< Travay 24 >

1 Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.
After. v. dayes Ananias the hye preste descended with elders and with a certayne Oratour named Tartullus and enformed the ruelar of Paul.
2 Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a,
When Paul was called forth Tartullus beganne to accuse him saying: Seynge yt we live in great quyetnes by the meanes of the and that many good thinges are done vnto this nacion thorow thy providence:
3 nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans.
that alowe we ever and in all places most myghty Felix with all thankes.
4 Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.
Notwithstondinge that I be not tedeous vnto the I praye the that thou woldest heare vs of thy curtesy a feawe wordes.
5 “Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.
We have founde this ma a pestilent felowe and a mover of debate vnto all the Iewes thorowe out the worlde and a mayntayner of ye secte of the Nazarites
6 Li te menm eseye souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li.
and hath also enforsed to pollute the temple. Whom we toke and wolde have iudged acordinge to oure lawe:
7 Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.
but the hye captayne Lisias came vpon vs and with great violence toke him awaye out of oure hodes
8 “Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”
comaundinge his accusars to come vnto the. Of who thou mayst (yf thou wilt enquyre) knowe the certayne of all these thinges where of we accuse him.
9 Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè.
The Iewes lyke wyse affermed sayinge that it was even so.
10 Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.
Then Paul (after that the rular him selfe had beckened vnto him that he shuld speake) answered: I shall with a moare quyet minde answere for my selfe for as moche as I vnderstonde yt thou hast bene of many yeares a iudge vnto this people
11 Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore.
because that thou mayst knowe yt there are yet. xii. dayes sence I went vp to Ierusalem for to praye
12 Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni koze okenn boulvèsman.
and that they nether founde me in the teple disputinge with eny man other raysinge vp the people nether in the Synagoges nor in the cite.
13 Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.
Nether can they prove ye thinges wher of they accuse me.
14 “Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vrè ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo.
But this I confesse vnto ye that after that waye (which they call heresy) so worshippe I the God of my fathers belevinge all thinges which are writte in the lawe and ye Prophetes
15 Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.
and have hope towardes God that ye same resurreccion from deeth (which they them selves loke for also) shalbe both of iust and vniust.
16 Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.
And therfore stody I to have a cleare consciece towarde God and toward man also.
17 “Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m.
But after many yeres I came and brought almes to my people and offeringes
18 Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie—
in the which they founde me purified in the teple nether with multitude nor yet wt vnquyetnes How beit there were certayne Iewes out of Asia
19 ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen.
which ought to be here present before the and accuse me yf they had ought agaynst me:
20 Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la,
or els let these same here saye if they have founde eny evyll doinge in me whill I stonde here in ye counsell:
21 ot ke sèl pawòl sa a ke m te rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”
except it be for this one voyce yt I cryed stondinge amoge the of the resurreccion fro deeth am I iudged of you this daye.
22 Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”.
When Felix hearde these thinges he deferde them for he knewe very well of yt waye and sayde: when Lisias the captayne is come I will know the vtmost of youre matters.
23 Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.
And he commaunded an vndercaptayne to kepe Paul and that he shuld have rest and that he shuld forbyd none of his aquayntauce to minister vnto him or to come vnto him.
24 Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a.
And after a certayne dayes ca Felix and his wyfe Drusilla which was a Iewas and called forth Paul and hearde him of the fayth which is toward Christ.
25 Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.”
And as he preached of righteousnes temperauce and iudgement to come Felix trembled and answered: thou hast done ynough at this tyme departe when I have a conveniet tyme I will sende for the.
26 Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.
He hoped also that money shuld have bene geven him of Paul that he myght lowse him: wherfore he called him ye oftener and comened with him.
27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.
But after two yeare Festus Porcius came into Felix roume. And Felix willinge to shewe ye Iewes a pleasure lefte Paul in preson bounde.

< Travay 24 >