< Travay 2 >

1 Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas.
Now when the day of Pentecost had come, they were all with one accord in one place.
2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a.
Suddenly there came from the sky a sound like the rushing of a mighty wind, and it filled all the house where they were sitting.
3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak.
Tongues like fire appeared and were distributed to them, and one sat on each of them.
4 Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
They were all filled with the Holy Spirit and began to speak with other languages, as the Spirit gave them the ability to speak.
5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la.
Now there were dwelling in Jerusalem Jews, devout men, from every nation under the sky.
6 Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
When this sound was heard, the multitude came together and were bewildered, because everyone heard them speaking in his own language.
7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?
They were all amazed and marveled, saying to one another, “Behold, aren’t all these who speak Galileans?
8 E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou?
How do we hear, everyone in our own native language?
9 Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo
Parthians, Medes, Elamites, and people from Mesopotamia, Judea, Cappadocia, Pontus, Asia,
10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo,
Phrygia, Pamphylia, Egypt, the parts of Libya around Cyrene, visitors from Rome, both Jews and proselytes,
11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
Cretans and Arabians—we hear them speaking in our languages the mighty works of God!”
12 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
They were all amazed and were perplexed, saying to one another, “What does this mean?”
13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
Others, mocking, said, “They are filled with new wine.”
14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen.
But Peter, standing up with the eleven, lifted up his voice and spoke out to them, “You men of Judea and all you who dwell at Jerusalem, let this be known to you, and listen to my words.
15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an.
For these aren’t drunken, as you suppose, seeing it is only the third hour of the day.
16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
But this is what has been spoken through the prophet Joel:
17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.
‘It will be in the last days, says God, that I will pour out my Spirit on all flesh. Your sons and your daughters will prophesy. Your young men will see visions. Your old men will dream dreams.
18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason, nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen, e yo va pwofetize.
Yes, and on my servants and on my handmaidens in those days, I will pour out my Spirit, and they will prophesy.
19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la, ak sign anba sou latè; san avèk dife, avèk vapè lafimen.
I will show wonders in the sky above, and signs on the earth beneath: blood, and fire, and billows of smoke.
20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
The sun will be turned into darkness, and the moon into blood, before the great and glorious day of the Lord comes.
21 E li va rive ke tout moun ki rele Non Senyè a va sove.’
It will be that whoever will call on the name of the Lord will be saved.’
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,
“Men of Israel, hear these words! Jesus of Nazareth, a man approved by God to you by mighty works and wonders and signs which God did by him among you, even as you yourselves know,
23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.
him, being delivered up by the determined counsel and foreknowledge of God, you have taken by the hand of lawless men, crucified and killed;
24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
whom God raised up, having freed him from the agony of death, because it was not possible that he should be held by it.
25 ‘Paske David te di sou Li: ‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an; paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
For David says concerning him, ‘I saw the Lord always before my face, for he is on my right hand, that I should not be moved.
26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
Therefore my heart was glad, and my tongue rejoiced. Moreover my flesh also will dwell in hope,
27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an. (Hadēs g86)
because you will not leave my soul in Hades, neither will you allow your Holy One to see decay. (Hadēs g86)
28 Ou fè m konnen chemen lavi yo; Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
You made known to me the ways of life. You will make me full of gladness with your presence.’
29 “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a.
“Brothers, I may tell you freely of the patriarch David, that he both died and was buried, and his tomb is with us to this day.
30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an,
Therefore, being a prophet, and knowing that God had sworn with an oath to him that of the fruit of his body, according to the flesh, he would raise up the Christ to sit on his throne,
31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ (Hadēs g86)
he foreseeing this, spoke about the resurrection of the Christ, that his soul wasn’t left in Hades, and his flesh didn’t see decay. (Hadēs g86)
32 Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
This Jesus God raised up, to which we all are witnesses.
33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
Being therefore exalted by the right hand of God, and having received from the Father the promise of the Holy Spirit, he has poured out this which you now see and hear.
34 “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di: ‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
For David didn’t ascend into the heavens, but he says himself, ‘The Lord said to my Lord, “Sit by my right hand
35 Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
until I make your enemies a footstool for your feet.”’
36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
“Let all the house of Israel therefore know certainly that God has made him both Lord and Christ, this Jesus whom you crucified.”
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
Now when they heard this, they were cut to the heart, and said to Peter and the rest of the apostles, “Brothers, what shall we do?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.
Peter said to them, “Repent and be baptized, every one of you, in the name of Jesus Christ for the forgiveness of sins, and you will receive the gift of the Holy Spirit.
39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
For the promise is to you and to your children, and to all who are far off, even as many as the Lord our God will call to himself.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
With many other words he testified and exhorted them, saying, “Save yourselves from this crooked generation!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.
Then those who gladly received his word were baptized. There were added that day about three thousand souls.
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
They continued steadfastly in the apostles’ teaching and fellowship, in the breaking of bread, and prayer.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
Fear came on every soul, and many wonders and signs were done through the apostles.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm:
All who believed were together, and had all things in common.
45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.
They sold their possessions and goods, and distributed them to all, according as anyone had need.
46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè.
Day by day, continuing steadfastly with one accord in the temple, and breaking bread at home, they took their food with gladness and singleness of heart,
47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
praising God and having favor with all the people. The Lord added to the assembly day by day those who were being saved.

< Travay 2 >