< 2 Samyèl 5 >
1 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.
以色列各支派聚集到赫貝龍,來見達味說:「看,我們都是你的骨肉。
2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”
以前,連撒烏耳當我們的君王時,也是你率領以色列出入征討;上主曾對你說過:你應牧養我的百姓以色列,作以色列的領袖。」
3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.
隨後,以色列所有的長老都到赫貝龍來見君王,達味君王就在赫貝龍,當上主的面同他們立了盟約;他們便給達味傅油,立他為以色列王。
4 David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan.
達味登極時已三十歲,做王四十年;
5 Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
在赫貝龍做猶大王,七年零六個月;在耶路撒冷做全以色列和猶大王三十三年。
6 Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.”
以後,達味和他的人向耶路撒冷進發,攻打住在那地方的耶步斯人,有人告訴達味說:「你決攻不進去,因為瞎眼瘸腿的也會把你趕走。」這是說:「達味決攻不進去。」
7 Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”.
但是達味卻佔領了熙雍山堡,即達味城。
8 David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
那日達味宣佈說:「凡攻打耶步斯人,從水道首先到達味所惱恨的那些瘸腿瞎眼的人那裏的,他要升為軍長和元帥。」責魯雅的兒子約阿布首先上去了,因而成了元帥。但為此有句俗語說:「有瞎眼瘸腿的在此,人是進不去的! 」
9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan.
達味住在那山堡內,稱之為達味城。達味又從米羅往裏,四周加建了城牆。
10 David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.
達味日漸強盛,上主萬軍的天主與他同在。
11 Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.
提洛王希蘭派使臣來見達味,給他送來了香柏木,派來了木匠石匠,為他建造宮室。
12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
那時,達味知道上主已堅定他為以色列王,並為了自己的百姓以色列,提高了他的王位。
13 Antretan, David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David.
達味從赫貝龍遷來以後,在耶路撒冷又娶了妻妾,生了一些子女。
14 Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
他在耶路撒冷所生兒子的名字如下:沙慕亞、芍巴布、納堂、撒羅滿、
15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia,
依貝哈爾、厄里叔亞、乃費格、雅非亞、
16 Élischama, Éliada, Éliphéleth.
厄里沙瑪、厄肋雅達和厄里培肋特。
17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.
培肋舍特人聽說:達味受傅作了以色列王,遂都上來向達味尋釁;達味一聽說,便下到堡壘中。
18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan.
培肋舍特人來到後,散布在勒法因平原內。
19 Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
那時達味求問上主說:「我可以上去攻打培肋舍特人嗎﹖你將他們交在我手中嗎﹖」上主回答達味說:「你上去,我必將培肋舍特人交在你手中。」
20 Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.
達味於是來到巴耳培辣親,在那裏擊敗了他們。達味因此說:「上主使我的敵人在我面前崩潰,如水破堤。」為此,後人稱這地方為巴耳培辣親。
21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.
培肋舍特人把自己的神像都遺棄在那裏,達味和他的人便將這些神像都帶走了。
22 Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan.
培肋舍特人又上來,散布在勒法因平原內。
23 Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.
達味又求問上主,上主說:「不要上去,但要繞到他們後方,從桑林那邊抄他們的後路。
24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
當你聽到桑樹梢上有腳步聲時,你就趕快行動,因為那時正是上主在你前面出擊培肋舍特人的軍隊。」
25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.
達味就照上主所命的行了,擊殺培肋舍特人,從基貝紅直到革則爾。