< 2 Timote 4 >

1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an:
我在天主和那要審判生死者的基督耶穌前,指著衪的顯現和衪的國,懇求你
2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
務要宣講真道,不論順境逆境,總要堅持不變;以百般的忍耐和各樣的教訓去反駁,去責斥,去勸勉。
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.
因為時刻將到,那時人不接受健全的道理,反而耳朵發癢,順從自己的情慾,為自己攏聚許多師傅;
4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
且掩耳不聽真理,偏去聽那無稽的傳說。
5 Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
至於你,在一切事上務要慬慎,忍受堅苦,作傳揚福音的工作,完成你的職務。
6 Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive.
因為我已被奠祭,我離世的時期已經近了。
7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.
這場好仗,我已打完;這場賽跑,我已跑到終點,這信仰,我已保持了。
8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
從今以後,正義的冠冕已為我預備下了,就是主,正義的審判者,到那一日必要賞給我,不但賞給我,也賞給一切愛慕衪顯現的人。
9 Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit,
你要趕快到我這裏來,
10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. (aiōn g165)
德瑪斯因愛現世,已離棄我到得撒洛尼去了;克勒斯刻去了迦拉達,弟鐸去了達耳瑪提雅, (aiōn g165)
11 Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.
只有路加同我在一起。你要帶著馬爾谷脰你一起來,因為他在職務為我是有用的。
12 Men Tychique, mwen te voye li Éphèse.
至於提希苛,我派他到厄弗所去了。
13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
我留在特洛阿卡爾頗家中的那件外衣,你來時務必帶上,還有那幾卷書,尤其那幾些羊皮卷。
14 Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.
銅匠亞歷山大使我受許多苦,主將照他所行的報應他。
15 Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
這人你也要加意提防,因為他極力反抗我們的道理。
16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.
在我初次堂時,沒有人在我身邊旁,眾人都都離棄了我,我願天主不歸罪於他們!
17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
但是主卻在我左右,堅固了我,使福音的宣講藉著我而完成,使一切外邦人都能聽見;我也從獅子口中疲救了出來。
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen. (aiōn g165)
主要救我脫各種凶惡的事,也要我安全地進入衪天上的國。願光榮歸於衪,於無窮世之世,阿們。 (aiōn g165)
19 Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.
請問候普黎斯加、阿桂拉和敖乃息佛洛一家。
20 Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.
厄辣斯托仍留在格林多時,特洛斐摩因患病,我將他留在米米肋托。
21 Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
你要趕快在冬天以前來到。歐步羅、普登、理諾、克勞狄雅和所有的弟兄都問候你。
22 Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.
主與你的心靈同在! 願恩寵與你們同在。

< 2 Timote 4 >