< Travay 17 >

1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.
保罗和西拉沿途经过了暗非波里和亚波罗尼亚,来到帖撒罗尼迦,那里有犹太人的会堂。
2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo.
保罗按惯例走进会堂,一连三个安息日,都在这里根据圣经与他们进行辩论。
3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”
他解释了经文的含义,证明基督必须先死去后,然后再死而复生。他对众人说:“我向你们讲述的这位耶稣,就是基督。”
4 Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.
有的人被保罗和西拉说服了,加入了他们的行列,此外还有很多说希腊语的朝拜者,以及城里位高权重的女性。
5 Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.
但犹太人却因此而倍感嫉妒,于是从集市中找来一群流氓,凑成团伙在城里面闹事。他们冲进耶孙的家中,到处寻找保罗和西拉,要把他们交给民众。
6 Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.
但由于找不到这两名使徒,他们就把耶孙和几名信徒带到地方长官那里,叫嚣着说:“这些人素有滋事的恶名,把这世界闹得天翻地覆。现在他们来到这里,
7 Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!”
耶孙却在自己的家宅中招待这些人。他们都违背凯撒的法令,说另外还有一个王叫做耶稣,这就是叛国罪。”
8 Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.
民众和地方长官听到这番话,深感不安,
9 Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men Jason ak lòt yo, yo te lage yo.
让耶孙和其余人交了保释金后,就放了他们。
10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.
信徒们当晚就将保罗和西拉送走。二人去了比里亚,到达后便走进犹太人的会堂。
11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
这里的民众比帖撒罗尼迦人开明,他们很快就接受了主的道,每天研读圣经,确认他们所听到的是否正确。
12 Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.
很多人因此成为信徒,包括地位高贵的希腊男性和女性。
13 Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.
但帖撒罗尼迦的犹太人听说保罗又在比里亚宣讲上帝之道,便跑到那里煽动挑拨民众。
14 Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.
信徒们立刻把保罗送到海边,西拉和提摩太仍然留在比里亚。
15 Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.
护送保罗的人将他远远地带到雅典,保罗在他们返回的时候,给西拉和提摩太带去口信,让他们尽快赶去与他会和。
16 Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.
保罗在雅典等他们的时候,看见满城都是宗教神像,心中感到非常不安。
17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rakontre.
于是在会堂中与犹太人和其他崇拜上帝之人进行了辩论,此外还每天到集市中去,与所遇到的陌生人进行辩论。
18 Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.
有些伊壁鸠鲁派和斯多亚派的哲学家也同他争论。他们想知道:“这个人到底想要干什么?”由于保罗谈论了耶稣和复活,所以还有人认为:“他似乎是在宣讲外族的神。”
19 Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a.
于是他们把保罗带到亚略巴古,询问他:“请和我们讲讲你所宣扬的那个新教义?
20 Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.”
我们听说了你讲的那些事情,听起来太奇怪了,所以我们想知道那到底是什么意思。”
21 (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)
(所有雅典人和住在那里的异教徒,都非常喜欢谈论和打听新奇之事,以此打发时间)。
22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans.
保罗站上亚略巴古的中间,说:“各位雅典人,我发现你们对任何事情都抱有虔诚之心。
23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon otèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.
我走路的时候曾留意你们的圣坛,曾有一个圣坛上写着‘献给未知的神’。我要向你们讲述的上帝,就是你们所膜拜的这个未知之神。
24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm.
上帝创造世界和世间万物,他是天地的主,并未生活在人类建造的庙宇之中,
25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
他什么都不需要,也不需要我们的服务,因为他本身就是所有生灵的生命之源。
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
他从一个最初的人创造了世界上的所有人,在之前就决定了他们应该生活在哪里,应该活多久。
27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
上帝想要的是他们能够追寻上帝,能够去寻找并找到他。但其实他离我们每个人都不遥远。
28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’
我们在他的护翼下生存、活动和存在。正如你们的诗人写到:‘我们就是他的家人。’
29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa da ak refleksyon a lòm.
正因为我们是他的家人,所以不应该将上帝想象成金银石头,然后由人类用手艺和思想将其塑造形象。
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,
上帝原谅了人类过往的无知,但现在,他吩咐各处的所有人都要悔改,
31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
因为他已经定好时间,届时将由他指认的那个人,对世间进行正义审判。为了向众人证明他就是那个人,上帝会让那人死而复生。”
32 Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.
众人听到死人复活这句,便开始嘲笑他。但也有人说:“以后请回来,给我们多讲讲这件事。”
33 Konsa Paul te sòti nan mitan yo.
于是保罗就离开他们了。
34 Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.
有几个人跟随了他并且相信了上帝,包括亚略巴古的成员丢尼修、一位名叫戴马里的女子和很多其他人。

< Travay 17 >