< Travay 22 >
1 “Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
Brethren, and Fathers, hear now my apology to you,
2 Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di:
---(and when they heard that he spake to them in the Hebrew dialect, they the more readily kept silence, and he said, )
3 “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.
---I am indeed a Jew, born at Tarsus in Cilicia, but educated in this city at the feet of Gamaliel, accurately instructed in the law of our fathers, being zealous for God, as ye all are this day.
4 Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon,
And I persecuted those of this persuasion even unto death, binding and delivering into prisons both men and women.
5 kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
As the high priest is my witness, and all the elders: from whom I received letters to our brethren, and went to Damascus to bring those also, that were there, bound to Jerusalem, to be punished.
6 “Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen.
And it came to pass that as I was on my journey and drew nigh to Damascus, about mid-day, on a sudden a great light from heaven shone round about me:
7 Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
and I fell to the ground, and heard a voice saying unto me, Saul, Saul, why persecutest thou me?
8 “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?” “E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
And I answered, Who art thou, Lord? And He said unto me, I am Jesus of Nazareth, whom thou persecutest.
9 “Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
And they that were with me saw the light indeed, and were affrighted; but they did not hear the voice of Him that spake to me.
10 “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
And I said, Lord, what shall I do? And the Lord said unto me, Arise, and go on to Damascus, and there it shall be told thee concerning all things which are appointed for thee to do.
11 “Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
And as I could not see by reason of the glory of that light, being led by the hand by those that were with me, I came to Damascus.
12 “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo
And one Ananias, a devout observer of the law, who had a good character from all the Jews that dwelt there,
13 te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
came to me, and stood by me, and said, Brother Saul, look up: and I immediately looked up upon him.
14 “Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li.
And he said, The God of our Fathers hath before appointed thee to know his will, and to see the just One, and to hear a voice from his mouth.
15 Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo.
For thou shalt be his witness unto all men, of what thou hast seen and heard.
16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
And now why shouldst thou delay? Arise and be baptized, and wash away thy sins, calling upon the name of the Lord.
17 “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy.
And when I was returned to Jerusalem, and was praying in the temple, I was in a trance.
18 Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’
And I saw Him saying unto me, Make haste and go quickly out of Jerusalem; for they will not receive thy testimony concerning me.
19 Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo.
And I said, Lord, they themselves know that I imprisoned and scourged in the synagogues them that believed on Thee.
20 Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
And when the blood of thy martyr Stephen was shed, I also stood by and consented to his death, and kept the clothes of them that slew him.
21 “Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”
But he said unto me, Go away; for I will send thee far hence unto the Gentiles.---
22 Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
And they heard him to this word, and then they exalted their voice, saying, Away with such a fellow from the earth; for it is not fit that he should live.
23 Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè,
And as they were bawling out, and throwing off their clothes, and casting up dust into the air,
24 kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
the tribune commanded him to be brought into the castle, and ordered him to be put to the question by scourging; that he might know for what reason they so cried out against him.
25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
And as they were binding him with thongs, Paul said to the centurion that stood by, Is it lawful for you to scourge a man who is a Roman, uncondemned?
26 Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
And the centurion hearing this, went and told the tribune, saying, Consider what thou art about to do; for this man is a Roman.
27 Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?” E li te di: “Wi.”
Then the tribune came and said to him, Tell me, art thou a Roman? And he said, Yes.
28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.” Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
And the tribune replied, I obtained this freedom with a large sum of money. And Paul said, But I was free-born.
29 Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
Immediately therefore those who were going to put him to the question quitted him: and the tribune also was afraid, when he knew that he was a Roman, and because he had bound him.
30 Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.
And on the morrow, desiring to know for certain what he was accused of by the Jews, he loosed him from his bonds, and ordered the chief priests and all their council to attend; and he brought down Paul, and set him before them: