< Travay 13 >

1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
אלה האנשים שנמנו עם המורים והנביאים בקהילת אנטיוכיה: בר־נבא, שמעון (המכונה”כושי“), לוקיוס (מקוריניה), מנחם (אחיו החורג של הורדוס) ושאול (פולוס).
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
יום אחד בשעה שהתפללו לאלוהים וצמו, אמר להם רוח הקודש:”הקדישו לי את בר־נבא ואת שאול לביצוע משימה מיוחדת!“
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
הם הוסיפו להתפלל ולצום, ולאחר מכן סמכו את ידיהם על ראשיהם של שאול ובר־נבא, ברכו אותם ושלחו אותם לדרכם.
4 Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.
בהדרכת רוח הקודש ירדו השניים לסלוקיא, ומשם הפליגו לקפריסין.
5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.
הם עגנו בעיר סלמיס, ובישרו את דבר אלוהים בבתי־הכנסת (יוחנן מרקוס היה העוזר שלהם).
6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus
לאחר מכן המשיכו לבשר בכל רחבי האי, עד שהגיעו לעיר פפוס. בעיר זאת פגשו יהודי אחד, בר־ישוע שמו, שהיה נביא שקר ועסק בכישוף.
7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
בר־ישוע היה ידיד למושל המקומי, סרגיוס פולוס. המושל, שהיה אדם נבון מאוד, הזמין את בר־נבא ופולוס לבקר אותו, משום שרצה לשמוע מפיהם את דבר האלוהים.
8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.
אולם המכשף הזה, שנקרא”אלימס“, לא רצה שהמושל יגיע לאמונה, ולכן התערב בשיחה ודרש מהמושל לא לשים לב לדבריהם של שאול ובר־נבא.
9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li.
אך שאול (הנקרא גם”פולוס“), אשר היה מלא ברוח הקודש, הביט בנביא השקר וקרא:
10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?
”בן בלייעל שכמוך! אתה מלא מרמה ופשע, ואויב מושבע של כל דבר טוב! האם לעולם לא תפסיק לסלף את דרכי האלוהים הישרים?
11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
עתה שים לב כיצד יעניש אותך אלוהים: תוכה בעיוורון זמני, ולא תראה את אור השמש.“באותו רגע כיסה ערפל את עיניו, והוא החל לגשש סביבו ולחפש מישהו שיוביל אותו בידו.
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
כשראה המושל את הנעשה, האמין באדון והשתומם על הכוח העצום של בשורת האלוהים.
13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
פולוס ומלוויו עזבו את פפוס, והפליגו בספינה לעיר פרגי שבמדינת פמפוליה. יוחנן מרקוס עזב אותם שם וחזר לירושלים,
14 Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita.
ואילו פולוס ובר־נבא המשיכו לאנטיוכיה אשר בפיסידיה. בשבת הלכו השניים לבית־הכנסת וישבו בין המתפללים.
15 Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
לאחר קריאת פרשת השבוע מן התורה, וההפטרה מהנביאים, שלחו אליהם ראשי בית־הכנסת הודעה:”אחים, אם יש לכם דבר עידוד והדרכה בשבילנו, אתם מוזמנים לדבר!“
16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:
פולוס קם על רגליו, סימן לקהל שהוא עומד לדבר, ואמר:”אנשי ישראל, וכל הבוטחים בה׳ והמכבדים אותו, הרשו לי לפתוח בסקירה היסטורית קצרה.
17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Li te mennen yo sòti ladann.
אלוהי העם הזה – אלוהי ישראל – בחר באבותינו וברך אותם מאוד בתקופת שהותם במצרים. ביד חזקה ובזרוע נטויה הוא הוציא אותם מעבדות לחירות,
18 Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
וטיפל בהם במשך ארבעים שנות נדודיהם במדבר.
19 “Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.
לאחר שהשמיד שבעה עמים בארץ כנען, הוא נתן לעם ישראל את הארץ לנחלה. כל זה ארך כ־450 שנה.
20 Apre bagay sa yo, Li te bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
”לאחר מכן מינה עליהם אלוהים שופטים עד ימיו של שמואל הנביא.
21 “Yo te mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
”בימיו של שמואל ביקש העם מלך, וה׳ נתן לו את שאול בן־קיש משבט בנימין, שמלך ארבעים שנה.
22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
אולם ה׳ הוריד אותו מכסא מלכותו, והמליך תחתיו את דוד המלך, זה שה׳ אמר עליו:’דוד בן־ישי הוא איש כלבבי, והוא יעשה את רצוני‘.
23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.
ומזרעו של דוד הקים ה׳ לישראל את המושיע המובטח, את ישוע המשיח!
24 “Avan Li te vini Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la.
”עוד לפני בואו של ישוע קרא יוחנן לעם ישראל לשוב מחטאיו, לפנות אל ה׳ ולהיטבל במים.
25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
כשסיים יוחנן את תפקידו, שאל את העם:’האם אתם חושבים שאני המשיח? לא, אינני המשיח! אבל הוא עומד לבוא, ואיני ראוי אף להתיר את שרוכי נעליו!‘
26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.
