< 2 Timote 3 >

1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini.
But know this, that in the last days terrible times will come.
2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa,
For people will be lovers of self, lovers of money, boastful, arrogant, blasphemers, disobedient to parents, unthankful, unholy,
3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,
unloving, unforgiving, slanderers, without self-control, brutal, hateful of good,
4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye;
treacherous, reckless, conceited, lovers of pleasure rather than lovers of God;
5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.
holding a form of godliness, but having denied the power thereof. Turn away from these, also.
6 Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite,
For among them are those who crawl into households and take captive weak-willed women weighed down with sins, led away by various passions and pleasures,
7 k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.
always learning, and never able to come to the knowledge of the truth.
8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
Even as Jannes and Jambres opposed Moses, so do these also oppose the truth; people corrupted in mind, disapproved concerning the faith.
9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
But they will proceed no further. For their folly will be evident to all, as theirs also was.
10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans
But you did follow my teaching, conduct, purpose, faith, patience, love, steadfastness,
11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!
persecutions, and sufferings: those things that happened to me at Antioch, Iconium, and Lystra. I endured those persecutions. Out of them all the Lord delivered me.
12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.
Yes, and all who desire to live godly in Messiah Yeshua will suffer persecution.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.
But evil people and impostors will grow worse and worse, deceiving and being deceived.
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a.
But you remain in the things which you have learned and have been assured of, knowing from whom you have learned them.
15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
From infancy, you have known the holy Scriptures which are able to make you wise for salvation through faith, which is in Messiah Yeshua.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati.
All Scripture is God-breathed and profitable for teaching, for reproof, for correction, and for training in righteousness,
17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
that the person of God may be complete, thoroughly equipped for every good work.

< 2 Timote 3 >