< Travay 1 >

1 Premye istwa ke m te ekri a, chè Théophile, sou tout bagay ke Jésus te kòmanse fè ak enstwi yo,
Den første Bog skrev jeg, o Theofilus! om alt det, som Jesus begyndte både at gøre og lære,
2 jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo.
indtil den Dag, da han blev optagen, efter at han havde givet Apostlene, som han havde udvalgt, Befaling ved den Helligånd;
3 A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
for hvem han også, efter at han havde lidt, fremstillede sig levende ved mange Beviser, idet han viste sig for dem i fyrretyve Dage og talte om de Ting, der høre til Guds Rige.
4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.
Og medens han var sammen med dem, bød han dem, at de ikke måtte vige fra Jerusalem, men skulde oppebie Faderens Forjættelse, "hvorom," sagde han, "I have hørt af mig.
5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
Thi Johannes døbte med Vand; men I skulle døbes med den Helligånd om ikke mange Dage."
6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
Som de nu vare forsamlede, spurgte de ham og sagde: "Herre! opretter du på denne Tid Riget igen for Israel?"
7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.
Men han sagde til dem: "Det tilkommer ikke eder at kende Tider eller Timer, hvilke Faderen har fastsat i sin egen Magt.
8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
Men I skulle få Kraft, når den Helligånd kommer over eder; og I skulle være mine Vidner både i Jerusalem og i hele Judæa og Samaria og indtil Jordens Ende."
9 Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
Og da han havde sagt dette, blev han optagen, medens de så derpå, og en Sky tog ham bort fra deres Øjne.
10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L;
Og som de stirrede op imod Himmelen, medens han for bort, se, da stode to Mænd hos dem i hvide Klæder,
11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
og de sagde: "I galilæiske Mænd, hvorfor stå I og se op imod Himmelen? Denne Jesus, som er optagen fra eder til Himmelen, skal komme igen på samme Måde, som I have set ham fare til Himmelen."
12 Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.
Da vendte de tilbage til Jerusalem fra det Bjerg, som kaldes Oliebjerget og er nær ved Jerusalem, en Sabbatsvej derfra.
13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.
Og da de kom derind, gik de op på den Sal, hvor de plejede at opholde sig, Peter og Johannes og Jakob og Andreas, Filip og Thomas, Bartholomæus og Matthæus, Jakob, Alfæus's Søn og Simon Zelotes, og Judas, Jakobs Søn.
14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
Alle disse vare endrægtigt vedholdende i Bønnen tillige med nogle Kvinder og Maria, Jesu Moder, og med hans Brødre.
15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:
Og i disse Dage stod Peter op midt iblandt Brødrene og sagde: (og der var en Skare samlet på omtrent hundrede og tyve Personer):
16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.
"I Mænd, Brødre! det Skriftens Ord burde opfyldes, som den Helligånd forud havde talt ved Davids Mund om Judas, der blev Vejleder for dem, som grebe Jesus;
17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
thi han var regnet iblandt os og havde fået denne Tjenestes Lod.
18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.
Han erhvervede sig nu en Ager for sin Uretfærdigheds Løn, og han styrtede ned og brast itu, og alle hans Indvolde væltede ud,
19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
hvilket også er blevet vitterligt for alle dem, som bo i Jerusalem, så at den Ager kaldes på deres eget Mål Hakeldama, det er Blodager.
20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: ‘Kite kote li rete a vin devaste; e pa kite pèsòn rete ladan l’; ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.
Thi der er skrevet i Salmernes Bog: "Hans Bolig blive øde, og der være ingen, som bor i den," og: "Lad en anden få hans Tilsynsgerning."
21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo,
Derfor bør en af de Mænd, som vare sammen med os i hele den Tid, da den Herre Jesus gik ind og gik ud hos os,
22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
lige fra Johannes's Dåb indtil den Dag, da han blev optagen fra os, blive Vidne sammen med os om hans Opstandelse."
23 Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias.
Og de fremstillede to, Josef, som kaldtes Barsabbas med Tilnavn Justus, og Matthias.
24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,
Og de bade og sagde: "Du Herre! som kender alles Hjerter, vis os den ene, som du har udvalgt af disse to
25 pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
til at få denne Tjenestes og Apostelgernings Plads, som Judas forlod for at gå hen til sit eget Sted."
26 Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
Og de kastede Lod imellem dem, og Loddet faldt på Matthias. og han blev regnet sammen med de elleve Apostle.

< Travay 1 >