< Travay 7 >
1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?”
大司祭遂問說:「真是這樣嗎﹖」
2 Li te di: “Koute m frè m yo ak ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.
斯德望答說:「諸位仁人弟兄,諸位父老,請聽!當我們的祖先亞巴郎還在美索不達米亞,還未住在哈蘭以前,榮耀的天主曾顯現給他,
3 E Li te di li: “Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.
向他說:『你要離開你的故鄉和你的家族,往我所指示你的地方去!』
4 Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.
那時,他遂離開了加色丁人的地方,住在哈蘭;他父親死後,天主又叫他從那裏遷移,來到你們現今所住的地方。
5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
在此地天主並沒有賜給他產業,連腳掌那麼大的地方也沒有給,卻應許了把此地賜給他和他以後的子孫做產業,雖然當時他還沒有兒子。
6 Men Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane.
天主還這樣說過:『他的子孫要僑居異地,人要奴役虐待他們,共四百年之久。』
7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
天主還說:『我要懲治那奴役他們的異民。此後,他們要出來,要在這地方恭敬我。』
8 Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
天主又賜給了他割損的盟約;這樣,他生了依撒格後,第八天,給他行了割損禮。以後,依撒格生了雅各伯,雅各伯生了十二位宗祖。
9 Patriyach yo te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li
宗祖們嫉妒若瑟,把他賣到埃及,天主卻同他在一起,
10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
救他脫離了一切磨難,並在埃及王法郎面前使他得寵,有智慧,法郎就派他總理埃及和王家事務。
11 Alò yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.
後來在全埃及和客納罕發生了饑饉和大難,我們的祖先找不到食物。
12 Men lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
雅各伯聽說在埃及有糧食,就打發了我們的祖先去,這是第一次。
13 Nan dezyèm vizit la Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, efanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon.
第二次,若瑟被他的兄弟們認出來了。法郎也明悉了若瑟的親族。
14 Alò Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
若瑟遂打發人請自己的父親和所有同族前來,共計七十五人。
15 Konsa, Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la.
雅各伯下到了埃及,以後他和我們的祖先都死了;
16 Depi la kò yo te deplase retounen nan Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo.
後來他們被運到舍根,埋葬在亞巴郎用銀價從哈摩爾的兒子在舍根所買的墳墓中。
17 Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,
天主向亞巴郎所應承的恩許的時期來近了,這民族在埃及就逐漸繁殖增多起來,
18 jiskaske Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph.
直到另一位不認識若瑟的君王起來統治埃及,
19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
他就用計謀壓迫我們的親族,虐待我們的祖先,叫他們拋棄自己的嬰孩,不容生存。
20 Se te nan tan sila a ke Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li.
就在那時期梅瑟誕生了,他為天主所喜愛;在父親家中養育了三個月。
21 Epi lè l te abandonen, fi Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li.
他被拋棄後,法郎的女兒卻將他拾去,當自己的兒子養育。
22 Moïse te enstwi nan tout konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
梅瑟學習了埃及人的各種智慧;他講話辨事,都有才幹。
23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
當他滿了四十歲的時候,他心中起了看望自己的弟兄──以色列子民的願望。
24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an.
他看見一個人受欺壓,就加以衛護,為受欺負的人報仇,打死了那個埃及人。
25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.
他以為自己的弟兄明白天主要藉他的手拯救他們, 但他們卻不明白。
26 “Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
第二天,他看見他們打架,就勸他們和解說:同仁!你們原是弟兄,為什麼彼此傷害呢﹖
27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou?
那欺壓近人的推開他說:誰立了你做我們的首領和判官﹖
28 Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
難道你願意殺死我,就像昨天你殺死了那埃及人一樣嗎﹖
29 “Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
梅瑟因這句話,便逃跑了,在米德楊地方作客,在那裏生了兩個兒子。
30 “Apre karant ane te pase, Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa.
過了四十年,在西乃山的曠野裏,有一位使者在荊棘叢火燄中顯現給他。
31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li:
梅瑟一見,就奇怪這異像;他正要前去觀察,有上主的聲音說:『
32 ‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.
我是你祖先的天主,即亞巴郎、依撒格和雅各伯的天主。』梅瑟就戰慄起來,不敢前去觀察。
33 “Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen.
上主向他說:『將你腳上的鞋脫下!因為你站的地方是聖地。
34 Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
我看見了我百姓在埃及的苦楚,也聽見了他們的哀歎,遂下來拯救他們。現在你來,我要打發你到埃及去。』
35 “Menm Moïse sila a ke yo te rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a.
這梅瑟就是他們曾否定說:『誰立了你做我們的首領和判官』的,天主卻藉著在荊棘中顯現的使者的手,打發他做首領和救贖者。
36 Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a.
就是他領了他們出來,在埃及,在紅海,在曠野四十年之久,行了奇蹟異事。
37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: ‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
這人就是那給以色列子民說:『天主要從你們弟兄們中間,給你們興起一位像我似的先知』的梅瑟。
38 “Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.
就是他在曠野時,在會眾中,立在西乃山給他說話的使者和我們的祖先之間,領受生命的話,傳授給我們。
39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte.
我們的祖先卻不肯聽從他,反而拒絕他;他們的心已轉向埃及,
40 Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’
遂向亞郎說:『請給我們製造神像,在我們面前引路,因為領我們出埃及地的這位梅瑟,我們不知道他遭遇了什麼事。』
41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan zèv a pwòp men yo.
他們就在那幾天製造了一個牛犢,向那偶像奉獻祭品,並因他們手中的作品而歡樂。
42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.
於是天主轉過身去,任憑他們恭敬天上的軍旅,就如在先知書上所載的:『以色列家!你們四十年在曠野中,何嘗向我奉獻過犧牲和祭品﹖
43 Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, ak zetwal a dye Remphan an; imaj ke nou te fè pou adore yo. Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’
你們抬著摩肋客的帳幕和楞番神的星辰,為朝拜你們所製造的偶像。為此,我要把你們遷徙到巴比倫那邊去。』
44 “Zansèt nou yo te gen tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou fè, selon modèl ke li te wè a.
我們的祖先在曠野中有一個作證的帳幕,這帳幕就是天主吩咐梅瑟,按他所指示的式樣製造的。
45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.
我們的祖先相繼承受了它;當天主把異民從我們祖先的面前趕走之後,他們便同若蘇厄將此帳幕運到繼承為業之地,直到達味的時日。
46 David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.
達味在天主面前獲得了寵愛,就懇求要為雅各伯的天主尋找一個住所;
47 Men se te Salomon ki te bati yon kay pou Li.
撒羅滿便為天主建築了殿宇。
48 “Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
但至高者本不住在人手所建造的殿宇中:正如先知說:
49 ‘Syèl la se twòn Mwen, E tè a se ban pou pye Mwen. Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
『天是我的寶座,地是我的腳凳。你們要為我建築什麼樣的殿宇﹖──上主說──或者我安息的地方是怎樣的呢﹖
50 Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’
這一切不是我的手所造的嗎﹖』
51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.
執坳和心耳未受割損的人啊!你們時常反抗聖神,你們的祖先怎樣,你們也怎樣。
52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.
那一位先知,你們的祖先沒有迫害過﹖他們殺害了那些預言義人來臨的人,現在你們都成了那義人的出賣者和兇手。
53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
你們這些人接受了藉天使所傳佈的法律,卻不遵守。」
54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
他們一聽這些話,怒從心起,向他咬牙切齒。
55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye.
斯德望卻充滿了聖神,注目向天,看見天主的光榮,並看見耶穌站在天主右邊,
56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
遂說道:「看,我見天開了,並見人子站在天主右邊。」
57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa,
他們都大聲亂嚷,掩著自己的耳朵一致向他撲去,
58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
把他拉出城外,用石頭砸死了。證人脫下自己的衣服放在名叫掃祿的青年人腳前。
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”.
當他們用石頭砸斯德望的時候,他祈求說:「主耶穌!接我的靈魂去罷!」
60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
遂屈膝跪下,大聲呼喊說:「主,不要向他們算這罪債!」說了這話,就死了。