< Travay 21 >
1 Lè nou te rive nou te kite yo pou pran bato a vwal. Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.
A gdyśmy odjechali, rozstawszy się z nimi, prosto jadąc, przyjechaliśmy do Kou, a nazajutrz do Rodu, a stamtąd do Patary.
2 Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè Phénicie, nou te monte e pran vwal.
A tam znalazłszy okręt, który miał płynąć do Fenicyi, wsiadłszy weń, jechaliśmy.
3 Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.
A gdy się nam ukazał Cypr, tedy zostawiwszy go po lewej stronie, płynęliśmy do Syryi i przypłynęliśmy do Tyru; albowiem tam z okrętu towary składać miano.
4 Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.
A znalazłszy uczniów, zamieszkaliśmy tam siedm dni; którzy mówili Pawłowi przez ducha, aby nie chodził do Jeruzalemu.
5 Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.
A gdyśmy przemieszkali one dni, wyszedłszy, poszliśmy, a wszyscy nas prowadzili z żonami i z dziatkami aż za miasto, a klęknąwszy na kolana na brzegu, modliliśmy się.
6 Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.
A pożegnawszy się jedni z drugimi, wstąpiliśmy w okręt, a oni się wrócili do domu.
7 Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.
A my odprawiwszy płynienie z Tyru, przypłynęliśmy do Ptolemaidy, a pozdrowiwszy braci, zamieszkaliśmy u nich przez jeden dzień.
8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.
A nazajutrz wyszedłszy Paweł i my, którzyśmy z nim byli, przyszliśmy do Cezaryi, a wszedłszy w dom Filipa Ewangielisty, który był jeden z onych siedmiu, zostaliśmy u niego.
9 Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.
A ten miał cztery córki panny, które prorokowały.
10 Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée.
A gdyśmy tam przez niemało dni zamieszkali, przyszedł z Judzkiej ziemi prorok niektóry, imieniem Agabus.
11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
Ten przyszedłszy do nas i wziąwszy pas Pawła, a związawszy sobie ręce i nogi, rzekł: To mówi Duch Święty: Męża, którego jest ten pas, tak zwiążą w Jeruzalemie Żydowie i podadzą go w ręce poganom.
12 Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.
A gdyśmy to usłyszeli, prosiliśmy i my i ci, którzy na onem miejscu byli, aby on nie chodził do Jeruzalemu.
13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
Tedy odpowiedział Paweł: Cóż czynicie płacząc i serce mi psując? Albowiem ja nie tylko być związanym, ale i umrzeć jestem gotowy w Jeruzalemie dla imienia Pana Jezusowego.
14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”
A gdy się on nie dał namówić, daliśmy pokój, mówiąc: Niech się stanie wola Pańska.
15 Apre jou sa yo, nou te prepare pou kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem.
A po onych dniach, wziąwszy rzeczy swoje, szliśmy do Jeruzalemu.
16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.
A szli z nami i niektórzy uczniowie z Cezaryi, wiodąc z sobą tego, u któregośmy gospodą stać mieli, niejakiego Mnazona Cypryjczyka, starego ucznia.
17 Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
A gdyśmy przyszli do Jeruzalemu, wdzięcznie nas bracia przyjęli.
18 Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la.
A nazajutrz wszedł z nami Paweł do Jakóba, gdzie się byli wszyscy starsi zeszli.
19 Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.
Które pozdrowiwszy, rozpowiedział im wszystko porządnie, co Bóg uczynił między pogany przez usługę jego.
20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.
Co oni usłyszawszy, chwalili Pana i rzekli mu: Widzisz, bracie! jako jest wiele tysięcy Żydów, którzy uwierzyli; a ci wszyscy gorliwi są miłośnicy zakonu.
21 Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo.
Ale o tobie wzięli sprawę, że odwodzisz od Mojżesza wszystkich tych Żydów, którzy są między pogany, mówiąc, że nie mają obrzezywać dziatek, ani mają chodzić według ustaw zakonnych.
22 Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
Cóż tedy jest? Koniecznieć się musi zejść lud; bo usłyszą, żeś przyszedł.
23 “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve.
A przetoż czyń to, coć mówimy; Mamy tu czterech mężów, którzy na sobie ślub mają;
24 Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
Tych wziąwszy do siebie, oczyść się z nimi i uczyń nakład na nie, aby ogolili głowy; a poznają wszyscy, że to, co o tobie słyszeli, nic nie jest, ale że i ty sam chodzisz przestrzegając zakonu.
25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
A o tych, którzy uwierzyli z pogan, myśmy pisali, stanowiąc, aby nic takowego nie zachowywali, tylko aby się wystrzegali tego, co jest ofiarowane bałwanom i od krwi, i od rzeczy dławionych, i od wszeteczeństwa.
26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
Tedy Paweł wziąwszy z sobą one męże, nazajutrz oczyszczony będąc z nimi, wszedł do kościoła, opowiadając wypełnienie dni oczyszczenia, aż za każdego z nich oddana była ofiara.
27 Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.
A gdy się miało wypełnić siedm dni, niektórzy Żydowie z Azyi, ujrzawszy go w kościele, wzbudzili wszystek lud i wrzucili na niego ręce,
28 Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.”
Wołając: Mężowie Izraelscy, ratujcie! Tenci to jest człowiek, który przeciwko ludowi i zakonowi, i miejscu temu wszystkich wszędy uczy, nadto i Greki wprowadził do kościoła, i splugawił to miejsce święte.
29 Paske avan yo te konn wè Trophime, Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.
Albowiem przedtem widzieli z nim w mieście Trofima Efeskiego, o którym mniemali, żeby go Paweł wprowadził do kościoła.
30 Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen.
I wzruszyło się miasto wszystko, i zbiegł się lud; a pojmawszy Pawła, wywlekli go precz z kościoła, a zatem zaraz drzwi zamkniono.
31 Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse.
A gdy się starali, jakoby go zabili, dano znać hetmanowi wojska, iż się wzruszyło wszystko Jeruzalem.
32 Lapoula li te pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.
Który zarazem wziąwszy z sobą żołnierze i setniki, przybieżał do nich. A oni ujrzawszy hetmana i żołnierze, przestali Pawła bić.
33 Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.
Tedy hetman przybliżywszy się, pojmał go i kazał go dwoma łańcuchami związać, i wywiadywał się, kto by był i co by uczynił?
34 Men pami foul la kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan.
A jedni tak, drudzy inaczej między ludem wołali; a gdy się nic pewnego dla zgiełku dowiedzieć nie mógł, rozkazał go wieść do obozu.
35 Lè l te rive nan eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la;
A gdy był u wschodu, przydało się, że go prawie żołnierze nieśli dla gwałtu onego ludu.
36 paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: “Touye li!”
Albowiem wielki lud szedł za nim, wołając: Zgładź go.
37 Pandan Paul te prèt pou antre nan kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?” E li te reponn: “Ou konn pale Grèk?
A gdy miał być Paweł prowadzony do obozu, rzekł hetmanowi: A godzi mi się co mówić do ciebie? A on rzekł: Umiesz po grecku?
38 Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”
I nie tyżeś jest on Egipczanin, któryś przed temi dniami uczynił rozruch i wywiodłeś na puszczę cztery tysiące mężów zbójców?
39 Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”
A Paweł rzekł: Jamci jest człowiek Żyd Tarseńczyk, mieszczanin nie z podłego miasta w Cylicyi: przetoż proszę cię, dopuść mi mówić do ludu.
40 Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,
A gdy on dopuścił, Paweł stojąc na wschodzie, skinął ręką na lud. A gdy było wielkie milczenie, uczynił rzecz do nich żydowskim językiem, mówiąc: