< Travay 9 >

1 Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la.
כל אותו זמן המשיך שאול לאיים על המאמינים המשיחיים באלימות וברצח. הוא הלך אל הכהן הגדול בירושלים
2 Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.
וביקש ממנו מכתב אל בתי־הכנסת בדמשק. במכתב ביקש מבתי־הכנסת לשתף פעולה ברדיפת המאמינים המשיחיים שם, גברים ונשים כאחד, כדי ששאול יוכל לאסרם ולהביאם לירושלים.
3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li.
כשהתקרב שאול לדמשק במסגרת שליחותו, סנוורה אותו לפתע אלומת אור חזקה מן השמים.
4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
הוא נפל ארצה ושמע קול מדבר אליו:”שאול, שאול, מדוע אתה רודף אותי?“
5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
”מי אתה, אדוני?“שאל שאול.”אני ישוע שאותו אתה רודף!“ענה הקול.
6 Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”
”לך עכשיו העירה, וחכה להוראות נוספות!“
7 Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.
מלוויו של שאול עמדו נדהמים וחסרי־מילים, כי שמעו קול אך לא ראו איש.
8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas.
כשקם שאול על רגליו גילה שהתעוור, ומלוויו היו צריכים להחזיק בידו ולהובילו לדמשק. עיוורונו נמשך שלושה ימים, וכל אותו זמן לא אכל ולא שתה.
9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!” Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
באותה עת גר בדמשק מאמין משיחי בשם חנניה. האדון נגלה אליו בחלום ואמר לו:”חנניה!“”כן, אדוני!“השיב חנניה.
11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye.
והאדון המשיך:”לך לביתו של יהודה ברחוב’הישר‘, ושאל שם על שאול מהעיר טרסוס. ברגע זה הוא מתפלל אלי,
12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
ורואה בחזיון אדם בשם חנניה ניגש אליו וסומך עליו את ידיו, כדי שתשוב אליו ראייתו.“
13 Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem.
”אבל, אדוני, “קרא חנניה,”שמעתי סיפורים רבים על הדברים הנוראים שעשה שאול זה למאמינים בך בירושלים!
14 Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
הוא בא לדמשק רק משום שקיבל רשות מראשי הכוהנים לאסור את כל המאמינים המשיחיים כאן!“
15 Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.
”לך ועשה מה שאמרתי לך, “אמר האדון לחנניה,”כי בחרתי בשאול להביא את בשורתי אל עמים רבים ומלכיהם ואל עם־ישראל.
16 Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
אני אראה לו כמה יהיה עליו לסבול למען שמי!“
17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
חנניה הלך לביתו של יהודה, וכשמצא את שאול סמך עליו את ידיו ואמר:”שאול אחי, האדון ישוע, אשר נראה אליך בדרך, שלח אותי אליך כדי שתימלא ברוח הקודש, וכדי שישוב אליך אור עיניך.“
18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.
”באותו רגע נפקחו עיניו של שאול, כאילו נפלו מהן קשקשים, וראייתו שבה אליו. הוא קם על רגליו ונטבל במים,
19 Li te pran manje e te reprann fòs li. Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.
ולאחר מכן אכל את ארוחתו הראשונה מזה שלושה ימים, וכוחו שב אליו. הוא נשאר עם המאמינים בדמשק ימים אחדים,
20 Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
ואחר כך החל לבקר בבתי־הכנסת השונים, וסיפר לכולם שישוע המשיח הוא באמת בן־האלוהים!“
21 Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
כל מי ששמע את דברי שאול נדהם.”האין זה אותו האיש שרדף באכזריות כה רבה את המאמינים המשיחיים בירושלים?“שאלו.”חשבנו שהוא בא לכאן כדי לאסור את המאמינים, ולהביאם כבולים בשרשרות אל ראשי הכוהנים!“
22 Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
שאול הלך ונמלא כוח וגבורה, ויהודי דמשק לא יכלו להפריך את טענותיו והוכחותיו שישוע באמת המשיח.
