< Travay 18 >

1 Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.
Derefter forlod Paulus Athen og kom til Korinth.
2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo.
Der traf han en Jøde ved Navn Akvila, født i Pontus, som nylig var kommen fra Italien med sin Hustru Priskilla, fordi Klaudius havde befalet, at alle Jøderne skulde forlade Rom. Til disse gik han.
3 Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.
Og efterdi han øvede det samme Haandværk, blev han hos dem og arbejdede; thi de vare Teltmagere af Haandværk.
4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
Men han holdt Samtaler i Synagogen paa hver Sabbat og overbeviste Jøder og Grækere.
5 Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.
Men da Silas og Timotheus kom ned fra Makedonien, var Paulus helt optagen af at tale og vidnede for Jøderne, at Jesus er Kristus.
6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”
Men da de stode imod og spottede, rystede han Støvet af sine Klæder og sagde til dem: „Eders Blod komme over eders Hoved! Jeg er ren; herefter vil jeg gaa til Hedningerne.‟
7 Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
Og han gik bort derfra og gik ind til en Mand ved Navn Justus, som frygtede Gud, og hvis Hus laa ved Siden af Synagogen.
8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
Men Synagogeforstanderen Krispus troede paa Herren tillige med hele sit Hus, og mange af Korinthierne, som hørte til, troede og bleve døbte.
9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;
Men Herren sagde til Paulus i et Syn om Natten: „Frygt ikke, men tal og ti ikke,
10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.”
eftersom jeg er med dig, og ingen skal lægge Haand paa dig for at gøre dig noget ondt; thi jeg har et talrigt Folk i denne By.‟
11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
Og han slog sig ned der et Aar og seks Maaneder og lærte Guds Ord iblandt dem.
12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.
Men medens Gallio var Statholder i Akaja, stode Jøderne endrægtigt op imod Paulus og førte ham for Domstolen og sagde:
13 Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye kont lalwa a.”
„Denne overtaler Folk til en Gudsdyrkelse imod Loven.‟
14 Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen.
Og da Paulus vilde oplade Munden, sagde Gallio til Jøderne: „Dersom det var nogen Uret eller Misgerning, I Jøder! vilde jeg, som billigt var, taalmodigt høre paa eder.
15 Men si gen kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.”
Men er det Stridsspørgsmaal om Lære og Navne og om den Lov, som I have, da ser selv dertil; thi jeg vil ikke være Dommer over disse Ting.‟
16 Epi li te chase yo sòti devan chèz jijman an.
Og han drev dem bort fra Domstolen.
17 Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
Men alle grebe Synagogeforstanderen Sosthenes og sloge ham lige for Domstolen; og Gallio brød sig ikke om noget af dette.
18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
Men Paulus blev der endnu i mange Dage; derefter tog han Afsked med Brødrene og sejlede bort til Syrien og med ham Priskilla og Akvila, efter at han havde ladet sit Haar klippe af i Kenkreæ; thi han havde et Løfte paa sig.
19 Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.
Men de kom til Efesus; og der lod han hine blive tilbage; men han selv gik ind i Synagogen og samtalede med Jøderne.
20 Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò,
Men da de bade ham om at blive i længere Tid, samtykkede han ikke;
21 men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
men han tog Afsked og sagde: „[Jeg maa endelig holde denne forestaaende Højtid i Jerusalem; men] jeg vil atter vende tilbage til eder, om Gud vil.‟ Og han sejlede ud fra Efesus
22 Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.
og landede i Kæsarea, drog op og hilste paa Menigheden og drog saa ned til Antiokia.
23 Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
Og da han havde opholdt sig der nogen Tid, drog han bort og rejste fra Sted til Sted igennem det galatiske Land og Frygien og styrkede alle Disciplene.
24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse.
Men en Jøde ved Navn Apollos, født i Aleksandria, en veltalende Mand, som var stærk i Skrifterne, kom til Efesus.
25 Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an.
Denne var undervist om Herrens Vej, og brændende i Aanden talte og lærte han grundigt om Jesus, skønt han kun kendte Johannes's Daab.
26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
Og han begyndte at tale frimodigt i Synagogen. Men da Priskilla og Akvila hørte ham, toge de ham til sig og udlagde ham Guds Vej nøjere.
27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo.
Men da han vilde rejse videre til Akaja, skrev Brødrene til Disciplene og opmuntrede dem til at tage imod ham. Da han var kommen derhen, var han ved Guds Naade de troende til megen Nytte;
28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.
thi han gendrev Jøderne offentligt med stor Kraft og beviste ved Skrifterne, at Jesus er Kristus.

< Travay 18 >