< Travay 8 >

1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.
А Савл похваляв його вби́вство. І утиск великий постав того дня проти єрусалимської Церкви, і всі, крім апо́столів, розпоро́шилися по краях юдейських та самарійських.
2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
І поховали Степа́на му́жі побожні, і плакали ревно за ним.
3 Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
А Савл нищив Церкву, — вдирався в доми́, витягав чоловіків і жінок та давав до в'язниці.
4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
Ходили тоді розпоро́шенці, та Боже Слово благовісти́ли.
5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
Ось Пилип прийшов до самарійського міста, і проповідував їм про Христа.
6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo.
А люди вважали на те, що Пилип говорив, і згідно слухали й бачили чу́да, які він чинив.
7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri.
Із багатьох бо, що мали їх, ду́хи нечисті вихо́дили з криком великим, і багато розсла́блених та кривих уздорови́лися.
8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
І радість велика в тім місті була́!
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
Був один чоловік, на ім'я́ йому́ Си́мон, що до того в цім місті займавсь ворожби́тством та дурив самарійський наро́д, видаючи себе за якогось великого.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.”
Його слухали всі, — від найменшого аж до найбільшого, кажучи: „Він — сила Божа, що зветься велика!“
11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
Його ж слухалися, бо він їх довший час дивував ворожби́тством.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an.
Та коли йняли віри Пилипові, що благовістив про Боже Царство й Ім'я́ Ісуса Христа, чоловіки й жінки охристи́лися.
13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
Увірував навіть сам Си́мон, і, охристившись, тримався Пилипа; а бачивши чуда й знаме́на великі, він дуже дивувався.
14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo.
Як зачули ж апо́столи, які в Єрусалимі були, що Боже Слово прийняла́ Самарі́я, то послали до них Петра та Івана.
15 Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an.
А вони, як прийшли, помолились за них, щоб Духа Святого вони прийняли́,
16 Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus.
бо ще ні на о́дного з них Він не схо́див, а були вони тільки охрищені в Ім'я́ Господа Ісуса.
17 Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
Тоді на них руки поклали, і прийняли́ вони Духа Святого!
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan.
Як побачив же Си́мон, що через наклада́ння апо́стольських рук Святий Дух подається, то приніс він їм гроші,
19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
і сказав: „Дайте й мені таку вла́ду, щоб той, на кого́ покладу́ свої руки, одержав би Духа Святого!“
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.
Та промовив до нього Петро: „Нехай згине з тобою те срібло твоє, бо ти ду́мав набути дар Божий за гроші!
21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.
У цім ділі нема тобі частки ні уділу, бо серце твоє перед Богом не слушне.
22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.
Тож покайся за це лихе ді́ло своє, і проси Господа, — може про́щений буде тобі за́мір серця твого!
23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
Бо я бачу, що ти пробува́єш у жо́вчі гіркі́й та в пу́тах неправди“.
24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
А Си́мон озвався й сказав: „Помоліться за мене до Господа, щоб мене не спіткало нічого з того, про що ви говорили“.
25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
А вони ж, засвідчивши, і Слово Господнє звістивши, повернулись до Єрусалиму, і звіщали Єва́нгелію в багатьох самарійських осе́лях.
26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
А ангол Господній промовив Пилипові, кажучи: „Устань та на пі́вдень іди, на дорогу, що від Єрусалиму до Га́зи спускається, — порожня вона“.
27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye.
І, вставши, пішов він. І ось муж етіо́пський, скопе́ць, вельможа Канда́ки, цариці етіопської, що був над усіма́ її ска́рбами, що до Єрусалиму прибув поклонитись,
28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
вертався, і, сидючи́ на пово́зі своїм, читав пророка Ісаю.
29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
А Дух до Пилипа промовив: „Підійди, та й пристань до цього пово́зу“.
30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
Пилип же підбіг і почув, що той читає пророка Ісаю, та й спитав: „Чи розумієш, що́ ти читаєш?“
31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
А той відказав: „Як же мо́жу, як ніхто не напу́тить мене?“І впросив він Пилипа піднятись та сісти з ним.
32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li.
А слово Писа́ння, що його він читав, було це: „Як вівцю́ на заріз Його ве́дено, і як ягня супроти стрижія́ безголосе, так Він не відкрив Своїх уст!
33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte. Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la? Paske vi Li retire sou tè a.”
У прини́женні суд Йому віднятий був, а про рід Його хто розповість? Бо життя Його із землі забирається“.
34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
Відізвався ж скопе́ць до Пилипа й сказав: „Благаю тебе, — це про ко́го говорить пророк? Чи про себе, чи про іншого кого?“
35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
А Пилип відкрив у́ста свої, і, зачавши від цього Писа́ння, благовістив про Ісуса йому.
36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”
І, як шляхо́м вони їхали, прибули́ до якоїсь води. І озвався скопець: „Ось вода. Що мені заважає христитись?“
37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”
А Пилип відказав: „Якщо віруєш із повного серця свого, то можна“. А той відповів і сказав: „Я вірую, що Ісус Христос — то Син Божий!“
38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
І звелів, щоб по́віз спинився. І оби́два — Пилип та скопе́ць — увійшли до води, і охристив він його.
39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
А коли вони вийшли з води, Дух Господній Пилипа забрав, і скопе́ць уже більше не бачив його. І він їхав, радіючи, шляхом своїм.
40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.
А Пилип опинився в Азо́ті, і, переходячи, звіщав Єва́нгелію всім містам, аж поки прийшов у Кесарі́ю.

< Travay 8 >