< 2 Samyèl 4 >
1 Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke Abner te mouri Hébron, li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble.
掃羅的兒子伊施波設聽見押尼珥死在希伯崙,手就發軟;以色列眾人也都驚惶。
2 Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.
掃羅的兒子伊施波設有兩個軍長,一名巴拿,一名利甲,是便雅憫支派、比錄人臨門的兒子。比錄也屬便雅憫。
3 Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a).
比錄人早先逃到基他音,在那裏寄居,直到今日。
4 Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
掃羅的兒子約拿單有一個兒子名叫米非波設,是瘸腿的。掃羅和約拿單死亡的消息從耶斯列傳到的時候,他才五歲。他乳母抱着他逃跑;因為跑得太急,孩子掉在地上,腿就瘸了。
5 Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a.
一日,比錄人臨門的兩個兒子利甲和巴拿出去,約在午熱的時候到了伊施波設的家;伊施波設正睡午覺。
6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale.
他們進了房子,假作要取麥子,就刺透伊施波設的肚腹,逃跑了。
7 Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan.
他們進房子的時候,伊施波設正在臥房裏躺在床上,他們將他殺死,割了他的首級,拿着首級在亞拉巴走了一夜,
8 Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”
將伊施波設的首級拿到希伯崙見大衛王,說:「王的仇敵掃羅曾尋索王的性命。看哪,這是他兒子伊施波設的首級;耶和華今日為我主我王在掃羅和他後裔的身上報了仇。」
9 David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo,
大衛對比錄人臨門的兒子利甲和他兄弟巴拿說:「我指着救我性命脫離一切苦難、永生的耶和華起誓:
10 lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la.
從前有人報告我說,掃羅死了,他自以為報好消息;我就拿住他,將他殺在洗革拉,這就作了他報消息的賞賜。
11 Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?”
何況惡人將義人殺在他的床上,我豈不向你們討流他血的罪、從世上除滅你們呢?」
12 Alò, David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.
於是大衛吩咐少年人將他們殺了,砍斷他們的手腳,掛在希伯崙的池旁,卻將伊施波設的首級葬在希伯崙押尼珥的墳墓裏。