< Travay 19 >

1 Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.
かくてアポロ、コリントに居りし時、パウロ東の地方を經てエペソに到り、或 弟子たちに逢ひて、
2 Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”
『なんぢら信者となりしとき聖 靈を受けしか』と言ひたれば、彼 等いふ『いな、我らは聖 靈の有ることすら聞かず』
3 Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.
パウロ言ふ『されば何によりてバプテスマを受けしか』彼 等いふ『ヨハネのバプテスマなり』
4 Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”
パウロ言ふ『ヨハネは悔改のバプテスマを授けて、己に後れて來るもの(即ちイエス)を信ずべきことを民に云へるなり』
5 Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri.
彼 等これを聞きて主イエスの名によりてバプテスマを受く。
6 Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize.
パウロ手を彼らの上に按きしとき、聖 靈その上に望みたれば、彼ら異言を語り、かつ預言せり。
7 Te gen an tou, anviwon douz mesye.
この人々は凡て十二 人ほどなり。
8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.
ここにパウロ會堂に入りて、三个月のあひだ臆せずして神の國に就きて論じ、かつ勸めたり。
9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.
然るに或 者ども頑固になりて從はず、會衆の前に神の道を譏りたれば、パウロ彼らを離れ、弟子たちをも退かしめ、日毎にツラノの會堂にて論ず。
10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.
斯くすること二年の間なりしかば、アジヤに住む者は、ユダヤ人もギリシヤ人もみな主の言を聞けり。
11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul
而して神はパウロの手によりて尋常ならぬ能力ある業を行ひたまふ。
12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
即ち人々かれの身より或は手拭あるひは前垂をとりて病める者に著くれば、病は去り惡 靈は出でたり。
13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.”
ここに諸國 遍歴の咒文 師なるユダヤ人 數人あり、試みに惡 靈に憑かれたる者に對して、主イエスの名を呼び『われパウロの宣ぶるイエスによりて、汝らに命ず』と言へり。
14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.
斯くなせる者の中に、ユダヤの祭司長スケワの七人の子もありき。
15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”
惡 靈こたへて言ふ『われイエスを知り、又パウロを知る。然れど汝らは誰ぞ』
16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.
かくて惡 靈の入りたる人、かれらに跳びかかりて二人に勝ち、これを打拉ぎたれば、彼ら裸體になり傷を受けてその家を逃げ出でたり。
17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
此の事エペソに住む凡てのユダヤ人とギリシヤ人とに知れたれば、懼かれら一同のあひだに生じ、主イエスの名 崇めらる。
18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.
信者となりし者おほく來り、懴悔して自らの行爲を告ぐ。
19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.
また魔術を行ひし多くの者ども、その書物を持ちきたり、衆人の前にて焚きたるが、其の價を算ふれば銀 五 萬ほどなりき。
20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
主の言、大に弘りて權力を得しこと斯くの如し。
21 Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”
此 等の事のありし後、パウロ、マケドニヤ、アカヤを經てエルサレムに往かんと心を決めて言ふ『われ彼處に到りてのち必ずロマをも見るべし』
22 Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.
かくて己に事ふる者の中にてテモテとエラストとの二人をマケドニヤに遣し、自己はアジヤに暫く留る。
23 Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.
その頃この道に就きて一方ならぬ騷擾おこれり。
24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.
デメテリオと云ふ銀 細工人ありしが、アルテミスの銀の小宮を造りて細工人らに多くの業を得させたり。
25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.
それらの者および同じ類の職業 者を集めて言ふ『人々よ、われらが此の業に頼りて利 益を得ることは、汝らの知る所なり。
26 Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.
然るに、かのパウロは手にて造れる物は神にあらずと云ひて、唯にエペソのみならず、殆ど全アジヤにわたり、多くの人々を説き勸めて惑したり、これ亦なんぢらの見 聞する所なり。
27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”
かくては啻に我らの職業の輕しめらるる恐あるのみならず、また大女神アルテミスの宮も蔑せられ、全アジヤ全世界のをがむ大女神の稜威も滅ぶるに至らん』
28 Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!”
彼 等これを聞きて憤恚に滿され、叫びて言ふ『大なる哉、エペソ人のアルテミス』
29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.
かくて町 擧りて騷ぎ立ち、人々パウロの同行 者なるマケドニヤ人ガイオとアリスタルコとを捕へ、心を一つにして劇場に押入りたり。
30 Lè Paul te vle antre nan asanble a, disip yo te anpeche li.
パウロ集民のなかに入らんとしたれど、弟子たち許さず。
31 Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.
又アジヤの祭の司のうちの或 者どもも彼と親しかりしかば、人を遣して劇場に入らぬやうにと勸めたり。
32 Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.
ここに會衆おほいに亂れ、大方はその何のために集りたるかを知らずして、或 者はこの事を、或 者はかの事を叫びたり。
33 Jwif yo te mennen Alexander devan foul a. Li t ap fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la.
遂に群衆の或 者ども、ユダヤ人の推し出したるアレキサンデルに勸めたれば、かれ手を搖かして集民に辯明をなさんとすれど、
34 Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”
其のユダヤ人たるを知り、みな同音に『おほいなる哉、エペソ人のアルテミス』と呼はりて二 時間ばかりに及ぶ。
35 Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la?
時に書記役、群衆を鎭めおきて言ふ『さてエペソ人よ、誰かエペソの町が大女神アルテミス及び天より降りし像の宮守なることを知らざる者あらんや。
36 Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj.
これは言ひ消し難きことなれば、なんぢら靜なるべし、妄なる事を爲すべからず。
37 Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an.
この人々は宮の物を盜む者にあらず、我らの女 神を謗る者にもあらず、然るに汝ら之を曳き來れり。
38 Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.
もしデメテリオ及び偕にをる細工人ら、人に就きて訴ふべき事あらば、裁判の日あり、かつ司あり、彼 等おのおの訴ふべし。
39 “Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la.
もし又ほかの事につきて議する所あらば、正式の議會にて決すべし。
40 Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.”
我ら今日の騷擾につきては、何の理由もなきにより咎を受くる恐あり。この會合につきて言ひひらくこと能はねばなり』
41 Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.
斯く言ひて集會を散じたり。

< Travay 19 >