< Travay 3 >

1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.
Peter and John were on their way up to the Temple at the time of the afternoon prayer, around 3 p.m.
2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.
A man who had been lame from birth was being carried there. Every day he was placed beside the Temple gate called “Beautiful” so he could beg from the people going into the Temple.
3 Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
He saw Peter and John as they were about to enter the Temple and asked them for some money.
4 Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
Peter looked right at him. John did, too. “Look at us!” Peter said.
5 Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy.
The lame man gave them his full attention, expecting to get something from them.
6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”
“I don't have any silver or gold,” Peter told him, “but I'll give you what I have. In the name of Jesus Christ of Nazareth, walk!”
7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
Peter took him by the right hand and helped him up. Right away his feet and ankles became strong.
8 Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
He jumped to his feet, and then began to walk. He went with them into the Temple, walking and jumping and praising God.
9 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj.
Everyone there saw him walking around and praising God.
10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
They recognized him as the beggar who used to sit by the Temple's Beautiful Gate, and they were surprised and amazed at what had happened to him.
11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.
He held on tightly to Peter and John while everyone ran to them by Solomon's Porch in complete astonishment at what had happened.
12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
When Peter saw this opportunity he told them, “People of Israel, why are you surprised at what's happened to this man? Why are you staring at us as if it was by our own power or faith that we made him walk?
13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
The God of Abraham, Isaac, and Jacob—the God of our forefathers—has glorified his servant Jesus. He was the one you betrayed and rejected in the presence of Pilate, even after Pilate had decided to release him.
14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,
You rejected the one who is holy and good, and demanded a murderer be released to you.
15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.
You killed the author of life, the one God raised from the dead—and we are witnesses to this.
16 “Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
By trusting in Jesus' name this man was healed by him. You see this man here; you know him. Through trusting in Jesus this man has received complete healing right in front of all of you.
17 “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi.
Now I know, brothers and sisters, that you did this in ignorance, like your rulers.
18 Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
But God fulfilled what he had prophesied through all the prophets: that his Messiah would suffer.
19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;
Now repent, and change your ways, that your sins can be wiped away, so the Lord can send opportunities for you to heal and recover,
20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,
and send Jesus, the Messiah appointed for you.
21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an. (aiōn g165)
For he must stay in heaven until the time when everything is restored, as God announced through his holy prophets long ago. (aiōn g165)
22 “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou.
Moses said, ‘The Lord God will send you a prophet from among your own people who is like me. You must listen to everything he tells you.
23 E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’
Anybody who doesn't listen to him will be totally removed from the people.’
24 “Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
All the prophets who have spoken, from Samuel on, prophesied about these days.
25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
You are the sons of the prophets, and of the agreement which God made with your fathers when he said to Abraham, ‘From your descendants all the families of the earth will be blessed.’
26 “Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”
God prepared his Servant and sent him to you first, to bless you by turning every one of you from your evil ways.”

< Travay 3 >