< 2 Timote 1 >

1 Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,
پولس به اراده خدا رسول مسیح عیسی، برحسب وعده حیاتی که در مسیح عیسی است،۱
2 a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
فرزند حبیب خود تیموتاوس را. فیض و رحمت و سلامتی از جانب خدای پدرو خداوند ما عیسی مسیح باد.۲
3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen
شکر می‌کنم آن خدایی را که از اجداد خودبه ضمیر خالص بندگی او را می‌کنم، چونکه دائم در دعاهای خود تو را شبانه‌روز یاد می‌کنم،۳
4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
و مشتاق ملاقات تو هستم چونکه اشکهای تورا بخاطر می‌دارم تا از خوشی سیر شوم.۴
5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.
زیرا که یاد می‌دارم ایمان بی‌ریای تو را که نخست درجده ات لوئیس و مادرت افنیکی ساکن می‌بود ومرا یقین است که در تو نیز هست.۵
6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
لهذا بیاد تومی آورم که آن عطای خدا را که بوسیله گذاشتن دستهای من بر تو است برافروزی.۶
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
زیرا خداروح جبن را به ما نداده است بلکه روح قوت ومحبت و تادیب را.۷
8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,
پس از شهادت خداوند ما عار مدار و نه ازمن که اسیر او می‌باشم، بلکه در زحمات انجیل شریک باش برحسب قوت خدا،۸
9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, (aiōnios g166)
که ما را نجات داد و به دعوت مقدس خواند نه به حسب اعمال ما بلکه برحسب اراده خود و آن فیضی که قبل ازقدیم الایام در مسیح عیسی به ما عطا شد. (aiōnios g166)۹
10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.
اماالحال آشکار گردید به ظهور نجات‌دهنده ماعیسی مسیح که موت را نیست ساخت و حیات وبی فسادی را روشن گردانید بوسیله انجیل،۱۰
11 Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo.
که برای آن من واعظ و رسول و معلم امت‌ها مقررشده‌ام.۱۱
12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
و از این جهت این زحمات را می‌کشم بلکه عار ندارم چون می‌دانم به که ایمان آوردم ومرا یقین است که او قادر است که امانت مرا تا به آن روز حفظ کند.۱۲
13 Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
نمونه‌ای بگیر از سخنان صحیح که از من شنیدی در ایمان و محبتی که در مسیح عیسی است.۱۳
14 Veye byen, selon lespri Sen ki demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
آن امانت نیکو را بوسیله روح‌القدس که در ما ساکن است، حفظ کن.۱۴
15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
از این آگاه هستی که همه آنانی که در آسیا هستند، از من رخ تافته‌اند که از آنجمله فیجلس و هرموجنس می‌باشند.۱۵
16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;
خداوند اهل خانه انیسیفورس را ترحم کناد زیرا که او بارها دل مرا تازه کرد و از زنجیر من عار نداشت،۱۶
17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen.
بلکه چون به روم رسید، مرا به کوشش بسیار تفحص کرده، پیدا نمود.۱۷
18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
(خداوند بدو عطا کناد که در آن روز در حضورخداوند رحمت یابد. ) و خدمتهایی را که درافسس کرد تو بهتر می‌دانی.۱۸

< 2 Timote 1 >