< 2 Timote 2 >

1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.
So vert då du, son min, sterk ved nåden i Kristus Jesus!
2 Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
Og det som du hev høyrt av meg i nærvære av mange vitne, gjev det yver til trufaste menneskje, som er duglege til ogso å læra andre!
3 Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.
Lid vondt med meg som ein god Kristi Jesu stridsmann!
4 Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
Ingen som gjer hertenesta, fløkjer seg inn i livsens syslor, so han kann tekkjast herføraren.
5 Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
Men um ein og strider i tevling, so fær han då ikkje kransen dersom han ikkje strider retteleg.
6 Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
Den bonde som arbeider, skal fyrst njota frukterne.
7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
Skyna det som eg segjer! for Herren skal gjeva deg skyn på alt.
8 Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an.
Kom Jesus Kristus i hug, som er uppvekt frå dei daude, av Davids ætt, etter mitt evangelium,
9 Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.
det som eg lid vondt for like til dette å vera bunden som ein illgjerdsmann; men Guds ord er ikkje bunde.
10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl. (aiōnios g166)
Difor toler eg alt for dei utvalde skuld, for at dei og skal vinna frelsa i Kristus Jesus med æveleg herlegdom. (aiōnios g166)
11 “Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.
Det er eit sant ord; for er me daude med honom, skal me og leva med honom;
12 Si nou andire, nou va osi renye avèk Li. Si nou rejte Li, Li tou va rejte nou.
held me ut, skal me og styra med honom; forneittar me, skal han og forneitta oss;
13 Si nou pa fidèl Li rete fidèl; paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
er me trulause, so er han trufast; seg sjølv kann han ikkje forneitta.
14 Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo.
Minn um dette, med di du vitnar for Herrens åsyn, at dei ikkje må liggja i ordstrid, som ikkje er til noko gagn, men til undergang for dei som høyrer på!
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
Legg vinn på å framstella deg sjølv som sannrøynd for Gud, ein arbeidar som ikkje tarv skjemmast, med di du lærer sannings-ordet retteleg!
16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
Men haldt deg frå det vanheilage tome svall! for dei gjeng alltid lenger i gudløysa,
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:
og ordi deira kjem til å eta um seg som daudkjøt; millom deim er Hymenæus og Filetus,
18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
som hev fare vilt frå sanningi, med di dei segjer at uppstoda alt hev vore, og dei riv ned trui hjå sume.
19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
Men Guds faste grunnvoll stend og hev dette innsigle: «Herren kjenner sine, » og: «Kvar den som nemner Herrens namn, skal vika frå urettferd.»
20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore.
Men i eit stort hus er det ikkje berre kjerald av gull og sylv, men og av tre og leir, og nokre til æra, andre til vanæra.
21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
Um nokon då held seg rein frå desse, so skal han vera eit kjerald til æra, helga og nytlegt for husbonden, tilreidt til all god gjerning.
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
Men fly frå dei ungdomslege lyster, og trå etter rettferd, tru, kjærleik, fred med deim som påkallar Herren av eit reint hjarta!
23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
Og vis ifrå deg dei dårlege og fåvise stridsspursmål, då du veit at dei føder strid!
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,
Men ein Herrens tenar må ikkje strida, men vera mild imot alle, dugleg til å læra frå seg, viljug til å tola vondt,
25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,
so han med spaklynde tuktar dei som segjer imot, um Gud då ein gong vilde gjeva deim umvending, so dei kunde kjenna sanningi,
26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
og vakna or ruset i djevelens snara, han som dei er fanga av til å gjera hans vilje.

< 2 Timote 2 >