edena; narod će aramski u ropstvo u Kir,” veli Jahve Gospod.
6 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te depòte tout pèp la, pou livre yo bay Édom.
Ovako govori Jahve: “Za tri zločina Gaze, za četiri zločina, odluka je neopoziva: jer odvedoše sve u izgnanstvo i Edomu predadoše,
7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, epi li va devore sitadèl li yo nèt.
pustit ću oganj na zidine Gaze da dvorce joj sažeže.
8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.
Istrijebit ću žitelje ašdodske i žezlonošu iz Aškelona. Pružit ću ruku na Ekron da ostatak filistejski pogine,” veli Jahve Gospod.
9 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, e yo pa t sonje akò fratènèl la.
Ovako govori Jahve: “Za tri zločina Tira, za četiri zločina, odluka je neopoziva: jer predade sve izgnanike Edomu i nisu se sjetili bratskog saveza,
10 Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”
pustit ću oganj na zidove Tira da sažeže njihove dvorce.”
11 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
Ovako govori Jahve: “Za tri zločina Edoma, za četiri zločina, odluka je neopoziva: jer gonjaše brata mačem prigušujuć' samilost svoju, jer gnjev svoj potpirivaše jednako, jer poticaše bijes svoj,
12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”
pustit ću oganj na Teman da sažeže dvorce u Bosri.”
13 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.
Ovako govori Jahve: “Za tri zločina Amonovih sinova, za četiri zločina, odluka je neopoziva: jer parahu trudnice gileadske da rašire granice svoje,
14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray Rabba a. Li va devore sitadèl li yo nèt, nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
potpalit ću oganj na zidinama Rabe da dvorce joj sažeže, s bojnom grajom u dan rata, s burama u dan vihora,
15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, li menm ansanm ak prens li yo,” di Senyè a.
a kralj će im otić' u izgnanstvo, on i knezovi njegovi s njime,” veli Jahve Gospod.