< 2 Samyèl 6 >

1 Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil.
וַיֹּסֶף עוֹד דָּוִד אֶת־כָּל־בָּחוּר בְּיִשְׂרָאֵל שְׁלֹשִׁים אָֽלֶף׃
2 Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa Non an, vrè non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an.
וַיָּקָם ׀ וַיֵּלֶךְ דָּוִד וְכָל־הָעָם אֲשֶׁר אִתּוֹ מִֽבַּעֲלֵי יְהוּדָה לְהַעֲלוֹת מִשָּׁם אֵת אֲרוֹן הָאֱלֹהִים אֲשֶׁר־נִקְרָא שֵׁם שֵׁם יְהוָה צְבָאוֹת יֹשֵׁב הַכְּרֻבִים עָלָֽיו׃
3 Yo te plase lach Bondye a sou yon kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la.
וַיַּרְכִּבוּ אֶת־אֲרוֹן הָֽאֱלֹהִים אֶל־עֲגָלָה חֲדָשָׁה וַיִּשָּׂאֻהוּ מִבֵּית אֲבִינָדָב אֲשֶׁר בַּגִּבְעָה וְעֻזָּא וְאַחְיוֹ בְּנֵי אֲבִינָדָב נֹהֲגִים אֶת־הָעֲגָלָה חֲדָשָֽׁה׃
4 Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la.
וַיִּשָּׂאֻהוּ מִבֵּית אֲבִֽינָדָב אֲשֶׁר בַּגִּבְעָה עִם אֲרוֹן הָאֱלֹהִים וְאַחְיוֹ הֹלֵךְ לִפְנֵי הָאָרֽוֹן׃
5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk lap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.
וְדָוִד ׀ וְכָל־בֵּית יִשְׂרָאֵל מְשַֽׂחֲקִים לִפְנֵי יְהוָה בְּכֹל עֲצֵי בְרוֹשִׁים וּבְכִנֹּרוֹת וּבִנְבָלִים וּבְתֻפִּים וּבִמְנַֽעַנְעִים וּֽבְצֶלְצֶלִֽים׃
6 Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe.
וַיָּבֹאוּ עַד־גֹּרֶן נָכוֹן וַיִּשְׁלַח עֻזָּא אֶל־אֲרוֹן הָֽאֱלֹהִים וַיֹּאחֶז בּוֹ כִּי שָׁמְטוּ הַבָּקָֽר׃
7 Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a.
וַיִּֽחַר־אַף יְהוָה בְּעֻזָּה וַיַּכֵּהוּ שָׁם הָאֱלֹהִים עַל־הַשַּׁל וַיָּמָת שָׁם עִם אֲרוֹן הָאֱלֹהִֽים׃
8 David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a.
וַיִּחַר לְדָוִד עַל אֲשֶׁר פָּרַץ יְהוָה פֶּרֶץ בְּעֻזָּה וַיִּקְרָא לַמָּקוֹם הַהוּא פֶּרֶץ עֻזָּה עַד הַיּוֹם הַזֶּֽה׃
9 Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?”
וַיִּרָא דָוִד אֶת־יְהוָה בַּיּוֹם הַהוּא וַיֹּאמֶר אֵיךְ יָבוֹא אֵלַי אֲרוֹן יְהוָֽה׃
10 Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay Obed-Édom, Gatyen an.
וְלֹֽא־אָבָה דָוִד לְהָסִיר אֵלָיו אֶת־אֲרוֹן יְהוָה עַל־עִיר דָּוִד וַיַּטֵּהוּ דָוִד בֵּית עֹבֵֽד־אֱדוֹם הַגִּתִּֽי׃
11 Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li.
וַיֵּשֶׁב אֲרוֹן יְהוָה בֵּית עֹבֵד אֱדֹם הַגִּתִּי שְׁלֹשָׁה חֳדָשִׁים וַיְבָרֶךְ יְהוָה אֶת־עֹבֵד אֱדֹם וְאֶת־כָּל־בֵּיתֽוֹ׃
12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan.
