< Travay 11 >
1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.
其他门徒和住在犹太的兄弟们,也听说了异教徒接受上帝之道的事情。
2 Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li.
彼得返回耶路撒冷后,那些信守割礼的人就此与他争论。
3 Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
他们说:“你竟然进入未受割礼之人的房屋,跟他们一起吃饭!”
4 Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di:
彼得就把所发生的一切讲给他们听:
5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen.
“我在约帕城祷告的时候,恍惚间见到异象,天上降下一个东西,好像一块绑着四角的大布,落在我的面前。
6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo.
我看到布里面有动物、野兽、昆虫和飞鸟。
7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
我听见一个声音对我说:‘彼得,起来吧,把它们宰杀后食用!’
8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
我说:‘主啊,万万不可!我从不吃不纯不洁的食物。’
9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’
那天上的声音回答:‘上帝已让它洁净,不可称其不洁!’
10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
这异象重复了三次,然后所有一切就被收回天上。
11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
就在那时,该撒利亚派来找我的三个人,站在我住的房子门前。
12 “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
圣灵告诉我与他们同去,不要担心他们是谁。这六位兄弟也与我随行,我们到了哥尼流的家。
13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.
他向我们解释如何看见天使站在他家里,对他说:‘派人到约帕去,请彼得前来,
14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’
他有话要告诉你,可以让你和全家获得救赎。’
15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an.
当我开始讲话,圣灵便落在他们身上,与当初降在我们身上一样。
16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
于是我想起主所说的:‘约翰用水施洗,但你们要接受圣灵的施洗。’
17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
我们相信主耶稣基督,所以上帝就像对我们一样恩赐他们,我又有何力量阻止上帝?”
18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
众人听闻这番解释,无语辩驳,开始赞美上帝,说:“看来上帝也赐予异教徒悔改和永生的机会。”
19 Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
司提芬被迫害而被处死后,受到影响的信徒逃亡到了腓尼基、塞浦路斯和安提阿,然后只向犹太人传道。
20 Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.
有些塞浦路斯人和古利奈人信徒逃到安提阿后,也开始对希腊人传讲主耶稣。
21 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
主的力量与他们同在,所以信主和信他的人数量众多。
22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.
这事传到耶路撒冷的教会,他们就派巴拿巴去安提阿。
23 Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
但当巴拿巴到了之后,看见上帝恩典的成果,倍感喜悦,于是鼓励众人用真心真意奉献主。
24 Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyonen a Senyè a.
巴拿巴是一位善良之人,充满圣灵和信心,于是许多人归信了主。
25 Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul.
后来他到大数去找扫罗,
26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
在找到后就把他带到安提阿。在随后的一年中,他们一同在教会聚集众人,对他们进行教导。从安提阿开始,信徒们开始被成为“基督徒。”
27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
就在这段时间,有几位先知从耶路撒冷来到安提阿。
28 Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
其中一位叫做亚迦布的先知站起来,借助圣灵给出警示预言:整个世界将出现一次严重的大饥荒,(这个预言在革老丢时期果然成真了。)
29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.
于是信徒们决定根据各人的力量捐款,帮助住在犹太的兄弟。
30 Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.
他们在捐款后,让巴拿巴和扫罗把钱送到长老那里。