< Travay 10 >
1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.
Bil je pa neki mož v Cezareji po imenu Kornelij, stotnik trume, ktera se je imenovala Italijska,
2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
Pobožen in bogaboječ z vso hišo svojo, kteri je dajal veliko miloščine ljudém, in je molil k Bogu neprenehoma;
3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
Videl je v prikazni razločno, okoli devete ure dné, angelja Božjega, da je prišel k njemu, in mu je rekel: Kornelij!
4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.
On pa, pogledavši na-nj in uplašivši se, reče: Kaj je, Gospod? Pa mu reče: Molitve tvoje in miloščine tvoje so prišle v spomin pred Bogom.
5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre.
In sedaj pošlji v Jopo móž, in pokliči Simona, kteri ima priimek Peter;
6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”
On gostuje pri nekem Simonu strojarji, komur je hiša pri morji: on ti bo povedal, kaj ti je treba storiti.
7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan.
Ko je pa angelj, kteri je s Kornelijem govoril, odšel, pokliče dva od domačih svojih, in pobožnega vojaka izmed teh, kteri so mu služili;
8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.
In razloživši jim vse, pošlje jih v Jopo.
9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye.
A drugi dan, ko so bili ti na poti in so se mestu bližali, izide Peter na streho molit, okoli šeste ure,
10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv.
In postane lačen, in hotel je jesti. Ko so pa oni pripravljali, zamakne se,
11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè.
In ugleda nebo odprto, in nekako posodo da shaja na-nj, kakor velik prt, za čvetere ogle privezana, in se spušča na zemljo;
12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo.
V kterej so bile vse štirinogate in divje in lazeče živali zemlje, in tice nebeške.
13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
In oglasí mu se glas: Vstani, Peter, zakolji in jej!
14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
Peter pa reče: Nikakor ne, Gospod! kajti nikoli nisem jedel kaj nagnjusnega ali nečistega.
15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
In glas mu zopet v drugo reče: Kar je Bog očistil, ne imej ti za nagnjusno.
16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.
To pa se je zgodilo trikrat. In zopet se je vzela posoda gor na nebo.
17 Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la.
Ko je pa Peter sam pri sebi strmel, kaj bi bila ta prikazen, ktero je videl, in glej, možjé, kteri so bili poslani od Kornelija, izprašali so hišo Simonovo, in stali so pred vratmi;
18 Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.
In poklicavši, vpraševali so, če Simon s priimkom Peter tu gostuje.
19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.
Ko je pa Peter premišljeval o prikazni, reče mu Duh: Glej, trije možjé te iščejo;
20 Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”
Vstani torej, in snidi, in pojdi ž njimi, brez pomišljevanja; kajti jaz sem jih poslal.
21 Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”
In Peter snide k možém, kteri so bili od Kornelija k njemu poslani, in reče: Glej, jaz sem, kterega iščete; kaj je vzrok, za voljo kterega ste prišli?
22 Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”
Oni pa rekó: Kornelij stotnik, mož pravičen in pobožen, imajoč dobro pričevanje od vsega naroda Judovskega, prejel je povelje od angelja svetega, naj te pokliče v hišo svojo, da sliši besede od tebe.
23 Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.
Tedaj jih noter pokliče in vzeme pod streho. A drugi dan izide Peter ž njimi, in nekaj bratov, kteri so bili v Jopi, odide ž njim.
24 Nan youn jou pi tà, li te antre Césarée. Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.
In drugi dan vnidejo v Cezarejo; a Kornelij jih je pričakoval, sklicavši rojake svoje in bližnje prijatelje.
25 Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.
Ko se pa zgodi, da Peter vnide, pride mu Kornelij naproti, in pade na noge, ter se pokloni.
26 Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”
Peter pa ga vzdigne, govoreč: Vstani! tudi jaz sem človek.
27 Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini.
In govoreč ž njim, vnide in najde jih veliko zbranih,
28 Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp.
In reče jim: Vi véste, kako nespodobno je možu Judu družiti se ali hoditi k tujcu; in meni je Bog pokazal, naj ne imenujem nikogar nagnjusnega ali nečistega.
29 Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”
Za to sem tudi brez pomišljevanja prišel, ko sem bil poklican. Vprašujem torej, iz kterega vzroka ste me poklicali?
30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.
In Kornelij reče: Od četrtega dné noter do te ure sem se postil, in ob devetej uri sem molil v hiši svojej; in glej, mož se postavi pred menoj v svetlem oblačilu, in reče:
31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.
Kornelij, uslišana je molitev tvoja, in miloščine tvoje so v spominu pred Bogom.
32 Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’
Pošlji torej v Jopo, in pokliči Simona s priimkom Petra; on gostuje v hiši Simona strojarja pri morji: on ti bo povedal, ko pride.
33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
Za to sem precej poslal k tebi; in ti si prav storil, da si prišel. Sedaj torej vsi mí pred Bogom stojimo, da slišimo vse, kar ti je zapovedano od Boga.
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,
Tedaj Peter odpre usta, in reče: V resnici vidim, da Bog ne gleda na lice,
35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
Nego v vsakem narodu, kdor se ga bojí in dela pravico, prijeten mu je.
36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
Besedo, ktero je poslal sinovom Izraelovim, oznanjujoč mir po Jezusu Kristusu (ta je vsem Gospod):
37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a;
Vi véste, kaj se je zgodilo po vsej Judeji, počenši od Galileje, po krstu, kterega je oznanjeval Janez:
38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
Jezusa iz Nazareta, kako ga je pomazilil Bog z Duhom svetim in močjó; kteri je prešel, delajoč dobroto in uzdravljajoč vse, ktere je bil hudič posedel, ker je bil Bog ž njim.
39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa.
In mi smo priče vsemu, kar je storil v deželi Judovskej, in v Jeruzalemu: kterega so na les obesili in umorili.
40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib
Tega je Bog obudil tretji dan, in dal mu je, da se je pokazal.
41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.
Ne vsemu ljudstvu, nego pričam poprej izvoljenim od Boga, nam, kteri smo ž njim jedli in pili, potem ko je bil vstal od mrtvih,
42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
In ukazal nam je, naj oznanjujemo ljudstvu, in pričamo, da je on odločeni od Boga sodnik živih in mrtvih.
43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
Temu vsi preroki pričajo, da bo po imenu njegovem prejel odpuščanje grehov vsak, kdor veruje va-nj.
44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
Ko je Peter še govoril te besede, pade Duh sveti na vse, kteri so poslušali.
45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou.
In zavzemó se verni iz obreze, kteri so bili s Petrom prišli, da se je tudi na pogane izlil dar Duha svetega;
46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye. Alò, Pierre te reponn:
Kajti slišali so jih govoriti jezike, in poveličevati Boga. Tedaj odgovorí Peter:
47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?”
Ali more kdo vodo zabraniti, da se ne bi krstili ti, ki so Duha svetega prejeli, kakor tudi mi?
48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri. Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
In ukaže jih krstiti v ime Gospoda. Tedaj ga zaprosijo, naj bi ostal pri njih nekoliko dnî.