”אחי בני אברהם, ואחי הגויים היראים את האלוהים: ישועה זאת נועדה לכולנו!
27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.
תושבי ירושלים ומנהיגיהם לא הכירו את המשיח, ולא הבינו את דברי הנביאים אשר נקראו מדי שבת בבית־הכנסת. אף־על־פי־כן, כשהרגו אותו הם קיימו למעשה את דברי הנביאים.
28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri.
למרות שלא הייתה להם כל סיבה מוצדקת להוציא את ישוע להורג, דרשו מפילטוס לצלוב אותו.
29 Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
לאחר שקיימו את כל הנבואות הקשורות במותו, בלי שידעו זאת, הורידו אותו מעל הצלב וקברוהו.
30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò.
”אולם אלוהים הקים את ישוע מן המתים,
31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.
ובימים שלאחר מכן הוא נראה פעמים רבות לעיני האנשים שליוו אותו מן הגליל לירושלים. מאז ועד היום לא פסקו האנשים האלה להעיד על כך בפומבי.
32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo,
”בר־נבא ואני מבשרים לכם עתה את הבשורה הטובה הזאת: את אשר הבטיח אלוהים לאבותינו,
33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: ‘Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen fè Ou.’
הוא הגשים לנו, צאציהם, על ידי תקומת ישוע. לכך מתכוון המזמור השני בתהלים:’בני אתה, אני היום ילדתיך‘.
34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
”אלוהים הבטיח להחזירו לחיים, כדי שלא ימות עוד לעולם. אלוהים ייתן לכם את הבטחותיו הנפלאים לדוד כמו שכתוב בישעיה.
35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
במזמור טז כתוב:’לא תיתן חסידך לראות שחת‘.
36 “Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.
פסוק זה אינו מתייחס לדוד, שהרי לאחר שדוד שרת את בני דורו לפי רצון ה׳, הוא מת, נקבר וגופו נרקב.
37 Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
פסוק זה מתייחס למישהו אחר – למישהו שאלוהים החזירו לחיים ושגופו כלל לא ניזוק מריקבון המוות.
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm.
”אחים, הקשיבו! באמצעות ישוע זה אתם יכולים לקבל סליחת חטאים.
39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
כל מי שמאמין ובוטח בו משתחרר מכל אשמה, ואלוהים מצדיק אותו. התורה מעולם לא יכלה לשחרר אתכם מחטא ולהצדיקכם בעיני אלוהים.
40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale nan pwofèt yo pa vini sou nou:
היזהרו! אל תתנו לדברי הנביאים להתגשם בכם:
41 ‘Gade byen mokè yo; Vin etone, e peri! Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, yon zèv ke nou p ap janm kwè, menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
’ראו בוגדים והביטו, והתמהו תמהו, כי פֹעַל פֹּעֵל בימיכם, לא תאמינו כי יסופר‘.”כלומר, ראו והתפלאו, אתם הבזים לאמת! כי אלוהים עומד לעשות משהו בימיכם, אשר לא תאמינו בו כשיספרו לכם על כך.“
42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a.
כשיצאו פולוס ובר־נבא מבית־הכנסת, הזמינו אותם האנשים לשוב ולדבר אליהם בשבת הבאה.
43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.
בתום האסיפה בבית־הכנסת הלכו אחרי פולוס ובר־נבא הרבה יהודים וגויים יראי אלוהים. השניים שוחחו איתם ועודדו אותם לבטוח בחסדו של אלוהים.
44 Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
בשבת שלאחר מכן התקהלה כמעט כל העיר בבית־הכנסת, כדי לשמוע את דבר ה׳ מפי פולוס ובר־נבא.
45 Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
אולם כשראו מנהיגי היהודים את ההמון, נמלאו קנאה והכחישו את דבריו של פולוס בקללות ובגידופים.
46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo. (aiōnios g166)
אך פולוס ובר־נבא דיברו באומץ והצהירו:”הרגשנו שמחובתנו לבשר את דבר ה׳ קודם כל לכם – היהודים, אולם מכיוון שדחיתם אותו והוכחתם שאינכם ראויים לחיי נצח, נציע אותו לגויים! (aiōnios g166)
47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou: ‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
כי כך ציווה עלינו אלוהים:’ונתתיך לאור גוים, להיות ישועתי עד קצה הארץ‘. “
48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè. (aiōnios g166)
הגויים שמחו מאוד לשמוע את בשורת ה׳ מפי פולוס, וכל מי שנבחר לחיי נצח האמין. (aiōnios g166)
49 Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
וכך התפשט דבר ה׳ בכל הארץ.
50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
אולם מנהיגי היהודים קוממו את הנשים המכובדות ואצילות נגד פולוס ובר־נבא. הם עוררו את ההמון לרדוף את פולוס ובר־נבא ולגרשם מן העיר.
51 Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
השניים ניערו את אבק העיר מעל רגליהם והלכו לעיר איקניון,
52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
ותלמידיהם באנטיוכיה נמלאו שמחה ורוח הקודש.

< Travay 13 >