< 2 Samyèl 7 >

1 Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo,
王其家に住にいたり且ヱホバ其四方の敵を壞てかれを安らかならしめたまひし時
2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”
王預言者ナタンに云けるは視よ我は香柏の家に住む然ども神の櫃は幔幕の中にあり
3 Nathan te di a wa a: “Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.”
ナタン王に云けるはヱホバ汝と共に在せば往て凡て汝の心にあるところを爲せ
4 Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di:
其夜ヱホバの言ナタンに臨みていはく
5 “Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, “Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann?
往てわが僕ダビデに言へヱホバ斯く言ふ汝わがために我の住むべき家を建んとするや
6 Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak.
我はイスラエルの子孫をエジプトより導き出せし時より今日にいたるまで家に住しことなくして但天幕と幕屋の中に歩み居たり
7 Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’
我イスラエルの子孫と共に凡て歩める處にて汝ら何故に我に香柏の家を建ざるやとわが命じてわが民イスラエルを牧養しめしイスラエルの士師の一人に一言も語りしことあるや
8 Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël.
然ば汝わが僕ダビデに斯く言ふべし萬軍のヱホバ斯く言ふ我汝を牧場より取り羊に隨ふ所より取りてわが民イスラエルの首長となし
9 Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo.
汝がすべて往くところにて汝と共にあり汝の諸の敵を汝の前より斷さりて地の上の大なる者の名のごとく汝に大なる名を得さしめたり
10 Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan,
又我わが民イスラエルのために處を定めてかれらを植つけかれらをして自己の處に住て重て動くことなからしめたり
11 menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou.
また惡人昔のごとくまたわが民イスラエルの上に士師を立てたる時よりの如くふたたび之を惱ますことなかるべし我汝の諸の敵をやぶりて汝を安かならしめたり又ヱホバ汝に告ぐヱホバ汝のために家をたてん
12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li.
汝の日の滿て汝が汝の父祖等と共に寝らん時に我汝の身より出る汝の種子を汝の後にたてて其國を堅うせん
13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan.
彼わが名のために家を建ん我永く其國の位を堅うせん
14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.
我はかれの父となり彼はわが子となるべし彼もし迷はば我人の杖と人の子の鞭を以て之を懲さん
15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an.
されど我の恩惠はわが汝のまへより除きしサウルより離れたるごとくに彼よりは離るることあらじ
16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”
汝の家と汝の國は汝のまへに永く保つべし汝の位は永く堅うせらるべし
17 An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.
ナタン凡て是等の言のごとくまたすべてこの異象のごとくダビデに語りければ
18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: “Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la?
ダビデ王入りてヱホバの前に坐していひけるは主ヱホバよ我は誰わが家は何なればか爾此まで我を導きたまひしや
19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE
主ヱホバよ此はなほ汝の目には小き事なり汝また僕の家の遥か後の事を語りたまへり主ヱホバよ是は人の法なり
20 Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE!
ダビデ此上何を汝に言ふを得ん其は主ヱホバ汝僕を知たまへばなり
21 Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen.
汝の言のためまた汝の心に隨ひて汝此諸の大なることを爲し僕に之をしらしめたまふ
22 Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.
故に神ヱホバよ爾は大なり其は我らが凡て耳に聞る所に依ば汝の如き者なくまた汝の外に神なければなり
23 Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo.
地の何れの國か汝の民イスラエルの如くなる其は神ゆきてかれらを贖ひ己の民となして大なる名を得たまひまた彼らの爲に大なる畏るべき事を爲したまへばなり即ち汝がエジプトより贖ひ取たまひし民の前より國々の人と其諸神を逐拂ひたまへり
24 Paske Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.
汝は汝の民イスラエルをかぎりなく汝の民として汝に定めたまへりヱホバよ汝はかれの神となりたまふ
25 “Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a.
されば神ヱホバよ汝が僕と其家につきて語りたまひし言を永く堅うして汝のいひしごとく爲たまへ
26 Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’
ねがはくは永久に汝の名を崇めて萬軍のヱホバはイスラエルの神なりと曰しめたまへねがはくは僕ダビデの家をして汝のまへに堅く立しめたまへ
27 Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.
其は萬軍のヱホバ、イスラエルの神よ汝僕の耳に示して我汝に家をたてんと言たまひたればなり 是故に僕此祈祷を汝に爲す道を心の中に得たり
28 “Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a.
主ヱホバよ汝は神なり汝の言は眞なり汝この惠を僕に語りたまへり
29 Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”
願くは僕の家を祝福て汝のまへに永く続くことを得さしめたまへ其は主ヱホバ汝これを語りたまへばなりねがはくは汝の祝福によりて僕の家に永く祝福を蒙らしめたまへ

< 2 Samyèl 7 >