23 Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li,
כעבור זמן־מה החליטו מנהיגי היהודים להרוג את שאול.
24 men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
אולם מישהו גילה לשאול את מזימתם, ואמר לו שהמנהיגים הציבו שומרים בשערי העיר, יומם ולילה, כדי לתפסו ולהרגו.
25 Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
לכן באותו לילה הבריחו אותו אחדים מהתלמידים אל מחוץ לעיר. הם הושיבו אותו בתוך סל גדול ושלשלוהו דרך פרצה אל מעבר לחומה.
26 Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
שאול הגיע לירושלים וניסה להיפגש עם המאמינים המשיחיים, אך כולם פחדו מפניו, כי חשבו שהוא מרמה אותם.
27 Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
בר־נבא בא לעזרתו של שאול ולקח אותו אל השליחים. הוא סיפר להם כיצד שאול ראה את האדון בדרך לדמשק, וכיצד שמע את דבריו. בר־נבא גם דיווח להם על הטפתו האמיצה והנלהבת של שאול בשם ישוע.
28 Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem.
לשמע דברים אלה קיבלו אותו השליחים לשורותיהם, ומאז היה שאול תמיד עם המאמינים, והטיף בשם האדון באומץ לב.
29 Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.
שאול שוחח והתווכח גם עם היהודים דוברי היוונית, אולם הם זממו להרוג אותו.
30 Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
כשנודע לשאר האחים על הסכנה הנשקפת לו, לקחו אותו לקיסריה, ומשם שלחוהו לביתו שבטרסוס.
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
בינתיים חדלו הרדיפות, וקהילות יהודה, הגליל והשומרון נהנו משקט ושלווה וגדלו בכוח ובמספר. רוח הקודש עודד את המאמינים, והם למדו להתהלך ביראת־ה׳.
32 Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo.
פטרוס נסע ממקום למקום כדי לבקר את הקהילות, ויום אחד בא לבקר את המאמינים בלוד.
33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
הוא פגש שם אדם משותק בשם אניאס, שהיה מרותק למיטתו כשמונה שנים.
34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
”אניאס, “אמר לו פטרוס,”ישוע המשיח ריפא אותך! קום וסדר את מיטתך!“והוא נרפא מיד.
35 Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.
כל תושבי לוד והשרון ראו את הנס והאמינו באדון.
36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.
ביפו הייתה תלמידה אחת בשם צביה, שתמיד עשתה מעשי צדקה ועזרה בעיקר לעניים.
37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.
באותם ימים חלתה צביה ומתה. ידידיה טיהרו את הגופה והניחו אותה בעליית־הגג.
38 Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
אולם כאשר נודע להם שפטרוס היה בקרבת המקום, מיהרו לשלוח שני אנשים ללוד, כדי לבקש ממנו שיבוא איתם ליפו.
39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
בלי להתמהמה הלך איתם פטרוס ליפו, וכשנכנס אל הבית הובילו אותו מיד אל החדר שבו שכבה צביה. החדר היה מלא אלמנות בוכיות, אשר הראו זו לזו חולצות ושמלות שצביה תפרה למענן.
40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.” Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
פטרוס ביקש מכולן לצאת מהחדר, ואז כרע על ברכיו והתפלל. לאחר מכן פנה אל הגופה וקרא:”צביה, קומי!“באותו רגע פקחה צביה את עיניה, ובראותה את פטרוס הזדקפה על מיטתה.
41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
הוא הושיט את ידו ועזר לה לעמוד על רגליה. אחר כך קרא פטרוס לכל האחים ולכל האלמנות והציג את צביה לפניהם.
42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.
הידיעה המשמחת התפשטה במהירות בכל העיר, ואנשים רבים האמינו באדון.
43 Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.
פטרוס נשאר ביפו זמן רב והתגורר אצל מעבד־עורות בשם שמעון.

< Travay 9 >