וַיֻּגַּד לַמֶּלֶךְ דָּוִד לֵאמֹר בֵּרַךְ יְהוָה אֶת־בֵּית עֹבֵד אֱדֹם וְאֶת־כָּל־אֲשֶׁר־לוֹ בַּעֲבוּר אֲרוֹן הָאֱלֹהִים וַיֵּלֶךְ דָּוִד וַיַּעַל אֶת־אֲרוֹן הָאֱלֹהִים מִבֵּית עֹבֵד אֱדֹם עִיר דָּוִד בְּשִׂמְחָֽה׃
13 Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra.
וַיְהִי כִּי צָעֲדוּ נֹשְׂאֵי אֲרוֹן־יְהוָה שִׁשָּׁה צְעָדִים וַיִּזְבַּח שׁוֹר וּמְרִֽיא׃
14 Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len.
וְדָוִד מְכַרְכֵּר בְּכָל־עֹז לִפְנֵי יְהוָה וְדָוִד חָגוּר אֵפוֹד בָּֽד׃
15 Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
וְדָוִד וְכָל־בֵּית יִשְׂרָאֵל מַעֲלִים אֶת־אֲרוֹן יְהוָה בִּתְרוּעָה וּבְקוֹל שׁוֹפָֽר׃
16 Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.
וְהָיָה אֲרוֹן יְהוָה בָּא עִיר דָּוִד וּמִיכַל בַּת־שָׁאוּל נִשְׁקְפָה ׀ בְּעַד הַחַלּוֹן וַתֵּרֶא אֶת־הַמֶּלֶךְ דָּוִד מְפַזֵּז וּמְכַרְכֵּר לִפְנֵי יְהוָה וַתִּבֶז לוֹ בְּלִבָּֽהּ׃
17 Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
וַיָּבִאוּ אֶת־אֲרוֹן יְהוָה וַיַּצִּגוּ אֹתוֹ בִּמְקוֹמוֹ בְּתוֹךְ הָאֹהֶל אֲשֶׁר נָטָה־לוֹ דָּוִד וַיַּעַל דָּוִד עֹלוֹת לִפְנֵי יְהוָה וּשְׁלָמִֽים׃
18 Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a.
וַיְכַל דָּוִד מֵהַעֲלוֹת הָעוֹלָה וְהַשְּׁלָמִים וַיְבָרֶךְ אֶת־הָעָם בְּשֵׁם יְהוָה צְבָאֽוֹת׃
19 Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.
וַיְחַלֵּק לְכָל־הָעָם לְכָל־הֲמוֹן יִשְׂרָאֵל לְמֵאִישׁ וְעַד־אִשָּׁה לְאִישׁ חַלַּת לֶחֶם אַחַת וְאֶשְׁפָּר אֶחָד וַאֲשִׁישָׁה אֶחָת וַיֵּלֶךְ כָּל־הָעָם אִישׁ לְבֵיתֽוֹ׃
20 Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”
וַיָּשָׁב דָּוִד לְבָרֵךְ אֶת־בֵּיתוֹ וַתֵּצֵא מִיכַל בַּת־שָׁאוּל לִקְרַאת דָּוִד וַתֹּאמֶר מַה־נִּכְבַּד הַיּוֹם מֶלֶךְ יִשְׂרָאֵל אֲשֶׁר נִגְלָה הַיּוֹם לְעֵינֵי אַמְהוֹת עֲבָדָיו כְּהִגָּלוֹת נִגְלוֹת אַחַד הָרֵקִֽים׃
21 Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a.
וַיֹּאמֶר דָּוִד אֶל־מִיכַל לִפְנֵי יְהוָה אֲשֶׁר בָּֽחַר־בִּי מֵֽאָבִיךְ וּמִכָּל־בֵּיתוֹ לְצַוֺּת אֹתִי נָגִיד עַל־עַם יְהוָה עַל־יִשְׂרָאֵל וְשִׂחַקְתִּי לִפְנֵי יְהוָֽה׃
22 Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”
וּנְקַלֹּתִי עוֹד מִזֹּאת וְהָיִיתִי שָׁפָל בְּעֵינָי וְעִם־הָֽאֲמָהוֹת אֲשֶׁר אָמַרְתְּ עִמָּם אִכָּבֵֽדָה׃
23 Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.
וּלְמִיכַל בַּת־שָׁאוּל לֹֽא־הָיָה לָהּ יָלֶד עַד יוֹם מוֹתָֽהּ׃

< 2 Samyèl 6 >